LESON 2
Pale yon fason ki klè
POU W byen kominike ak lòt moun, ou dwe pale yon fason ki klè. Sa w vle di a ka enteresan, li ka menm enpòtan, men si li pa fasil pou moun konprann, yo pap sonje pifò ladan l.
Lè moun pa byen konprann yon mesaj, mesaj sa a pap pouse yo aji. Menmsi yon moun gen gwo vwa e lòt moun ka tande l san pwoblèm, si l pa pale yon fason ki klè, pawòl li yo pap pouse lòt moun aji. Se kòmsi li t ap pale yon lòt lang ak moun k ap koute l yo, yon lang yo pa konprann (Jer. 5:15). Men sa Labib di nou: “Si twonpèt la bay yon siyal ki pa klè, kiyès k ap prepare yo pou y al nan lagè? Menm jan an tou, si nou pa sèvi ak lang nou pou nou di pawòl ki fasil pou moun konprann, kòman moun ap fè konnen sa n ap di a? Anfèt, se nan lib n ap pale.” — 1 Kor. 14:8, 9.
Ki sa k ka fè yon moun pa pale yon fason ki klè? Se kapab paske li pa ouvri bouch li ase lè l ap pale. Si machwè nou rete rèd e si po bouch nou prèske pa fè mouvman, sa ka fè pawòl nou yo pa soti ase fò e sa ka fè yo manke klè.
Si nou pale twò rapid, sa ka fè li difisil tou pou moun konprann pawòl n ap di yo. Se tankou nou ta fè yon aparèy jwe yon anrejistreman pi vit pase jan l ta dwe jwe. Se vre, pawòl yo toujou la, men moun pap byen pwofite yo.
Nan kèk ka, moun konn pale yon fason ki pa klè akoz yo gen yon pwoblèm nan ògàn ki la pou pèmèt yo pale yo. Men, menm moun ki gen yon pwoblèm konsa ka rive amelyore fason yo pale si yo aplike konsèy ki nan leson sa a.
Men, souvan, yon moun konn pa pale yon fason ki klè paske li pa byen pwononse mo yo, li tonbe kole mo yo youn ak lòt. Konsa, li difisil pou lòt moun konprann yo. Pa egzanp, sa ka rive si l sote kèk silab oswa kèk lèt ki enpòtan oubyen si l manje kèk fen mo. Lè yon moun kole plizyè mo youn ak lòt san kontwòl, moun k ap koute l yo ka konprann kèk ide ak kèk fraz, men yo oblije chèche devine sans yon seri lòt. Si yon moun k ap anseye lòt moun pa di mo yo byen klè, ansèyman l ap bay la ka manke fè efè sou moun yo.
Jan pou w pale yon fason ki klè. Youn nan bagay ki enpòtan pou w fè pou w di mo yo byen klè, se chèche konprann fason mo yo fòme nan lang ou an. Nan pifò lang, mo yo fòme ak silab. Silab yo fèt ak youn oswa plizyè lèt yo pwononse kòm yon sèl son. Nan lang sa yo, nòmalman, ou pwononse chak silab lè w ap pale, men ou pa pwononse yo tout avèk menm fòs. Si w vle pale pi klè, pa pale vit epi fè tout sa w kapab pou w pwononse chak silab. Okòmansman, ou ka santi w egzajere nan fason w ap chèche byen pwononse mo yo, men ofiramezi w ap fè pratik, w ap vin pale yon fason kote mo yo ap soti fasil, san pwoblèm. Pou w ka pale yon fason ki klè, sandout, gen kèk mo w ap oblije kole ansanm, men ou dwe evite fè sa si sa ka fè sans mo yo pa parèt klè.
Men yon prekosyon pou w pran: Se vre, pou w aprann pwononse mo yo byen, ou ka fè egzèsis kote w ap pale e w ap li yon fason ki egzak anpil, e ou ka menm egzajere, men, pa kite sa vin tounen fason w pale chak jou. Sa pap parèt natirèl.
Si pafwa pawòl w ap di yo mal pou soti, aprann byen kenbe tèt ou epi leve manton w. Lè w ap li nan Bib la, kenbe Bib la ase wo yon fason pou lè w vle, ou ka fè yon ti gade moun k ap koute w yo, san w pa bezwen bese tèt ou twòp lè w fin gade yo. Konsa, pawòl w ap di yo pap soti bout bout.
Si w aprann mete w alèz, sa ka pèmèt ou pale byen. Li klè, si mis ki nan vizaj ou yo oswa mis ki kontwole respirasyon w yo rete rèd, yo ka jennen ògàn ki la pou pèmèt ou pale yo. Anplis, yo ka jennen bon kolaborasyon ki ta dwe egziste ant lespri w, ògàn ki pèmèt ou pale yo ak respirasyon w. Se yon kolaborasyon ki ta dwe fèt yon fason ki swa e ki natirèl.
Ou dwe lache mis ki nan machwè w yo pou yo ka suiv enstriksyon sèvo w ap ba yo byen vit. Ou dwe lache po bouch ou tou. Yo dwe pare pou yo fè mouvman rapidman yon fason pou w ka byen pwononse pakèt son k ap soti nan bouch ou ak nan gòj ou. Si machwè w ak po bouch ou rete rèd, bouch ou pap byen ouvri e son yo ap soti nan dan. Konsa, pawòl ou yo pap soti byen klè, e w ap tankou yon moun k ap pale di ak yon lòt moun. Men, lè w lache machwè w ak po bouch ou, sa pa vle di pou w neglijan nan fason w pwononse mo yo. Okontrè, ou bezwen gen ekilib nan fason w pwononse mo yo pou w ka pale byen klè.
Si w analize sitiyasyon w, ou ka wè l ap bon pou w li awotvwa. Byen veye sou fason w ap sèvi ak ògàn ou genyen pou w pale yo, ki se yon mèvèy. Èske w ouvri bouch ou ase pou mo yo ka soti san anyen pa bloke yo? Ou dwe sonje, byenke lang ou se youn nan ògàn ki plis fè mouvman lè w ap pale, se pa li sèlman ki pèmèt ou pale. Ni kou w, ni machwè w, ni po bouch ou, ni mis ki nan vizaj ou yo ni mis ki nan gòj ou yo jwe wòl pa yo. Lè w ap pale, èske w gen enpresyon vizaj ou pa fè okenn mouvman? Si se konsa, gen anpil posiblite pou w pale yon fason ki pa klè.
Si w gen yon aparèy ki ka fè anrejistreman, anrejistre vwa w pandan w ap pale yon fason nòmal, jan w t ap pale ak yon moun ou rankontre nan predikasyon. Fè anrejistreman an pandan kèk minit. Lè w ap koute anrejistreman sa a annapre, sa ka ede w wè ki kote w gen pwoblèm pou w byen pwononse yon seri mo. Veye pou w wè, pa egzanp, si gen kote w sote kèk silab, si gen mo ki pa byen soti oswa si gen mo w koupe, epi eseye chèche rezon ki fè sa. An jeneral, ou ka sèvi ak pwen nou sot egzamine anvan yo pou w rezoud pwoblèm ou genyen yo.
Èske w gen yon pwoblèm pou w pale? Fè egzèsis kote w ouvri bouch ou plis pase jan w konn fè sa anvan e eseye pwononse mo yo pi byen toujou. Lè w ap respire, byen ranpli poumon w ak lè, ansuit pa pale twò vit. Gen anpil moun ki te gen pwoblèm pou yo pale ki rive pale pi klè grasa teknik sa a. Si w pale sou lang, lè w ap pwononse mo ki gen son s ak son z, pa kite lang ou kontre ak dan devan w yo. Menmsi pwoblèm ou an gendwa pa rezoud totalman, pa dekouraje. Pa bliye, Jewova te chwazi Moyiz pou l te bay ni pèp Izrayèl la ni Farawon, ki te wa ann Ejip, mesaj ki te enpòtan, byenke sanble Moyiz te gen yon pwoblèm pou l pale (Egz. 4:10-12). Depi w vle, Jewova ap itilize w tou, l ap beni sèvis w ap ba li a e l ap fè w reyisi ladan l.