BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 36
  • Ti bèf annò a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ti bèf annò a
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Yo pa t kenbe pwomès yo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Ki sa Règ annò a ye?
    Repons Bib la bay
  • Aprann konnen fason Jewova aji
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 36
Izrayelit yo ap chante, y ap danse e y ap adore ti bèf annò a.

ISTWA 36

Ti bèf annò a

O ! O ! Ki sa moun yo ap fè la a ? Apa y ap priye yon ti bèf ! Poukisa y ap fè sa ?

Kòm Moyiz te fè yon pakèt tan sou mòn nan, moun yo di konsa : ‘ Nou pa konnen ki sa k rive Moyiz. Annou fè yon dye ki pou retire nou isit la. ’

Arawon, frè Moyiz la, di konsa : ‘ Dakò, retire zanno annò nou yo pot ban mwen. ’ Lè pèp la pote zanno annò yo ba li, li fonn yo epi li fè yon ti bèf annò ak yo. Kounye a, moun yo di konsa : ‘ Men Bondye nou an ki te fè nou soti nan peyi Ejip la ! ’ Epi Izrayelit yo te fè yon gwo fèt. Yo t ap adore ti bèf annò a.

Lè Jewova wè sa, li vin ankòlè. Li di Moyiz konsa : ‘ Desann anba a vit ! Se vye bagay nèt pèp la ap fè. Yo bliye lwa mwen yo e men y ap met ajenou devan yon ti bèf annò. ’

Moyiz kraze wòch plat ki te gen Dis kòmandman yo.

Moyiz kouri desann. Lè l rive toupre, li wè sa Jewova di l la se sa pèp la ap fè. Y ap mache toutotou ti bèf annò a, y ap chante, y ap danse ! Moyiz sitèlman ankòlè, li lage wòch plat ki gen lwa yo atè, yo kraze an miyèt moso. Apre sa, li pran ti bèf annò a, li fonn li, li fè l tounen farin.

Se yon vye bagay nèt pèp la fè la a. Se sa k fè, Moyiz mande kèk nan mesye yo pou yo pran epe yo. Li di yo konsa : ‘ Move moun sa yo ki t ap adore ti bèf annò a dwe mouri. ’ Se konsa, mesye yo te touye 3 000 moun ! Èske sa pa montre nou bezwen pran prekosyon pou nou pa adore lòt dye apa Jewova ?

Egzòd 32:1-35.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje