BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ssb kantik 82
  • Plas jèn yo nan òganizasyon Bondye a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Plas jèn yo nan òganizasyon Bondye a
  • Ann chante louwanj pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Annou fè chemen nou reyisi
    Ann chante pou Jewova
  • Ann chèche moun ki renmen lapè
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Ann chèche moun ki renmen lapè
    Ann chante pou Jewova — Nouvo kantik
  • Lavi se yon mirak
    Ann chante pou Jewova
Gade plis
Ann chante louwanj pou Jewova
Ssb kantik 82

Kantik 82 (183)

Plas jèn yo nan òganizasyon Bondye a

(Sòm 148:12, 13)

1. Gen yon plas pou chak moun pami pèp Bondye a.

Jèn kou granmoun, l’envite louwe l chak jou.

Kantite jèn ki reponn nan vrèman anpil,

Y ap preche mesaj Wayòm nan toupatou.

Temwayaj yo bay la pote bon rezilta !

Jèn yo pwòp, yo gen bon konduit, yo zele !

Yo fè kè moun ki pi gran yo kontan anpil.

Pou Bondye yo se Temwen ki trè presye.

2. Nou menm jèn ki aprann konnen Jewova Dye,

Gen yon epòk kè kontan ki pral rive.

Jis imajine sa k ap tann nou pi devan :

Lavi nan Paradi pou letènite !

Annatandan, chak jou n ap viv anba presyon

Sistèm s’a ki pral detwi talè konsa.

Nou dwe lite ak tout fòs nou pou nou venk li.

Konsa, n ap toujou fidèl ak Jewova.

3. Jèn, w ap jwenn bon zanmi pami pèp Bondye a,

Pou ki pou w chèche zanmi nan vye monn nan ?

Se pou w konsantre ou sou bagay k ap bati w,

Bagay nou jwenn nan Pawòl Bondye nou an.

Toujou chèche èd nan men moun ki renmen ou,

Di yo tout bagay k ap trakase lespri w.

Chak jou, konte sou Bondye ki konpreyansif,

Li gen konpasyon, li se pi bon Zanmi w.

4. Nou tout fè pati kongregasyon kretyen an,

Kote Jezi ap ban nou tout sa n bezwen.

Annou ret nan plas nou bò kote l fidèlman,

Ann suiv tout konsèy li yo jiska lafen.

Pinga nou imite fason monn nan aji.

Kite Bondye pirifye n ak Pawòl li.

E ansanm, jèn kou granmoun, annou ret fidèl,

Ann louwe Bondye, konsa n ap jwenn lavi.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje