BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 80
  • Pèp Bondye a kite Babilòn

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pèp Bondye a kite Babilòn
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Yo gen konfyans Bondye ap ede yo
    Liv istwa biblik mwen an
  • Pawòl ki sou mi an
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 80
Izrayelit yo pa esklav ankò, y ap kite Babilòn.

ISTWA 80

Pèp Bondye a kite Babilòn

SA GEN prèske dezan depi Mèd yo ak Pès yo te pran Babilòn. Gade sa k ap pase kounye a ! Wi, Izrayelit yo ap kite Babilòn. Ki jan yo fè jwenn libète ? Kiyès ki kite yo ale ?

Se Siris, wa Pès la, ki fè sa. Men sa Jewova te fè pwofèt Izayi ekri sou Siris depi lontan, anvan menm misye te fèt : ‘ Ou pral fè egzakteman sa m vle w fè a. Y ap kite baryè yo ouvri pou ou pou w kapab pran vil la. ’ E se Siris ki te alatèt lè yo t ap pran Babilòn. Kòm yo te kite baryè yo tou louvri jou swa sa a, se ladan yo Mèd yo ak Pès yo te pase.

Men, pwofèt Izayi te anonse tou Siris t apral bay lòd pou yo rebati Jerizalèm ak tout tanp li an. Èske Siris te bay lòd sa a vre ? Wi. Men sa Siris di Izrayelit yo : ‘ Kounye a, nou mèt ale Jerizalèm pou nou rebati tanp Jewova Bondye nou an. ’ Se sa menm Izrayelit yo ap fè la a.

Men, se pa tout Izrayelit yo ki kapab fè gwosè vwayaj sa a pou yo retounen Jerizalèm. Wout la long anpil. Y ap fè anviwon 800 kilomèt pou yo rive. Pou anpil nan Izrayelit yo, genyen ki twò granmoun, oubyen ki twò malad pou yo vwayaje lwen konsa. Gen lòt rezon tou ki fè yon seri de moun pa ale. Men, Siris di moun ki pa ale yo konsa : ‘ Bay moun ki pral Jerizalèm yo ajan, lò ak lòt kado pou yo al bati Jerizalèm ansanm ak tanp li an. ’

Se konsa, Izrayelit ki pral Jerizalèm yo jwenn anpil kado. Epitou, Siris ba yo bòl ak gode wa Neboukadnetza te pran nan tanp Jewova a, lè li te kraze Jerizalèm. Moun yo gen anpil bagay pou yo pote.

Izrayelit yo fè anviwon 4 mwa nan wout. Yo rive Jerizalèm atan. Sa te fè egzakteman 70 an depi Babilonyen yo te kraze vil la, e peyi a te rete san pèsonn ladan l. Men, kwak Izrayelit yo tounen lakay yo kounye a, yo pral viv kèk moman difisil, tankou jan nou pral wè sa nan lòt istwa a.

Izayi 44:28 ; 45:1-4 ; Ezra 1:1-11.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje