BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 30
  • Flanm dife nan yon touf raje

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Flanm dife nan yon touf raje
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Yon pye pikan ki gen dife ladan l
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Moyiz chape poul li
    Liv istwa biblik mwen an
  • Aprann konnen fason Jewova aji
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Moyiz: Yon moun ki te gen lanmou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 30
Moyiz ak touf raje ki gen dife ladan l lan.

ISTWA 30

Flanm dife nan yon touf raje

MOYIZ te bat tout mòn Orèb la pou l te jwenn zèb bay mouton l yo. Li wè yon flanm dife nan yon touf raje, men touf raje a pa janm boule vre !

Moyiz di nan kè l : ‘ Men, sa a se yon bagay etranj. Ban m pwoche pi pre pou m kapab wè pi byen. ’ Etan l ap pwoche konsa, li tande yon vwa ki sot nan ti touf raje a ki di l : ‘ Pa avanse pi pre. Wete sandal ou nan pye w, paske kote w ye la a, se yon kote ki sen. ’ Se Bondye ki te sèvi ak yon zanj pou pale ak Moyiz. Lè Moyiz wè sa, li bouche figi l.

Kounye a, Bondye di konsa : ‘ Mwen wè mizè pèp mwen an ap pase ann Ejip. Mwen pral libere yo. Se ou menm m ap voye al wete pèp mwen an nan peyi Ejip. ’ Jewova pral mennen pèp li a nan bèl peyi Kanaran an.

Men, Moyiz di konsa : ‘ Mwen pa anyen. Ki jan m ap fè fè yon bagay konsa ? Men, ann sipoze mwen ale. Izrayelit yo pral mande : “ Kiyès ki voye w ? ” Lè sa a, sa m ap di yo ? ’

Bondye reponn : ‘ Men sa w ap di yo : JEWOVA, Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, se li ki voye m kote nou. ’ Epi Jewova di : ‘ Se konsa mwen rele pou toutan gen tan. ’

Moyiz di : ‘ Men, ann sipoze yo pa kwè lè m di yo se ou ki voye m. ’

Bondye mande Moyiz : ‘ Ki sa w gen nan men w la a ? ’

Moyiz reponn : ‘ Yon baton. ’

Bondye di Moyiz : ‘ Lage l atè. ’ Lè Moyiz lage baton an atè, baton an tounen yon sèpan. Apre sa, Jewova fè yon lòt mirak devan Moyiz. Li di l konsa : ‘ Antre men w anndan rad ou. ’ Moyiz obeyi. Men lè l retire men l, li wè men l vin blan tankou nèj ! Fò w ta di men l pran nan vye maladi yo rele lèp la. Ansuit, Bondye bay Moyiz pouvwa pou l fè yon twazyèm mirak. Finalman Bondye di Moyiz : ‘ Lè w a fè mirak sa yo devan Izrayelit yo, y ap kwè se mwen ki voye w. ’

Apre sa, Moyiz antre lakay li, li di Yitwo konsa : ‘ Silvouplè, kite m retounen al jwenn fanmi m ann Ejip, pou m wè ki jan yo ye. ’ Yitwo kite Moyiz ale, e men Moyiz tanmen yon vwayaj pou l retounen ann Ejip.

Egzòd 3:1-22 ; 4:1-20.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje