BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gt chap. 32
  • Ki sa moun gen dwa fè jou saba?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa moun gen dwa fè jou saba?
  • Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa moun gen dwa fè nan jou saba a
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Yo kase kèk grap ble nan jou saba a
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Yo kase kèk grap ble yon jou saba
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Èske kretyen yo dwe obsève saba?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
gt chap. 32

Chapit 32

Ki sa moun gen dwa fè jou saba?

JEZI al vizite yon sinagòg toupre lanmè Galile yon lòt jou saba. Twouve gen yon mesye ki la ki gen men dwat li pòk. Espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo ap veye pou yo wè si Jezi ap geri mesye a. Finalman, yo mande Jezi: “Èske moun gen dwa fè gerizon jou saba?”

Chèf relijye juif yo kwè se sèlman si lavi yon moun an danje yo gen dwa pran swen moun sa a jou saba. Pa egzanp, yo anseye moun pa gen dwa mete yon zo ki dejwente nan plas li ni yo pa gen dwa mare yon antòs ak bandaj nan jou sa a. Se poutèt sa espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo ap poze Jezi kesyon pou yo ka jwenn yon rezon pou yo akize l.

Sepandan, Jezi konnen rezònman yo t ap fè nan kè yo. Anmenmtan, li rann li kont yo gen yon pwennvi ki egzajere e ki pa konfòm ak Ekriti yo sou travay ki entèdi nan jou saba. Se sa k fè Jezi fè yon aksyon ki t apral kreye pwoblèm lè l di mesye ki gen men pòk la: “Leve, vin nan mitan.”

Kounye a, Jezi vire gade espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo, li di: “Kiyès pami nou la a, si l ta gen yon mouton ki tonbe nan yon twou yon jou saba, ki pa ta pral rale l met deyò?” Piske yon mouton se lajan sere, mèt mouton an pa t ap janm kite l nan twou a pou jis demen, paske sa te ka lakòz mouton an vin malad, e lè sa a mèt mouton an t ap fè yon pèt. Anplis de sa, Ekriti yo di: “Moun ki jis la pran swen bèt li gen lakay li.”

Jezi fè yon konparezon, li di: “Lè w byen gade, èske yon moun pa gen plis valè lontan pase yon mouton? Donk, moun gen dwa fè yon bon aksyon jou saba.” Chèf relijye yo pa ka rejte yon rezònman lojik konsa ki demontre konpasyon, se poutèt sa yo pa di anyen.

Jezi santi li endiye e li tris poutèt yo refize demontre bonsans. Li gade toutotou l, apre sa li di mesye a: “Lonje men w.” Mesye a lonje men l e men an geri.

Olye Farizyen yo kontan poutèt men mesye a geri, yo soti tousuit y al fè konplo ak patizan Ewòd yo pou yo touye Jezi. Patizan Ewòd yo se yon pati politik e sanble gen Sadiseyen ladan l. Nòmalman, tout moun konnen pa gen antant ant pati politik sa a ak Farizyen yo, poutan, yo met tèt yo ansanm pou yo konbat Jezi. Matye 12:9-14; Mak 3:1-6; Lik 6:6-11; Pwovèb 12:10; Egzòd 20:8-10.

▪ Ki aksyon Jezi fè ki t apral kreye pwoblèm ant li menm ak chèf relijye juif yo?

▪ Ki sa chèf relijye juif yo kwè anrapò ak pran swen moun malad jou saba?

▪ Ak ki egzanp Jezi sèvi pou l rejte move pwennvi yo genyen?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje