BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gt chap. 10
  • Vwayaj yo fè pou y al Jerizalèm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Vwayaj yo fè pou y al Jerizalèm
  • Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sou menm sijè a
  • Fanmi Jezi vwayaje al Jerizalèm
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi ki jèn tigason
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Ti Jezi nan tanp lan
    Liv istwa biblik mwen an
  • Jezi te aprann obeyisans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
gt chap. 10

Chapit 10

Vwayaj yo fè pou y al Jerizalèm

SEZON prentan an rive. Se moman pou Jozèf ak fanmi l ansanm ak zanmi yo ak lòt fanmi fè yon vwayaj yo abitye fè chak ane pou y al Jerizalèm pou yo selebre fèt Pak la. Yo derape pou yo fè yon vwayaj 100 kilomèt anviwon. Menm jan ak chak ane, yo gen anpil kè kontan. Kounye a, Jezi gen 12 an, e li chofe anpil pou l rive nan fèt la.

Pou Jezi ak fanmi l, fèt Pak la pa dire yon jounen sèlman. Anfèt, yo rete Jerizalèm pou fèt Pen san ledven an tou ki dire yon semèn, yon fèt yo te konsidere ki nan sezon fèt Pak la. Se poutèt sa tout vwayaj la dire anviwon de semèn, sa gen ladan l tan yo pran pou yo ale a ak tan yo pase Jerizalèm pou jis yo retounen. Men, ane sa a, akoz yon bagay ki rive ki gen rapò ak Jezi, vwayaj la dire plis tan.

Pwoblèm nan rive detan y ap sot Jerizalèm pou yo retounen lakay yo. Jozèf ak Mari panse Jezi nan mitan fanmi ak zanmi ki t ap vwayaje ansanm avèk yo. Men, lè tout moun rete yon kote pou yo pase nuit lan, paran Jezi yo pa wè l vin jwenn yo. Konsa, y al chèche Jezi pami moun yo. Men, yo pa jwenn li. Lè sa a, Jozèf ak Mari retounen Jerizalèm pou y al chèche l.

Yo chèche l pandan tout yon jounen, men yo pa rive jwenn li. Se menm bagay la ki rive dezyèm jou a. Finalman, sou twazyèm jou a, yo ale nan tanp lan. Lè yo rive, yo wè Jezi ki chita nan mitan anseyan yo nan youn nan sal yo, li t ap koute yo e li t ap poze yo kesyon.

Mari di l konsa: “Pitit mwen, poukisa w fè nou sa? Men papa w avè m ap chèche w ak kè kase.”

Jezi sezi poutèt yo pa t konnen ki kote pou yo jwenn li. Li mande yo: “Poukisa nou te oblije ap chèche m? Nou pa konnen se lakay Papa m pou m ye?”

Jezi pa konprann poukisa paran l yo pa t konn sa. Apre sa, li retounen lakay li ak paran l e li kontinye soumèt devan yo. Li kontinye gen plis sajès, li kontinye grandi, e li kontinye jwenn favè nan men Bondye ak nan men lèzòm. Wi, depi Jezi toupiti, li bay bon egzanp nonsèlman nan bay bagay espirityèl yo priyorite, men tou nan montre respè pou paran l. Lik 2:40-52; 22:7.

▪ Ki vwayaj Jezi fè regilyèman chak sezon prentan ak paran l, e konbyen tan sa dire?

▪ Ki sa k rive nan vwayaj yo te fè ak Jezi lè l te gen 12 an?

▪ Ki egzanp Jezi kite pou timoun yo jodi a?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje