BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be p. 33-p. 38 par. 4
  • Fason pou w fè rechèch

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou w fè rechèch
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Itilize Labib ki se pi gwo zouti pou nou fè rechèch
  • Aprann itilize lòt zouti pou w fè rechèch
  • Lòt piblikasyon ou konsève k ap itil pou w fè rechèch
  • Chèche fè dosye pèsonèl ou
  • Pale ak lòt moun
  • Egzamine enfòmasyon w fin jwenn yo
  • Yon nouvo zouti pou n fè rechèch
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Ki jan bibliyotèk ki nan Sal Wayòm nan ka itil nou?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Kòman w bay konsèy?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be p. 33-p. 38 par. 4

Fason pou w fè rechèch

WA SALOMON “te byen reflechi e li te fouye fon pou l klase yon pakèt pwovèb”. Poukisa? Paske li te vle ekri “pawòl laverite ki kòrèk”. (Ekl. 12:9, 10.) Lik “te chèche konnen tout bagay avèk presizyon depi nan kòmansman” yon fason pou l te ka rakonte evènman ki te pase nan lavi Kris yo youn apre lòt (Lik 1:3). Toude mesye sa yo ki t ap sèvi Bondye te fè rechèch.

Sa sa vle di fè rechèch? Fè rechèch se chèche enfòmasyon sou yon sijè an patikilye avèk swen. Sa mande pou moun k ap fè rechèch la li yon seri enfòmasyon sou sijè a e pou l itilize menm prensip yon moun dwe suiv lè l ap etidye. Sa ka mande tou pou l poze lòt moun kesyon.

Ki sitiyasyon ki mande pou w fè rechèch? Men kèk sitiyasyon: Pandan w ap fè etid pèsonèl ou oswa pandan w ap li Labib, gen kèk kesyon ki enpòtan ki ka vin nan tèt ou. Yon moun w ap bay temwayaj konsènan bon nouvèl la ka poze w yon kesyon e w ta renmen ba l yon enfòmasyon presi pou w reponn li. Yo ka ba w yon diskou pou w fè.

Annou egzamine sitiyasyon kote se yon diskou yo ta ba ou. Enfòmasyon w jwenn nan referans yo ba w pou diskou a ka manke presi pou moun k ap koute w yo. Ki jan w ka fè pou w aplike enfòmasyon sa yo pou yo? Fè rechèch pou w kapab fè yo pwofitab pou moun yo. Lè w kore yon pwen moun yo te ka konnen ak kèk chif oswa ak yon egzanp ki tonbe daplon ak sijè w ap devlope a e ki enterese moun ki nan asistans lan, pwen sa a ka vin tounen yon enfòmasyon k ap itil moun yo e li ka menm pouse yo alaksyon. Yo ka te prepare enfòmasyon w ap itilize pou w fè rechèch la pou lektè nan lemonnantye, men, ou menm sa w dwe fè, se bay kongregasyon an oswa yon moun plis esplikasyon sou li, se pran egzanp pou w ede yo konprann li e se ede yo wè kòman yo ka aplike l. Ki jan pou w fè?

Anvan w kòmanse fè rechèch, reflechi sou moun k ap nan asistans ou pral pale devan l lan. Ki sa yo konnen deja? Ki sa yo bezwen konnen? Apre sa, idantifye objektif ou. Èske se esplike w vle esplike moun yo yon pwen? Èske se konvenk ou vle konvenk yo? Èske se montre w vle montre yo yon ansèyman pa verite? Oswa èske se pouse w vle pouse moun yo aji? Pou w esplike yon pwen, sa mande pou w bay lòt enfòmasyon sou pwen an pou w fè l vin klè. Byenke moun yo ka deja konprann yon seri enfòmasyon fondamantal sou pwen an, ou ka bezwen pale sou ki lè e kòman pou nou aplike pwen sa a. Pou w konvenk moun, sa mande pou w ba yo rezon ki montre poukisa yon bagay jan l ye a, sa ki mande pou w bay prèv. Pou w montre yon ansèyman pa verite, sa mande pou w gen yon bon konesans ni sou enfòmasyon moun yo itilize pou yo apiye fo ansèyman sa a ni sou enfòmasyon ki kontrekare l e ou bezwen byen analize rezònman yo. Anfèt, nou pap annik chèche rezònman ki solid, men tou, n ap chèche prezante enfòmasyon yo avèk jantiyès. Pou w pouse moun yo aji, sa mande pou w touche kè yo. Sa vle di pou w ba yo ankourajman e pou w ede yo gen dezi pou yo aplike sa yo aprann nan. Lè w bay moun k ap koute w yo egzanp konsènan kèk moun ki aji konsa menm lè yo devan difikilte, sa ka ede w touche kè yo.

Èske kounye a ou prè pou w kòmanse? Non, ou poko prè. Chèche wè ki kantite enfòmasyon w bezwen. Li enpòtan pou w reflechi sou kantite tan w genyen pou w prezante enfòmasyon yo. Nan konbyen tan w ap gen pou w prezante yo? Èske se senk minit? Èske se trant minit? Èske yo fikse kantite tan ou dwe fè patisipasyon w lan tankou jan yo fè sa nan reyinyon kongregasyon an oswa èske kantite tan an ka varye tankou nan yon etid biblik oswa nan yon vizit pastoral?

Yon dènye bagay, ki zouti ou genyen pou w fè rechèch? Anplis sa w genyen lakay ou, èske gen pi plis toujou nan bibliyotèk Sal Wayòm ou an? Èske gen frè ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova k ap aksepte w itilize zouti yo genyen pou yo fè rechèch? Èske gen yon bibliyotèk nan zòn ou an kote w ka jwenn kèk liv yo bay kòm referans si sa nesesè?

Itilize Labib ki se pi gwo zouti pou nou fè rechèch

Si rechèch w ap fè a mande pou w chèche sans yon vèsè, premye kote pou w chèche se nan Bib la.

Egzamine kontèks la. Mande tèt ou: ‘Pou kiyès yo te ekri vèsè sa a? Ki sa vèsè ki anvan l yo oswa vèsè ki apre l yo aprann mwen sou sitiyasyon ki te fè yo di pawòl sa yo oswa sou sitiyasyon ki te fè moun yo gen atitid sa a?’ Souvan, enfòmasyon konsa ka ede w konprann yon vèsè, epitou yo ka fè diskou w la vin gen plis vi ladan l.

Pa egzanp, souvan nou konn site Ebre 4:12 pou nou montre pouvwa Pawòl Bondye a genyen pou l touche kè moun e pou l enfliyanse lavi yo. Kontèks vèsè sa a fè nou pi byen konprann fason Pawòl Bondye a kapab fè sa. Nan kontèks la, yo pale de 40 ane Izrayèl te pase nan dezè a anvan l te antre nan peyi Jewova te pwomèt Abraram nan (Ebre 3:7–4:13). “Pawòl Bondye a”, sètadi pwomès li te fè pou l mennen Izrayelit yo yon kote pou yo jwenn repo selon alyans li te fè avèk Abraram nan, se pa t pale met la. Pawòl sa a te vivan e li te sou wout pou l akonpli. Izrayelit yo te gen tout rezon yo pou yo demontre lafwa nan pawòl sa a. Sepandan, lè Jewova te retire yo ann Ejip pou l mennen yo sou mòn Sinayi a e apre sa, nan Latè pwomiz, souvan yo te montre yo manke lafwa. Se sa k fè, nan fason yo te reyaji parapò ak fason Bondye t ap akonpli pawòl li a, yo te montre aklè ki sa yo te gen nan kè yo. Nan menm sans lan tou jodi a, pawòl Bondye a, sètadi pwomès li a, ka pèmèt moun wè sa yo gen nan kè yo.

Chèche referans yo. Gen kèk bib ki gen referans. Èske bib pa w la genyen tou? Si l genyen, sa kapab ede w. Annou pran yon egzanp nan Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau. Nan 1 Pyè 3:6, yo atire atansyon nou sou Sara kòm yon egzanp ki merite pou madanm ki kretyèn yo imite. Referans ki voye nou nan Jenèz 18:12 la apiye pwen sa a. Li fè nou konnen Sara te pale de Abraram antanke mèt li “nan kè l”. Kidonk, se ak tout kè l li te soumèt li. Nonsèlman referans yo ka ban nou enfòmasyon konsa, men tou, yo ka voye nou nan lòt vèsè ki montre fason yon pwofesi biblik te akonpli oswa fason yon aspè nan alyans Lalwa a te akonpli. Sepandan, se pou w konprann gen referans ki pa la pou ban nou esplikasyon konsa. Yo ka la senpleman pou yo atire atansyon nou sou lòt ide ki menm jan an oswa sou istwa konsènan lavi yon moun oswa sou enfòmasyon konsènan yon zòn oubyen yon pèp.

Fè rechèch nan liv ki gen lis mo yo itilize nan Bib la. Nan liv sa yo, yo mete mo yo itilize nan Bib la nan lòd alfabetik. Liv sa yo ka ede w jwenn vèsè ki gen rapò ak sijè w ap fè rechèch sou li a. Ofiramezi w ap chèche vèsè sa yo, w ap aprann lòt enfòmasyon k ap itil ou. W ap wè byen klè “modèl” laverite a ki nan Pawòl Bondye a (2 Tim. 1:13). Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo gen yon “Endèks mo biblik” ladan l. Liv Concordance complète la gen pi plis mo toujou. Si li disponib nan lang pa w, pou chak mo ki enpòtan nan Bib la, l ap ede w jwenn tout vèsè ki gen mo sa a ladan l.

Aprann itilize lòt zouti pou w fè rechèch

Nan kare ki nan paj 33 a, yo bay yon kantite lòt zouti “esklav fidèl ki prevwayan an” ban nou pou nou fè rechèch (Mat. 24:45-47). Anpil ladan yo gen yon lis pou chapit yo e yo gen yon endèks nan fen liv la. Yo mete endèks sa a pou ede nou jwenn yon seri enfòmasyon presi. Nan fen chak ane, yo pibliye nan Toudegad ak nan Réveillez-vous! endèks sou sijè yo te trete nan peryodik sa yo pandan ane a.

Lè w vin byen konnen ki kalite enfòmasyon ki nan piblikasyon sa yo ki fèt pou nou etidye Labib, sa ka pèmèt ou fè rechèch pi rapid. Pa egzanp, ou kapab vle konnen plis sou yon pwofesi, yon doktrin, yon konduit kretyen yo dwe genyen oswa sou aplikasyon prensip ki nan Bib la. Siman, Toudegad ka gen enfòmasyon w ap chèche yo. Nan Réveillez-vous!, yo pale sou evènman k ap pase, sou pwoblèm ki gen nan epòk nou an, sou relijyon, sou lasyans e sou pèp k ap viv nan divès peyi sou tè a. Nan liv ki rele Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a, yo pale sou chak istwa ki nan Evanjil yo nan lòd yo te pase yo. Yo egzamine yon seri liv nan Bib la vèsè pa vèsè nan piblikasyon tankou La Révélation: le grand dénouement est proche!, Prêtons attention à la prophétie de Daniel! ak nan de volim La prophétie d’Isaïe, lumière pour tous les humains. Nan liv Comment raisonner à partir des Écritures la, w ap jwenn repons k ap satisfè w pou plizyè santèn kesyon moun konn ap poze nan predikasyon anrapò ak Bib la. Pou w ka konprann lòt relijyon yo pi byen, ansèyman yo ak istwa yo, ale nan liv L’humanité à la recherche de Dieu a. Nan liv Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu a, n ap jwenn yon istwa detaye konsènan Temwen Jewova yo nan epòk nou an. Pou nou jwenn yon rapò sou dènye enfòmasyon konsènan travay predikasyon bon nouvèl la k ap fèt nan lemonnantye, al nan dènye Annuaire des Témoins de Jéhovah a. Liv Étude perspicace des Écritures la se yon ansiklopedi sou Bib la e li gen kat jeyografik konsènan peyi Bib la pale de yo. Si w bezwen enfòmasyon sou yon seri pèp, yon seri kote, yon seri bagay, yon seri lang oswa yon seri evènman listwa rapòte ki gen rapò ak Bib la, liv sa a se yon bon zouti pou w fè rechèch.

“Index des publications Watch Tower.” Yo pibliye endèks sa a nan plis pase 20 lang. L ap ede w jwenn enfòmasyon nan anpil nan piblikasyon nou yo. Yo separe l an de pati: endèks sijè yo ak endèks vèsè yo. Pou w itilize endèks sijè yo, chèche yon mo ki reprezante sijè ou vle fè rechèch sou li a. Pou w itilize endèks vèsè yo, chèche vèsè ou vle konprann pi byen an nan lis vèsè yo bay la. Si yo te pibliye enfòmasyon sou sijè sa a oswa vèsè sa a nan ane ki make sou endèks la, w ap jwenn yon lis referans ou kapab egzamine. Sèvi ak paj ki gen sig yo ki nan kòmansman endèks la pou w ka konprann abrevyasyon yo bay pou piblikasyon yo site yo. (Pa egzanp, endèks la ede nou konprann w99 1/3 15 se La Tour de Garde 1ye mas 1999, paj 15.) Pou w jwenn eksperyans konsènan travay predikasyon an oubyen konsènan istwa lavi kèk Temwen Jewova, eksperyans k ap ede w prepare yon diskou pou w pouse moun nan kongregasyon an alaksyon, ou ka ale nan ribrik “Ministère du champ, rapports” ak ribrik “Biographie de Témoins de Jéhovah”.

Piske fè rechèch ka pran anpil tan, veye pou lòt enfòmasyon pa detounen atansyon w sou sa w ap chèche a. Rete konsantre sou objektif ou genyen pou w chèche enfòmasyon ki nesesè pou sijè w ap fè rechèch la. Si endèks la voye w nan yon lòt piblikasyon, al nan paj li voye w la, apre sa, gade soutit yo ak premye fraz ki nan paragraf yo pou w ka wè ki kote w ap jwenn enfòmasyon w bezwen yo. Si w ap chèche sans yon vèsè, toudabò, chèche vèsè a nan paj yo voye w la. Ansuit, egzamine kòmantè yo fè anvan oswa apre kote yo site vèsè a.

“Watchtower Library” sou CD-ROM. Si w gen posiblite sèvi ak yon òdinatè, ou ka itilize Watchtower Library, ki gen yon pakèt nan piblikasyon nou yo ladan l. Li gen yon pwogram pou moun fè rechèch ki fasil pou itilize k ap ede w chèche yon mo, yon ekspresyon, oswa yon vèsè nan nenpòt piblikasyon ki ladan l yo. Menmsi zouti sa a pa disponib nan lang pa w, ou kapab byen pwofite l nan yon lang entènasyonal ou konprann.

Lòt piblikasyon ou konsève k ap itil pou w fè rechèch

Nan dezyèm lèt Pòl te ekri Timote a, Pòl te mande Timote ki te jèn pou l pote “woulo yo, sitou pachemen yo” pou li nan vil Wòm (2 Tim. 4:13). Pòl te bay yon seri liv anpil valè e li te konsève yo. Ou ka fè menm bagay la. Èske w konsève chak Toudegad, chak Réveillez-vous! ansanm ak chak Ministè Wayòm ou resevwa, menm lè yo fin egzamine yo nan reyinyon kongregasyon an? Si w fè sa, w ap gen zouti sa yo disponib pou w itilize pou w fè rechèch, ansanm ak lòt piblikasyon ou genyen yo. Pifò kongregasyon gen yon bibliyotèk nan Sal Wayòm yo kote yo mete piblikasyon òganizasyon an. Piblikasyon sa yo la pou byen tout kongregasyon an, pou frè ak sè yo itilize pandan yo nan Sal Wayòm nan.

Chèche fè dosye pèsonèl ou

Veye pou w wè ki sijè ki enteresan ou ka itilize lè w ap pale ak lòt moun oswa lè w ap anseye lòt moun. Si pandan w ap li yon jounal, ou jwenn yon nouvèl sou yon sitiyasyon ki fèk pase, oswa kèk chif sou yon ankèt oswa yon etid yo te fè, oubyen yon egzanp ou wè w ka itilize nan predikasyon, koupe pati w bezwen nan jounal la oswa kopye enfòmasyon an. Note dat la, tit jounal la e petèt, non moun ki ekri atik la oswa kote ki pibliye l la. Nan reyinyon kongregasyon an, note rezònman oswa egzanp ki ka ede w esplike lòt moun laverite. Èske w konn reflechi sou yon bon egzanp, men ou pa t gen okazyon sèvi avè l tousuit? Ekri l epi mete l nan yon dosye. Lè w fin pase yon bonkou tan nan Lekòl ministè teyokratik la, w ap gentan prepare anpil diskou. Olye w jete nòt ou te sèvi pou w fè diskou sa yo, konsève yo pito. Rechèch ou te fè yo ka vin itil ou alavni.

Pale ak lòt moun

Moun chaje ak enfòmasyon yo ka pataje ak lòt moun. Lè Lik t ap rasanble enfòmasyon pou l te ekri Evanjil ki pote non l lan, li klè li te poze anpil moun ki te temwen evènman yo kesyon pou l te ka jwenn anpil nan enfòmasyon li te bezwen yo (Lik 1:1-4). Petèt yon konpayon kretyen ka ede w konprann sijè w ap chèche fè rechèch sou li a. Selon Efezyen 4:8, 11-16, Kris, “Pitit Bondye a”, sèvi ak “gason kòm kado” yo pou l ede nou gen plis “konesans egzak sou [li]”. Lè w poze moun ki gen eksperyans nan sèvis Bondye a kesyon, sa ka fè w jwenn ide k ap itil ou anpil. Lè w pale ak lòt moun, sa ka fè w wè tou ki sa yo panse, sa ki kapab ede w prepare diskou w pral fè a yon fason k ap vrèman ede moun k ap koute w yo.

Egzamine enfòmasyon w fin jwenn yo

Apre yo fin rekòlte diri, yo bat diri a pou yo retire pay la. Se menm bagay la pou w fè ak enfòmasyon w jwenn nan rechèch ou te fè yo. Anvan ou sèvi avèk yo, ou dwe separe yo, pran sa ki enpòtan yo e mete sa ki pap itil ou pou sijè w la sou kote.

Si w pral itilize enfòmasyon sa yo nan yon diskou, mande tèt ou: ‘Èske pwen mwen panse itilize yo ap vrèman pote yon bagay enpòtan nan diskou m nan? Oswa, menmsi se yon enfòmasyon ki enteresan, èske l ap gen tandans detounen atansyon moun yo sou sijè m ap gen pou m pale a?’ Si w panse sèvi ak evènman k ap pase kounye a oswa ak enfòmasyon nan domèn lasyans ak lamedsin, yon seri domèn ki toujou ap gen chanjman, asire w enfòmasyon w genyen yo ajou. Ou dwe konprann tou, gen kèk pwen nan ansyen piblikasyon nou yo ki ka mande pou w mete yo ajou, kidonk, ou dwe chèche enfòmasyon yo pa pibliye twò lontan sou sijè a.

Li vrèman nesesè pou w montre w pridan si w chwazi chèche enfòmasyon nan bagay moun nan monn nan pibliye. Pinga w janm bliye sa, Pawòl Bondye a se laverite (Jan 17:17). Jezi jwe yon gwo wòl nan akonplisman objektif Bondye. Se sa k fè, Kolosyen 2:3 di nou: “Se nan li tout trezò sajès ak konesans byen sere.” Egzamine enfòmasyon w jwenn yo avèk ide sa a nan lespri w. Lè w ap fè rechèch nan bagay moun nan monn nan pibliye, poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Èske enfòmasyon yo bay la egzajere? Èske li pa gen prèv pou kore l? Oswa èske l baze sou yon pwennvi ki limite? Èske yo ekri l nan yon objektif egoyis oswa pou yo fè lajan? Èske gen lòt bagay yo pibliye moun fè konfyans ki kore enfòmasyon sa a? Sa ki pi enpòtan an, èske l ann amoni ak verite ki nan Bib la?’

Pwovèb 2:1-5 ankouraje nou pou nou kontinye chèche konesans, entèlijans ak disènman ‘tankou ajan e tankou trezò kache’. Sa mande pou nou fè efò e sa ap fè nou jwenn anpil byenfè. Rechèch mande efò, men lè w fè sa, sa ap ede w gen panse Bondye sou bagay yo, sa ap ede w korije move panse w genyen e sa ap ede w kenbe laverite byen fèm. Anplis, sa ap fè diskou w yo pwofon e y ap vivan. Konsa, w ap pran plezi bay diskou sa yo e moun ap pran plezi koute yo.

KIYÈS NAN ZOUTI SA YO W GENYEN POU W FÈ RECHÈCH?

  • Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau

  • Concordance complète

  • Toudegad ak Réveillez-vous!

  • Comment raisonner à partir des Écritures

  • Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu

  • Étude perspicace des Écritures

  • Index des publications Watch Tower

  • Watchtower Library sou CD-ROM

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje