BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gf leson 4 p. 6-7
  • Fason w ka aprann konnen Bondye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason w ka aprann konnen Bondye
  • Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Sou menm sijè a
  • Kilès Bondye ye ?
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • Yon lèt Bondye ki renmen nou ekri nou
    Koute gran Anseyan an
  • Kiyès Bondye ye?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Moun ki kreye tout bagay la
    Koute gran Anseyan an
Gade plis
Ou kapab vin zanmi Bondye!
gf leson 4 p. 6-7

LESON 4

Fason w ka aprann konnen Bondye

Ou ka aprann konnen Jewova lè w li Labib. Sa gen anpil tan depi Bondye te chwazi kèk moun pou yo ekri panse li yo. Se tout sa moun sa yo te ekri yo, yo vin rele Labib. Jodi a, nou ka aprann konnen Bondye lè nou li Labib. Kòm Bib la se pawòl Jewova oswa se mesaj li ki ladan l, yo rele l Pawòl Bondye tou. Nou ka kwè sa Bib la di, paske Jewova pa janm bay manti. “Li enposib pou Bondye bay manti.” ​(Ebre 6:18). Se laverite ki nan Pawòl Bondye a. — Jan 17:17.

Yon fanmi k ap li Labib ansanm.

Bib la se youn nan pi gwo kado Bondye fè nou. Se tankou yon lèt yon papa voye bay pitit li li renmen. Bib la pale sou pwomès Bondye fè pou l pote chanjman sou tè a, pou l fè l tounen yon bèl kote pou moun viv, yon paradi. Li di nou ki sa l te fè nan tan lontan, sa l ap fè kounye a, e sa l pral fè alavni pou pitit li yo ki fidèl. Li ede nou tou pou nou rezoud pwoblèm nou yo e pou nou jwenn kè kontan. — 2 Timote 3:16, 17.

Temwen Jewova yo se zanmi Bondye yo ye. Y ap ede w konprann ansèyman ki nan Bib la. Annik di yo ou ta renmen etidye Bib la. Yo pap fè w peye pou sa (Matye 10:8). Anplis de sa, ou kapab asiste reyinyon yo fè nan Sal Wayòm yo. Sa ap ede w fè pwogrè rapid rapid nan chèche w ap chèche konnen Bondye.

Bagay Bondye kreye yo ka ede nou konnen l. Pa egzanp, Bib la di: “Okòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.” ​(Jenèz 1:1). Lè Jewova te kreye “syèl la”, li te fè solèy la. Ki sa sa aprann nou sou Bondye? Sa montre nou Jewova gen anpil pouvwa. Se li menm sèl ki te ka fè solèy la ki sitèlman pisan. Sa fè nou konprann Jewova saj, piske sa mande sajès pou yon moun kreye solèy la, ki la k ap bay chalè ak limyè san l pa janm etenn.

Bagay Jewova kreye yo montre li renmen nou. Reflechi sou divès kalite fwi ki genyen sou tè a. Jewova te ka ban nou yon sèl kalite fwi, oswa li te gendwa pa t ban nou fwi ditou. Olye de sa, Jewova ban nou yon pakèt kalite fwi ki gen divès fòm, divès gwosè, divès koulè, epi yo chak gen gou pa yo. Sa montre nou Jewova pa sèlman gen lanmou men li renmen bay, li gen konsiderasyon pou moun, e li bon anpil. — Sòm 104:24.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje