BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be p. 21-p. 26 par. 5
  • Konsantre w sou lekti w ap fè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Konsantre w sou lekti w ap fè
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Byen pwofite posiblite w genyen an
  • Li avèk bon mobil
  • Chèche li ak yon bon vitès
  • Aprann konsantre w
  • Fè lekti an piblik
  • Pran tan pou w li
  • Sa k fè l enpòtan pou timoun yo li — 1ye pati: Li oswa gade videyo?
    Èd pou fanmi
  • Fason pou nou anseye moun ki pa konn li byen yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Ki sa w ka fè pou sa w li nan Bib la pi itil ou?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Pran plezi w nan Pawòl Bondye a
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be p. 21-p. 26 par. 5

Konsantre w sou lekti w ap fè

SOU chak 6 moun, gen youn ki pa t aprann li. Souvan, se paske yo pa t gen posiblite pou y al lekòl. E pami moun ki te aprann li yo, genyen ki pa li regilyèman. Sepandan, kapasite w genyen pou w li a pèmèt ou li enfòmasyon konsènan lòt peyi e konsènan lavi lòt moun. Se kòmsi w vwayaje al nan peyi sa yo e se kòmsi w rankontre moun sa yo. Pafwa, lavi moun sa yo konn enfliyanse lavi pa w. Kapasite w genyen pou w li a ka ede w vin gen yon konesans k ap pèmèt ou fè fas ak pwoblèm ki gen nan lavi a.

Foto nan paj 22

Sa w li pou pitit ou yo ka ede w enfliyanse pèsonalite yo.

Kapasite yon jèn genyen pou l li ka ede l byen pwofite ane li pase lekòl yo. Lè l ap chèche travay, kapasite sa a ka gen yon enfliyans sou kalite travay l ap jwenn e sou kantite tan l ap pase ap travay pou l rive jwenn sa ki nesesè pou l viv. Yon manman ki konn li byen plis anmezi pou l bay fanmi l manje ki bon pou yo, pou l ede yo aplike prensip ijyèn e pou l pwoteje sante yo. Anplis de sa, manman ki konn li byen yo ka gen yon trè bon enfliyans sou entèlijans pitit yo.

Natirèlman, pi gwo byenfè lekti ka pèmèt nou jwenn, se “konesans Bondye bay la”. (Pwo. 2:5.) Anpil nan aktivite nou fè pou nou sèvi Bondye yo mande pou nou konn li. Nan reyinyon kongregasyon an, nou li Bib la ak piblikasyon yo ki baze sou Bib la. Fason w li ka ede w fè travay predikasyon an pi byen. Anplis, pou w prepare aktivite sa yo, sa mande pou w konn li. Se poutèt sa, pwogrè w nan domèn espirityèl depann anpil de abitid ou genyen pou w li.

Byen pwofite posiblite w genyen an

Foto nan paj 22

Chèche mete tout ou menm nan lekti w ap fè an piblik.

Gen kèk moun ki aprann chemen Bondye yo ki pa t fè lontan sou ban lekòl, petèt yo ka bezwen aprann li pou yo ka fè plis pwogrè nan domèn espirityèl. Oswa petèt yo bezwen moun ede yo pou yo ka amelyore kapasite yo genyen pou yo li. Kote ki bezwen sa, kongregasyon yo konn sèvi ak yon liv ki rele Fè jèfò pou w konn li ak ekri pou yo òganize yon kou alfabetizasyon. Plizyè milye moun byen pwofite dispozisyon sa a. Piske sa enpòtan pou yon moun konn li byen, gen kèk kongregasyon ki pran dispozisyon pou yo fè yon kou k ap ede moun amelyore kapasite yo genyen pou yo li. Yo konn fè sa pandan Lekòl ministè teyokratik la ap fonksyone. Menm nan kongregasyon ki pa gen kou sa a, yon moun kapab fè bonjan pwogrè nan lekti, si l pran yon ti tan pou l li awotvwa chak jou e pou l asiste lekòl la regilyèman e pou l patisipe ladan l regilyèman.

Malerezman, fim ti komik, televizyon ak lòt bagay ankò fè anpil moun neglije li. Lefètke yon moun ap plede gade televizyon e li pa tèlman li, sa ka anpeche l devlope kapasite li genyen pou l li, pou l panse, pou l byen rezone e pou l pale byen.

Se “esklav fidèl ki prevwayan an” ki ban nou piblikasyon ki ede nou konprann Bib la. Piblikasyon sa yo ban nou yon pakèt enfòmasyon konsènan bagay k ap ede nou gen bon relasyon ak Bondye, e bagay sa yo trèzenpòtan (Mat. 24:45; 1 Kor. 2:12, 13). Yo fè nou konnen dènye enfòmasyon konsènan evènman enpòtan k ap pase nan monn nan e yo ede nou konprann siyifikasyon evènman sa yo. Yo ede nou vin pi byen konnen lanati e yo anseye nou fason nou ka fè fas ak enkyetid nou yo. Sa ki pi enpòtan an, yo mete aksan sou fason nou ka sèvi Bondye yon fason ki fè l plezi e pou nou jwenn apwobasyon l. Lè nou li piblikasyon sa yo ki bon pou nou, sa ap ede nou pwogrese, e n ap moun ki kite lespri Bondye gide nou.

Natirèlman, byen li poukont li se pa sa sèlman ki konte. Nou bezwen sèvi ak kapasite sa a nou genyen an yon fason ki kòrèk. Menm jan nou chwazi sa n ap manje, nou dwe chwazi sa n ap li. Poukisa pou nou ta manje yon manje ki pap fè kò nou byen oswa ki ka menm fè nou malad grav? Menm jan an tou, poukisa, menmsi se yon lè konsa sa ta rive, pou nou ta li bagay ki ka kòwonp lespri nou ak kè nou? Prensip biblik yo dwe sèvi nou gid lè n ap chwazi kèlkeswa sa pou nou li. Anvan nou deside sa pou nou li, reflechi sou yon seri vèsè tankou Eklezyas 12:12, 13; Efezyen 4:22-24; 5:3, 4; Filipyen 4:8; Kolosyen 2:8; 1 Jan 2:15-17 ak 2 Jan 10.

Li avèk bon mobil

Lè nou egzamine istwa Evanjil yo rakonte yo, yo fè nou wè jan li enpòtan pou nou gen bon mobil lè n ap li. Pa egzanp, nan Evanjil Matye a, yo pale de Jezi k ap poze chèf relijye yo ki te byen konn Lalwa yon seri kesyon tankou: “Èske nou pa li?” e “Èske nou pa t janm li?” anvan l te sèvi ak Ekriti yo pou l reponn kesyon yo te poze l pou yo pran l nan pyèj (Mat. 12:3, 5; 19:4; 21:16, 42; 22:31). Youn nan leson nou aprann nan sa, sèke si nou pa li ak bon mobil, nou kapab pa byen konprann yon lekti nou fè oswa nou kapab rate ide ki enpòtan nan sa n ap li a. Farizyen yo te li Ekriti yo paske yo te panse y ap fè yo gen lavi ki pap janm fini an. Jan Jezi te fè yo konprann sa, rekonpans sa a pa pou moun ki pa renmen Bondye e ki pa aksepte mwayen Li itilize pou l sove moun nan (Jan 5:39-43). Farizyen yo pa t gen bon entansyon, yo te egoyis, se sa k fè anpil ladan yo te mal konprann sa yo te li yo.

Pi bon mobil ki ta dwe pouse yon moun li Pawòl Jewova a, se lanmou moun nan gen pou Jewova. Lanmou sa a ap pouse nou chèche konnen volonte Bondye, paske yon moun ki gen lanmou “pran plezi nan sa ki verite”. (1 Kor. 13:6.) Menmsi lontan nou pa t renmen li, lefètke nou renmen Jewova ak “tout lespri” nou, sa ap pouse nou sèvi ak lespri nou pou nou fè tout efò nou kapab pou nou gen konesans sou Bondye (Mat. 22:37). Lanmou pou Bondye ap fè nou enterese nan Pawòl li, e lè nou enterese nan Pawòl li, sa ap pouse nou li l pou nou ka aprann.

Chèche li ak yon bon vitès

Yon moun k ap li rekonèt mo ki ekri yo. Pandan w ap li kounye a, ou rekonèt mo yo e w sonje sans yo. Ou kapab amelyore vitès w ap li a si w chèche wè plis mo anmenmtan. Olye w rete sou chak grenn mo, bat pou w wè plizyè mo ansanm. Ofiramezi w ap devlope kapasite sa a, w ap rann ou kont ou pi byen konprann sa w ap li.

Foto nan paj 24

Lè manm fanmi yo li ansanm, sa fè yo vin pi pwòch youn ak lòt.

Sepandan, lè w ap li yon bagay ki gen panse pwofon ladan l, ou ka itilize yon lòt metòd pou w pi byen pwofite lekti a. Men sa Jewova te di Jozye lè l t ap ba l konsèy pou l li Ekriti yo: “Pawòl ki nan liv lalwa sa a dwe toujou nan bouch ou, e ou dwe li ladan l tou ba.” ​(Joz. 1:8). Byen souvan, se lè yon moun ap reflechi sou yon tèks li li l tou ba. Se sa k fè tou yo konn mete “medite” lè y ap tradui mo ebre ki bay “tou ba” a (Sòm 63:6; 77:12; 143:5). Lè yon moun ap medite, li pran tan l pou l byen reflechi, li pa prese. Lè w ap li Pawòl Bondye a e w ap reflechi sou li, sa fè l gen yon pi gwo enfliyans sou lespri w ak sou kè w. Nan Bib la, gen pwofesi, konsèy, pwovèb, pwezi, jijman Bondye te pwononse ak enfòmasyon konsènan objektif Jewova e gen anpil egzanp konsènan sa ki te rive nan lavi yon seri moun. Tout bagay sa yo gen anpil enpòtans pou moun ki vle mache nan chemen Jewova yo. Se pa ti bon sa bon pou nou li Bib la yon fason ki pèmèt panse ki ladan l yo antre fon nan lespri nou ak nan kè nou!

Aprann konsantre w

Foto nan paj 22

Sa w pran abitid li gen yon enfliyans sou pwogrè w nan domèn espirityèl.

Ofiramezi w ap li yon pòsyon, imajine w nan sèn y ap dekri a. Chèche imajine pèsonaj yo e imajine santiman yo te genyen lè yo te nan sitiyasyon y ap pale nan istwa a. Li pa tèlman difisil pou w fè sa si w ap li yon istwa tankou istwa David ak Golyat ki nan 1 Samyèl chapit 17 la. Men, menm enfòmasyon konsènan konstriksyon tabènak la ak enstalasyon prèt yo ki parèt nan liv Egzòd la ak nan liv Levitik la ka vin enteresan e yo ka vin reyèl pou ou lè w imajine mezi chak pati nan tabènak la ak materyo yo te itilize pou yo fè l yo oswa lè w imajine sant lansan an, sereyal yo te griye yo ak bèt yo te ofri an sakrifis yo. Imajine jan prèt yo dwe te gen yon gwo lakrentif pou Jewova pandan y ap fè sèvis yo nan tanp lan (Lik 1:8-10)! Lè w sèvi ak sans ou e w mete tout ou menm nan istwa a, sa ap ede w konprann sans sa w ap li a e sa ap ede w sonje l.

Men, si w pa veye, lespri w ka ap flannen pandan w ap eseye li yon pòsyon. Je w ka ap gade sa w ap li a, men lespri w ka yon lòt kote. Èske gen mizik k ap jwe pandan w ap li a? Èske gen televizyon ki ouvri? Èske manm fanmi w ap pale? Si sa posib, li pi bon pou w li yon kote ki kalm. Sepandan, pafwa pwoblèm nan ka sot nan ou. Pa egzanp, si w te gen yon jounen ki te chaje anpil, se pa ti fasil sa fasil pou w ap panse ak aktivite w te fè yo. Se vre li bon pou w panse sou sa k te pase pandan jounen an, men se pa nan moman w ap li a pou w fè sa. Ou gendwa te byen konsantre lè w te kòmanse li a, oswa petèt ou te menm fè yon priyè lè w t ap kòmanse lekti a, men kou w kòmanse li, lespri w pran flannen. Fè efò pou w konsantre w ankò. Disipline tèt ou pou w ka konsantre lespri w sou sa w ap li a. Tikras pa tikras, w ap wè ou ka konsantre w plis.

Ki sa w fè lè w tonbe sou yon mo ou pa konprann? Gen kèk mo ou pa konnen yo ka esplike nan tèks la. Oswa ou ka rive konprann sans yo nan kontèks la. Si w pa rive konprann yo, pran tan pou w chèche yo nan yon diksyonè si w gen youn oswa note yo pou w ka mande yon moun sans yo annapre. Sa ap fè w vin konn plis mo e sa ap fè w pi byen konprann sa w ap li.

Fè lekti an piblik

Foto nan paj 22

Kontinye konsantre w sou lekti an piblik.

Lè apot Pòl te di Timote pou l kontinye konsantre l sou lekti l ap fè, li t ap pale espesyalman de lekti li t ap fè pou lòt moun (1 Tim. 4:13). Pou yon moun fè yon bon lekti an piblik, sa mande plis pase annik li mo yo awotvwa. Moun nan bezwen konprann sans mo yo e li bezwen konprann panse ki dèyè mo sa yo. Se sèlman lè l fè sa, l ap ka eksprime ide yo kòrèkteman e l ap ka eksprime santiman yo yon fason ki egzak. Pa gen dout, sa mande pou l byen prepare e pou l fè bonjan repetisyon. Nan sans sa a, men sa Pòl te di: “Kontinye konsantre w sou lekti an piblik.” W ap resevwa bonjan fòmasyon pou ede w fè sa nan Lekòl ministè teyokratik la.

Pran tan pou w li

“Plan yon moun ki dilijan ap pote avantaj san mank, men tout moun ki aji twò prese ap tonbe nan povrete kanmenm.” ​(Pwo. 21:5). Anrapò ak dezi nou genyen pou nou li a, sa vèsè sa a di a se yon verite. Pou nou ka jwenn “avantaj” oswa byenfè, nou bezwen planifye tan nou avèk dilijans yon fason pou lòt aktivite pa pran tan nou rezève pou nou li a.

Ki lè w fè lekti? Èske se granmmaten ki pi bon lè pou w li? Oubyen èske w plis dispoze fè sa nan lòt moman nan jounen an? Si w ka rezève menm 15 oswa 20 minit chak jou pou w fè lekti, w ap sezi wè rezilta sa bay. Sa ki enpòtan se fè sa regilyèman.

Poukisa Jewova chwazi fè ekri objektif estrawòdinè li genyen yo nan yon liv? Se pou moun kapab li yo nan Pawòl li fè ekri a. Sa pèmèt yo egzamine travay estrawòdinè Jewova fè yo, yo ka rakonte pitit yo bagay sa yo, e fason Jewova aji yo ka ret grave nan lespri yo (Sòm 78:5-7). Pi gwo fason nou demontre nou gen rekonesans pou Jewova pou fason l montre l donan nan sans sa a se lè nou konsantre nou pou nou li Pawòl li a k ap ban nou lavi.

KI SA KI GEN NAN PWOGRAM LEKTI W FÈ?

  • Èske Labib okipe premye plas pami bagay ou li yo?

  • Èske w li Toudegad ak Réveillez-vous! regilyèman?

  • Èske w li piblikasyon yo fè pou ede nou etidye Bib la tousuit apre w fin resevwa yo?

  • Lè yo ba w Ministè Wayòm pa w, èske w li konsèy yo bay ladan l k ap ede w fè travay predikasyon an?

  • Konbyen nan ansyen piblikasyon Temwen Jewova yo pibliye ou deja li?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje