BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 12 p. 121-p. 123 par. 3
  • Fè jès e demontre santiman sou vizaj ou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fè jès e demontre santiman sou vizaj ou
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Mete vi nan sa w ap di
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Pale tankou lè w ap fè konvèsasyon
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Pale ak tout kè w epi mete w nan plas moun yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Kesyon lektè yo poze
    Poukisa Temwen Jewova yo pa suiv koutim ki gen rapò ak toke vè oswa leve vè a, piske Bib la pa pale sou sa?
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 12 p. 121-p. 123 par. 3

LESON 12

Fè jès e demontre santiman sou vizaj ou

Ki sa pou w fè?

Sèvi ak men w, ak zepòl ou, oswa ak tout kò w pou w eksprime ide w ap di yo e pou w demontre jan w santi w.

Sèvi ak je w, ak bouch ou e ak pozisyon tèt ou pou w bay mo w ap di yo plis fòs e pou w demontre santiman w.

Poukisa sa enpòtan?

Lè w fè jès e w demontre santiman sou vizaj ou, sa pèmèt moun yo wè sa w ap di a e sa gen efè sou santiman yo. Sa ka fè yo wè santiman w yo pi byen e sa ka fè vwa w vin pi vivan.

NAN kèk kilti, moun yo fè jès plis pase moun nan kèk lòt kilti. Sepandan, an jeneral, tout moun demontre santiman sou vizaj yo lè y ap pale e yo fè jès. Yo fè sa ni nan konvèsasyon y ap fè ak lòt moun ni lè y ap pale devan yon gwoup moun.

Jezi ak premye disip li yo te konn fè jès yon fason ki natirèl. Nan yon okazyon, gen yon moun ki te fè Jezi konnen manman l ak frè l yo te vle pale avè l. Men sa Jezi te reponn li: “Ki moun ki manman m? Ki moun ki frè m?” Ansuit, Bib la di: “Li lonje men l sou disip li yo, li di: ‘Gade! Men manman m ak frè m!’” ​(Mat. 12:48, 49). Gen kèk lòt vèsè nan Bib la tankou Travay 12:17 ak Travay 13:16 ki montre apot Pyè ak apot Pòl tou te fè jès yon fason ki natirèl.

Moun pa eksprime ide ak santiman yo genyen sèlman avèk vwa yo, men yo fè sa tou pa mwayen jès y ap fè e pa mwayen vizaj yo. Si yon moun k ap pale pa byen fè jès e li pa demontre santiman sou vizaj li, sa ka montre sa l ap di yo pa fè l ni cho ni frèt. Men, lè l byen itilize mwayen kominikasyon sa yo yon fason ki rezonab, sa ap fè li jwenn pi bon rezilta nan sa l ap di. Menm lè w ap pale nan telefòn, si w fè jès e w demontre santiman sou vizaj ou yon fason ki apwopriye, vwa w ap fè moun w ap pale avè l la pi byen konprann enpòtans mesaj ou a e l ap fè l wè tou santiman w parapò ak sa w ap di a. Kidonk, kit w ap pale san w pa t pare pou sa, kit w ap li, kit moun k ap koute w yo ap gade w oswa y ap gade nan bib yo, li enpòtan pou w fè jès e pou w demontre santiman sou vizaj ou.

Jès w ap fè ansanm ak santiman w ap demontre sou vizaj ou ta dwe natirèl, se pa ta dwe tankou yon bagay ou aprann nan yon liv. Ou pa t janm oblije aprann ki jan pou w ri oswa ki jan pou w fache. Jès yo ta dwe fè konnen santiman ou genyen. Tank ou fè jès yo yon fason ki natirèl, se tank yo pi bon.

Yo ranje jès yo an de kategori: jès pou dekri yon bagay ak jès pou mete aksan sou yon bagay. Jès yon moun fè pou l dekri yon bagay montre swa yon aksyon ki fèt, swa dimansyon yon bagay oswa kote yon bagay ye. Nan lekòl la, lè w ap fè yon diskou e w ap travay sou jès, pa kontante w annik fè yon jès oswa de jès. Eseye fè jès yon fason ki natirèl pandan tout diskou a. Si w gen yon pwoblèm pou w fè sa, petèt li ka bon pou w chèche mo ki montre direksyon, distans, gwosè, anplasman oswa pozisyon. Men, nan anpil ka, tout sa w gen pou w fè se mete tout ou menm nan diskou w ap fè a. Pa enkyete w pou fason moun pral wè w, men di sa w ap di a epi fè jès yo jan w t ap fè sa nan lavi nòmal. Lè yon moun pa strese, l ap fè jès tou natirèlman.

Jès yon moun fè pou l mete aksan sou yon bagay demontre santiman l ak konviksyon l. Yo mete aksan sou ide yo, yo mete vi ladan yo e yo ba yo valè. Jès sa yo enpòtan. Men, atansyon! Jès yon moun fè pou l mete aksan sou yon bagay ka vin yon move abitid fasilman. Si w fè menm jès la toutan, se pa sa k ap fè diskou w la vin enteresan, okontrè, moun yo ka plis vin ap suiv jès w ap plede fè a. Si siveyan lekòl la ta fè w wè ou gen pwoblèm sa a, pandan yon ti tan, chèche fè sèlman jès pou w dekri bagay w ap pale de yo. Apre yon sèten tan, ou ka rekòmanse itilize jès pou w mete aksan sou yon bagay.

Lè w ap chèche konnen ki kantite jès ou ta dwe fè pou w mete aksan sou yon bagay ak ki kalite jès pou w fè ki apwopriye, egzamine santiman moun w ap pale avèk yo a. Si w lonje dwèt ou sou moun k ap koute w yo, sa ka fè yo santi yo malalèz. Nan kèk kilti, si yon gason fè yon seri jès, tankou mete men l sou bouch li pou l montre li sezi, l ap parèt kòm yon moun ki gen stil fi. Nan kèk kote nan monn nan, yo konsidere sa pa kòrèk pou yon fi ap fè jès ak men l lè l ap pale. Konsa, nan kote sa yo, sè yo dwe sèvi ak vizaj yo sitou pou yo demontre santiman yo. Epitou, si yon moun ap fè yon seri jès ki egzajere devan yon ti gwoup moun, nan prèske anpil kote nan monn nan, yo ka konsidere l kòm yon moun k ap fè teyat.

Ofiramezi w ap gen eksperyans e w ap vin pi alèz lè w ap pale, jès w ap fè pou w mete aksan yo ap montre santiman w genyen nan fon kè w tou natirèlman, y ap demontre konviksyon w ak senserite w. Y ap fè diskou w yo gen plis sans.

Demontre santiman sou vizaj ou. Souvan, vizaj ou montre fason w vrèman santi w plis pase tout lòt pati nan kò w. Je w, jan w fè bouch ou, pozisyon w mete tèt ou, tout sa jwe yon wòl. San w pa di yon mo, vizaj ou ka montre w vag, ou gen degoutans ak yon bagay, ou pa konn sa pou w fè, ou sezi oswa w kontan. Lè w demontre santiman sou vizaj fason sa yo toutpandan w ap pale, se kòmsi moun yo wè sa w ap di a e sa gen efè sou santiman yo. Kreyatè a mete anpil mis nan vizaj nou, plis pase 30 mis antou. Lè w souri, ou itilize prèske mwatye ladan yo.

Kit ou sou estrad la oswa w ap preche, w ap chèche pataje yon mesaj ki enteresan ak moun yo, yon mesaj ki ka fè kè yo kontan. Yon bon souri ka montre sa. Men, si pa gen okenn santiman ki parèt sou vizaj ou, moun ka ap mande tèt yo èske w ap pale avèk senserite.

Sa k pi enpòtan ankò, lè w souri, sa montre lòt moun ou wè yo yon fason ki pozitif. Sa trèzenpòtan sitou nan epòk n ap viv la, yon epòk kote byen souvan moun yo pè moun yo pa konnen. Lè w souri bay moun yo, sa ka ede yo mete yo alèz e sa ka fè yo bay sa w ap di yo a plis atansyon.

PWEN POU W SONJE

  • Fason ki pi efikas pou w fè jès e pou w demontre santiman sou vizaj ou, se fè sa tou natirèlman. Byen suiv sa lòt moun fè, men pa eseye imite yo nan tout ti detay.

  • Byen egzamine sijè w pral fè diskou sou li a jiskaske w byen konnen l. Chèche konprann li, fè l parèt klè nan lespri w epi itilize vwa w, men w ak vizaj ou pou w eksprime santiman ki ladan l yo.

EGZÈSIS: 1) Li Jenèz 6:13-22. Sèvi ak pwòp mo pa w pou w dekri fason yo te konstwi lach la ak fason yo te rasanble bèt yo. Pa bay tèt ou pwoblèm pou detay yo. Di sa w sonje yo sèlman. Lè w ap fè sa, itilize jès k ap dekri sa w ap di yo. Mande yon moun pou l suiv ou epi pou l ba w konsèy. 2) Pale kòmsi se temwayaj w ap bay yon moun sou Wayòm Bondye a e sou benediksyon Wayòm sa a pral pote pou nou. Asire w ou demontre sou vizaj ou fason w santi w toutbonvre parapò ak sa w ap dekri a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje