BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 94
  • Li renmen timoun piti

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li renmen timoun piti
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • L ap prepare apot yo pou lè l ale
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Yon diskisyon eklate
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Yon leson enpòtan sou imilite
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi bay apot li yo konsèy sou zafè bite ak peche a
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 94
Jezi kenbe yon timoun nan bra l.

ISTWA 94

Li renmen timoun piti

GADE jan Jezi kenbe yon tigason nan bra l. Ou kapab di Jezi konn pran ka timoun toutbonvre. Mesye k ap gade yo se apot li yo ye. Ki sa Jezi ap di yo la a ? Ann al wè.

Jezi sot fè yon gwo vwayaj ak apot li yo. Apot yo t ap fè diskisyon pandan yo te nan wout la. Se poutèt sa, apre vwayaj la, Jezi mande yo : ‘ Ki sa nou t ap diskite konsa sou wout la ? ’ An reyalite, Jezi te deja konnen sa yo t ap diskite a. Men, li poze yo kesyon an pou l wè sa y ap di l.

Apot yo pa reponn paske pandan yo te sou wout la, yo t ap diskite pou yo konnen kiyès ladan yo ki pi enpòtan. Gen apot ki vle gen plis enpòtans pase lòt. Ki jan Jezi pral esplike yo li pa bon pou youn vle pi enpòtan pase lòt ?

Li rele yon tigason, li mete l kanpe anfas yo tout. Apre sa li di disip li yo konsa : ‘ Mwen vle pou nou konprann sa byen, si nou pa chanje pou nou vin tankou timoun piti, nou pap janm antre nan wayòm Bondye a. Moun ki pi enpòtan nan wayòm nan, se moun ki vin tankou timoun sa a. ’ Ou konn sa k fè Jezi di sa ?

Ebyen, timoun piti pa konn fè tèt yo travay pou yo chèche gen plis enpòtans pase lòt. Donk, apot yo dwe aprann pou yo tankou timoun nan domèn sa a, e pou yo pa antre nan diskisyon youn ak lòt pou pozisyon.

Gen lòt okazyon tou kote Jezi montre jan li pran ka timoun yo. Kèk mwa apre, gen moun ki mennen pitit yo vin wè Jezi. Apot yo ap eseye anpeche yo pwoche. Men, Jezi di apot yo konsa : ‘ Kite timoun yo vin jwenn mwen, paske Wayòm Bondye a se pou moun ki sanble avèk yo li ye. ’ Lèfini, Jezi pran timoun yo nan bra l e li beni yo. Èske se pa yon bon bagay pou nou wè jan Jezi renmen timoun ?

Matye 18:1-4 ; 19:13-15 ; Mak 9:33-37 ; 10:13-16.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje