BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gt chap. 24
  • Rezon ki fè Jezi te vin sou tè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Rezon ki fè Jezi te vin sou tè a
  • Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sou menm sijè a
  • Li ogmante aktivite l nan Galile
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Li zele pou adorasyon Jewova
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • A7-C Prensipal evènman nan lavi Jezi pandan l te sou tè a — Gwo kanpay predikasyon Jezi te fè nan Galile a (1ye pati)
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Pwofesi ki te akonpli sou Mesi a
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
Gade plis
Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
gt chap. 24

Chapit 24

Rezon ki fè Jezi te vin sou tè a

JEZI gen anpil aktivite nan jounen li pase nan vil Kapènawòm ak kat disip li yo, e nan aswè moun Kapènawòm mennen tout moun malad yo genyen ba li pou l ka geri yo. Sa fè l pa jwenn tan pou l ret poukont li.

Kounye a, demen maten byen bonè, pandan l toujou fè nwa, Jezi leve l al deyò poukont li. L ale nan yon zòn ki izole kote l ka priye Papa l san pa gen lòt moun la. Men, Jezi pa rive pase anpil tan poukont li, paske lè Pyè ak lòt disip yo wè li pa la, yo soti deyò pou y al chèche l.

Lè yo jwenn Jezi, Pyè di l: “Se tout moun k ap chèche w.” Moun Kapènawòm yo vle pou Jezi ret ansanm avèk yo. Yo vrèman apresye sa Jezi fè pou yo! Men, èske se sitou pou Jezi fè mirak pou l geri moun li vin sou tè a? Ki sa Jezi di konsènan kesyon sa a?

Selon sa Bib la rapòte, men sa Jezi reponn disip li yo: “Ann al lòt kote, nan bouk ki toupre yo, pou m ka preche nan zòn sa yo tou, paske se pou sa mwen vini.” Byenke moun Kapènawòm yo sipliye Jezi pou l rete, li di yo: “Mwen dwe al anonse bon nouvèl wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa Bondye te voye m.”

Vrèmanvre, Jezi te vin sou tè a sitou pou l preche Wayòm Bondye a, yon wayòm k ap sangtifye non Papa l e k ap rezoud tout pwoblèm lèzòm yo nètale. Sepandan, pou Jezi pwouve se Bondye ki voye l, li fè mirak pou l geri moun ki malad. Menm jan kèk syèk anvan sa, Moyiz te fè mirak tou pou l te montre se sèvitè Bondye li ye.

Twouve, lè Jezi kite Kapènawòm pou l al preche nan lòt vil, kat disip li yo ale avè l. Kat disip sa yo se Pyè ak frè l la, Andre, epi Jan ak frè l la, Jak. Sonje sa fè yon semèn sèlman depi Jezi te envite yo kòm premye moun k ap akonpaye l nan travay predikasyon an.

Predikasyon Jezi te fè nan Galile ak disip li yo te pote bon rezilta. Anfèt, nouvèl konsènan aktivite l te gaye rive menm nan peyi Siri. Sa vin fè gen gwo foul moun ki soti Galile, Jide ak pa lòt bò rivyè Jouden an ki vin suiv Jezi ak disip li yo. Mak 1:35-39; Lik 4:42, 43; Matye 4:23-25; Egzòd 4:1-9, 30, 31.

▪ Ki sa k rive nan demen maten apre jounen aktivite Jezi te gen nan Kapènawòm nan?

▪ Poukisa Bondye te voye Jezi sou tè a, e nan ki objektif li fè mirak li yo?

▪ Kiyès ki akonpaye Jezi nan predikasyon l ap fè nan Galile a, e ki rezilta Jezi jwenn nan aktivite l yo?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje