BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 50
  • De medam ki brav

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • De medam ki brav
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Yon nouvo chèf ak de medam ki gen kran
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • “Mwen te vin tankou yon manman pou pèp Izrayèl la”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Dezi pou w sèvi kòm volontè a fè Jewova jwenn louwanj
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 50
Barak sezi lè l tande Yayèl di l Sisera mouri nan tant li an.

ISTWA 50

De medam ki brav

CHAK fwa Izayelit yo tonbe nan pwoblèm, yo vin rele nan pye Jewova. Lè konsa, Jewova voye dirijan ki brav ba yo pou pote yo sekou. Bib la rele dirijan sa yo jij. Se Jozye ki te premye jij la. Pami jij ki vin apre Jozye yo gen Otnyèl, Ewoud ak Chamga. Men, pami moun k ap ede Izrayèl, gen de fi. Youn se Debora, lòt la se Yayèl.

Debora ak Barak

Debora se yon pwofetès. Jewova ba l enfòmasyon sou sa ki gen pou pase alavni. Lè konsa, li di pèp la sa Jewova di. Debora se yon jij tou. Li chita anba yon pye palmis ki nan mòn nan, epi moun yo vin kote l pou l ede yo rezoud pwoblèm yo genyen.

Nan menm epòk sa a, Yabin te wa Kanaran. Li te gen 900 cha. Lame Yabin nan tèlman pisan, yo fòse anpil Izrayelit vin esklav Yabin. Yo rele chèf lame wa Yabin nan Sisera.

Yon jou, Debora voye rele jij Barak, li di l konsa : ‘ Jewova di : “ Pran 10 000 gason avè w, mennen yo nan mòn Tabò. Se la m ap fè Sisera soti vin jwenn ou. M ap fè w gen laviktwa sou li ansanm ak tout lame l la. ” ’

Barak di Debora konsa : ‘ Si w pral avè m, mwen prale. ’ Debora ale avè l, men li di l konsa : ‘ Se pa ou menm non k ap jwenn merit viktwa a, paske se nan men yon fi Jewova ap lage Sisera. ’ E se sa ki rive vre.

Barak desann vin sou mòn Tabò a pou l al mache kontre ak sòlda Sisera yo. Bridsoukou, Jewova fè yon inondasyon vini, anpil nan sòlda Sisera yo mouri nwaye. Men, Sisera vole desann cha li a, e li kouri ale.

Apre yon ti moman, Sisera vin anba tant Yayèl la. Yayèl envite l antre. Lèfini, li ba l lèt pou l bwè. Lèt la fè misye pran kabicha, yon ti moman misye gentan nan fon somèy. Yayèl pran yon pikèt tant, li fonse l nan tèt nonm mechan sa a. Lè Barak vini, li montre l kadav Sisera ! Ou wè jan sa Debora te di a fèt vre ?

Finalman, yo touye wa Yabin tou. Sa fè Izrayelit yo gen lapè yo pou yon bon moman.

Jij 2:14-22 ; 4:1-24 ; 5:1-31.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje