BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ssb kantik 6
  • Ve kretyen yo fè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ve kretyen yo fè
  • Ann chante louwanj pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Ve kretyen yo fè
    Ann chante pou Jewova
  • Ve kretyen yo fè
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Yo te fèt nan nasyon Bondye te chwazi a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Poukisa w bezwen vwe tèt ou bay Jewova?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Ann chante louwanj pou Jewova
Ssb kantik 6

Kantik 6 (13)

Ve kretyen yo fè

(Egzòd 39:30)

1. Jewova kreye linivè,

Se yon mèvèy total.

Tè a, syèl la, tout se pou li,

Se travay pwòp men pa l.

Se li ki bay souf lavi a,

L’aji ak presizyon.

Li vrèman merite tout louwanj,

Tout moun dwe l adorasyon.

2. Nasyon Izrayèl tan lontan,

Te di nan Sinayi :

‘ Jewova Dye ban nou Lalwa,

Nou dakò obeyi. ’

Wi, se Bondye ki te Mèt yo,

Nan lanmè l sove yo.

Yo ta dwe toujou chèche pwouve

Yo vwe nèt, yo pap ba l do.

3. Pou Jezi te fè sa ki jis,

Nan dlo li batize.

Ak imilite l bay tèt li

Pou l fè sa Bondye vle.

Lè l soti nan dlo Jouden an

Kòm Pitit Bondye wenn,

L al sèvi avèk obeyisans,

Li fidèl, se Bondye l krenn.

4. Nou vin devan w, o Jewova,

Pou n louwe non w ki gran.

Nou nye tèt nou, nou ba w kè nou

Ak lavi n pou toutan.

Ou te bay sèl Pitit ou a,

Ki peye chè pou nou.

Nou pap kontinye viv pou tèt pa n,

Nou deja vwe vi n ba ou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje