BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gf leson 14 p. 22-23
  • Zanmi Bondye yo pa fè sa ki mal

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Zanmi Bondye yo pa fè sa ki mal
  • Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Sou menm sijè a
  • Pratik Bondye rayi yo
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • Ki sa nou dwe fè pou nou fè Bondye plezi?
    Koute Bondye pou w viv pou toutan
  • 13yèm pati
    Koute Bondye
  • Eske Bon Dye pral detwi mechan ankò?
    Viv alèz sou tè a pou tou tan!
Gade plis
Ou kapab vin zanmi Bondye!
gf leson 14 p. 22-23

LESON 14

Zanmi Bondye yo pa fè sa ki mal

Satan ap tante moun pou yo fè sa ki mal. Yon moun ki vle vin zanmi Bondye dwe rayi sa Jewova rayi (Sòm 97:10). Men kèk nan bagay zanmi Bondye yo pap fè:

Pami bagay Jewova rayi yo gen peche ki gen rapò ak sèks, plede bwè bweson, fè avòtman, vòlè, bay manti, kòlè san kontwòl ak jwèt aza.

Peche ki gen rapò ak sèks. “Nou pa dwe fè adiltè.” ​(Egzòd 20:14). Epitou, fè sèks anvan maryaj, se yon bagay ki mal. — 1 Korentyen 6:18.

Plede bwè bweson. “Moun ki bwasonyè [...] pap benefisye Wayòm Bondye a.” — 1 Korentyen 6:10.

Touye moun, fè avòtman. “Nou pa dwe asasinen moun.” — Egzòd 20:13.

Vòlè. “Nou pa dwe vòlè.” — Egzòd 20:15.

Bay manti. Jewova rayi “lang moun k ap bay manti”. — Pwovèb 6:17.

Vyolans ak kòlè san kontwòl. “[Jewova] rayi nenpòt moun ki renmen vyolans.” ​(Sòm 11:5). “Zèv lachè yo [gen ladan l] kòlè san kontwòl.” — Galat 5:19, 20.

Jwèt aza. “Sispann frekante nenpòt moun [...] ki ava.” — 1 Korentyen 5:11.

Lahèn moun gen akoz ras yon moun oswa kilti l. “Kontinye renmen ènmi nou e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou.” — Matye 5:43, 44.

Bondye pale nou pou byen nou. Li pa toujou fasil pou n evite fè sa ki mal. Men, avèk èd Jewova ansanm ak èd Temwen li yo, nou ka evite fè bagay Bondye rayi. — Ezayi 48:17; Filipyen 4:13; Ebre 10:24, 25.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje