BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 49
  • Solèy la ret kanpe

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Solèy la ret kanpe
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Jozye ak moun Gabawon yo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Jozye 1:9 — “Mete kouraj sou ou [...] mete kran sou ou”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
  • Pwen enteresan nou jwenn nan liv Jozye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Gibeyonit yo gen lespri
    Liv istwa biblik mwen an
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 49
Jozye di solèy la pou l kanpe.

ISTWA 49

Solèy la ret kanpe

GADE Jozye. L ap di : ‘ Solèy, ret kanpe la ! ’ Epi solèy la ret kanpe vre. Li rete la, nan mitan syèl la, pandan tout yon jounen. Se Jewova ki fè sa rive ! Men, ann al wè sa k fè Jozye vle pou solèy la ret ap klere.

Lè senk move wa Kanaran yo kòmanse batay ak Gibeyonit yo, Gibeyonit yo voye yon moun al mande Jozye sekou. Mesaje a di Jozye konsa : ‘ Vin pote nou sekou vit ! Vin sove nou ! Tout wa ki nan zòn mòn peyi a monte vin batay ak sèvitè w yo. ’

Menm kote a, Jozye pran wout la avèk sòlda l yo. Yo fè tout nuit la ap mache. Lè yo rive Gibeyòn, sòlda senk wa yo pè, yo kòmanse ap kouri ale. Jewova fè gwo lagrèl sot tonbe nan syèl la. Gen plis sòlda ki mouri anba lagrèl pase sa sòlda Jozye yo touye.

Jozye gentan wè, talè konsa solèy la pral kouche. Donk, li t apral fènwa, e sa t ap fè anpil sòlda senk move wa yo sove ale. Lè Jozye wè sa, li priye Jewova, apre sa li di : ‘ Solèy, ret kanpe la ! ’ Sa vin fè, etan solèy la kontinye ap klere, Izrayelit yo kapab fin genyen batay la.

Men, gen anpil lòt move wa nan Kanaran ki rayi pèp Bondye a. Sa fè Jozye ak lame l la pran sis ane pou l venk 31 wa sa yo nan lagè. Lè l fini, Jozye fè separe tè Kanaran yo bay tribi ki pa t ko jwenn valè tè pa yo.

Apre anpil ane fin pase, Jozye vin mouri. Li te gen 110 an lè l mouri. Lè Jozye avèk zanmi l yo te vivan, pèp la te obeyi Jewova. Men, lè bon moun sa yo vin mouri, pèp la kòmanse nan fè sa k pa bon, epi yo te tonbe nan pwoblèm. Lè sa a, yo te vrèman bezwen pou Bondye pote yo sekou.

Jozye 10:6-15 ; 12:7-24 ; 14:1-5 ; Jij 2:8-13.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje