BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ssb kantik 81
  • Vin chante chan Wayòm nan !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Vin chante chan Wayòm nan !
  • Ann chante louwanj pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Vin chante chan Wayòm nan!
    Ann chante pou Jewova
  • Vin chante chan Wayòm nan!
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Yon chan pou Jewova
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • Bay Jewova glwa
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
Gade plis
Ann chante louwanj pou Jewova
Ssb kantik 81

Kantik 81 (181)

Vin chante chan Wayòm nan !

(Sòm 98:1)

1. Wi, gen yon chan, yon chan viktwa ki trè bèl.

Li glorifye Sila ki Siprèm nan.

Pawòl li yo ankouraje n ret fidèl.

Vini chante chan s’a ak kè kontan :

‘ Jewova Wa. Se pou n rejwi.

Syèl ak tè a, chante pou li. ’

Chan nouvo s’a di Jezi Kris vini Wa,

Se pou tout moun ba li onè toutan.

2. Avèk chan s’a, nou pwoklame Wayòm nan.

Kris ap reye, tèritwa l se latè.

Gen yon nouvo nasyon ki vin pran nesans,

E Jezi Kris ap gouvène l aklè.

‘ Pwostène nou, devan twòn Ya.

Jezi se Wa. Fè moun konn sa !

Se pou tout moun vin aprann chan Wayòm nan.

Louwe Bondye, konsa n ap jwenn byenfè. ’

3. Tout moun ki enb ka aprann chan Wayòm s’a.

Pawòl yo klè, yo bèl e yo briye.

Sou tout tè a, anpil moun ap chante li,

E yo menm tou, lòt moun yo envite :

‘ Vin adore Bondye ki fò,

L ap libere n anba lanmò. ’

Ann met ansanm pou n chante lwanj Jewova.

Chan Wayòm nan glorifye l toutbonvre.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje