BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gt chap. 29
  • Li fè bèl aksyon jou saba

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li fè bèl aksyon jou saba
  • Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sou menm sijè a
  • Èske yon moun ka fè bèl aksyon jou saba a?
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Li te renmen moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Li retounen lakay li Kapènawòm
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
gt chap. 29

Chapit 29

Li fè bèl aksyon jou saba

NOU nan sezon prentan ane 31 epòk nou an. Sa gen kèk mwa depi Jezi te pale ak yon dam li te rankontre bò yon pi ki nan Samari, pandan li t ap kite Jide pou l al Galile.

Kounye a, apre Jezi fin anseye anpil moun toupatou nan Galile, li retounen Jide, kote l ap preche nan sinagòg yo. An konparezon ak jan Labib pale sou travay Jezi fè nan Galile, li pa di anpil bagay sou aktivite li mennen nan Jide pandan vizit sa a e pandan plizyè mwa li pase nan zòn nan apre dènye fèt Pak la. Sanble moun Jide yo pa t byen reyaji devan mesaj Jezi t ap preche a, kontrèman ak moun Galile yo.

Nan yon tikras tan, Jezi pran wout pou l al Jerizalèm, prensipal vil nan Jide, pou l al asiste fèt Pak la nan ane 31 epòk nou an. Twouve, nan Jerizalèm, bò Pòtay Mouton yo, gen yon pisin yo rele Betzata, kote gen yon bann moun malad, moun avèg, moun k ap bwete ki vin bò pisin nan. Yo kwè si yon moun antre nan pisin nan lè dlo a ajite li ka jwenn gerizon.

Yon jou saba, Jezi wè yon mesye ki malad depi 38 an bò pisin nan. Lè Jezi aprann mesye sa a gen lontan depi l malad, li mande l: “Èske w ta renmen vin an sante?”

Li reponn Jezi: “Mesye, mwen pa gen moun pou mete m nan pisin nan lè dlo a ajite, e lè mwen pral antre, gen yon lòt moun ki gentan desann anvan m.”

Jezi di l: “Leve, pran branka w, mache.” Menm kote a, mesye a geri, li pran branka l la e li kòmanse mache!

Men, lè Juif yo wè mesye a, yo di l: “Jodi a se saba, ou pa gen dwa ap pote branka a.”

Mesye a reponn yo: “Se moun ki geri m nan menm ki di m: ‘Pran branka w, mache.’”

Yo mande l: “Kiyès moun sa a ki di w: ‘Pran branka w, mache’ a?” Sèke Jezi te deplase paske te gen anpil moun la, e moun li te geri a pa t konn non l. Men, mesye a rankontre ak Jezi annapre nan tanp lan, e li vin konnen kiyès moun ki te geri l la.

Donk, mesye a al jwenn Juif yo, li di yo se Jezi ki te geri l. Lè Juif yo aprann sa, y al kot Jezi. Poukisa? Èske se pou yo konnen ki kote li jwenn pouvwa pou l fè bagay estrawòdinè sa yo? Non. Men se pou yo repwoche l dèske l ap fè bon bagay sa yo jou saba. E yo menm kòmanse pèsekite l! Lik 4:44; Jan 5:1-16.

▪ Konbyen tan konsa Jezi genyen depi l te fè dènye vizit li nan Jide?

▪ Poukisa gen anpil moun ki vin bò pisin ki rele Betzata a?

▪ Ki mirak Jezi fè bò pisin nan, e ki jan Juif yo reyaji?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje