BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 77
  • Yo refize met ajenou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo refize met ajenou
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Kiyès ki dye w?
    Koute gran Anseyan an
  • Yo pa t bese devan estati a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Entwodiksyon pou seksyon 10
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Kat jènjan nan Babilòn
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 77
Dànyèl, Chadrak, Mechak ak Abednego refize manje manje ak diven wa Neboukadnetza.

ISTWA 77

Yo refize met ajenou

OU PA sonje ou te tande pale de twa jènjan sa yo deja ? Se zanmi Danyèl yo ye. Se yo menm ki te refize manje sa ki pa t bon pou yo a. Babilonyen yo rele yo Chadrak, Mechak ak Abednego. Men, gade yo kounye a. Poukisa yo pa fè menm jan ak tout moun, pou yo met ajenou devan kalite gwo estati sa a ? Annou wè sa k fè sa.

Èske w sonje lwa Jewova te ekri ak pwòp men l ki rele Dis Kòmandman yo ? Premye Kòmandman an di : ‘ Ou pa dwe adore lòt dye apa de mwen menm. ’ Se lwa sa a timesye sa yo ap obeyi la a, menmsi se pa yon bagay ki fasil pou yo.

Neboukadnetza, anpalan de wa Babilòn nan, reyini yon pakèt gwo chabrak pou yo vin onore estati li bati a. Li apèn fin di moun yo konsa : ‘ Lè nou tande son kòn, son hap ak son lòt enstriman mizik, nou dwe met ajenou pou n adore estati annò sa a. Yon moun ki pa met ajenou pou l adore estati a, y ap tou lage l nan yon founèz dife byen cho. ’

Lè Neboukadnetza aprann Chadrak, Mechak ak Abednego pa met ajenou devan estati a, li move anpil. Li fè mennen yo ba li. Li ba yo yon lòt chans pou yo met ajenou. Men, timesye yo fè Jewova konfyans. Yo di Neboukadnetza konsa : ‘ Bondye n ap sèvi a kapab delivre nou. E menmsi li pa delivre nou, nou pap met ajenou devan estati annò w la. ’

Lè Neboukadnetza tande sa, li vin pi move toujou. Kòm gen yon founèz ki toupre a, li bay lòd sa a : ‘ Chofe founèz la, fè l sèt fwa pi cho pase jan li ye a ! ’ Li fè pi gwo potorik gason yo ki nan lame l la mare Chadrak, Mechak ak Abednego al lage yo nan founèz la. Founèz la sitèlman cho, flanm dife a touye gwo potorik gason yo. Men, sa k te rive twa timesye yo lage nan founèz la ?

Wa a voye je l nan founèz la, epi li vin pè anpil. Li mande : ‘ Èske se pa twa moun nou te mare lage nan founèz dife a ? ’

Sèvitè l yo reponn : ‘ Wi. ’

Li di : ‘ Men se kat moun mwen wè k ap mache nan mitan dife a. Yo pa gen kòd ki mare yo. Dife a pa fè yo anyen. Epi, katriyèm nan sanble ak yon dye. ’ Kounye a, wa a avanse pi pre pòt founèz la, li di byen fò : ‘ Chadrak ! Mechak ! Abednego ! Nou menm sèvitè Bondye Trèwo a, nou mèt soti ! ’

Lè mesye yo soti, tout moun konstate yo pa gen anyen. Wa a di konsa : ‘ Louwanj pou Bondye Chadrak, Mechak ak Abednego a ! Li voye zanj li pou sove yo paske yo pa t vle met ajenou pou yo adore lòt dye anwetan Bondye yo a. ’

Èske se pa yon bèl egzanp moun ki fidèl devan Jewova mesye yo ban nou ?

Egzòd 20:3 ; Danyèl 3:1-30.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje