BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 115
  • Yon nouvo paradi sou tè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon nouvo paradi sou tè a
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Kiyès k ap resisite? E ki kote yo pral viv?
    Koute gran Anseyan an
  • Ki objektif Bondye pou latè ?
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • “N a wè nan Paradi a!”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Ki objektif Bondye gen pou tè a?
    Bon nouvèl Bondye bay la!
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 115
Moun yo ap jwe ak bèt yo nan Paradi sou tè a.

ISTWA 115

Yon nouvo paradi sou tè a

GADE jan pyebwa sa yo byen wo, flè yo byen bèl, mòn yo wo. Èske la a pa yon bèl kote ? Gade jan yon sèf ap manje nan pla men yon tigason. Gade lyon ak cheval sou gazon an lòt bò a. Èske w pa ta renmen viv nan yon zòn konsa ?

Bondye vle pou w viv pou toutan nan yon paradi sou tè a. Li pa vle pou anyen k ap fè moun soufri jodi a fè w soufri ou menm. Men sa Bib la pwomèt moun ki pral viv nan nouvo paradi a : ‘ Bondye ap avèk yo. Pap gen lanmò ankò. Pap gen kriye ankò. Pap gen doulè ankò. Tout ansyen bagay yo disparèt. ’

Yon tifi nan Paradi a ki gen yon  flè nan men l.

Se Jezi ki pral fè bèl chanjman sa a. Ou konn ki lè sa ap fèt ? Sa ap fèt kou Jezi fin retire mechanste ak mechan sou tè a. Sonje byen, lè Jezi te sou tè a, li te konn geri moun ki te gen tout kalite maladi, ata mò li te resisite. Jezi te fè sa pou l montre sa l pral fè sou tout tè a lè l ap Wa nan Wayòm Bondye a.

Imajine jan lavi a pral bèl nan nouvo paradi sou tè a ! Jezi pral gouvène nan syèl la ansanm avèk kèk moun li chwazi. Dirijan sa yo pral pran swen tout moun ki sou tè a e y ap veye pou tout moun gen kè kontan. Annou wè sa nou bezwen fè pou nou ka asire nou Bondye ap ban nou lavi etènèl nan nouvo paradi l la.

Revelasyon 21:3, 4 ; 5:9, 10 ; 14:1-3.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje