Chapit ven
Kenbe jou Jewova a prezan nan lespri nou
1. Ki jan w te santi w premye fwa w te aprann delivrans nou anba soufrans ki gen nan sistèm sa a prèt pou rive ?
YOUN nan premye bagay ou te aprann nan Bib la se objektif Jewova genyen pou l fè tout tè a tounen yon paradi. Nan monn nouvo sa a, lagè, krim, povrete, maladi, soufrans ak lanmò pap la ankò. Menm mò yo pral reviv ankò. Ala yon bèl avni k ap tann nou ! Tout bagay sa yo prèt pou rive. Nou konn sa, paske gen prèv ki montre prezans envizib Kris antanke Wa k ap dirije te kòmanse an 1914, e anplis, depi lè a nou rive nan dènye jou monn mechan sa a. Nan fen dènye jou sa yo, Jewova pral detwi sistèm de choz ki la kounye a, e l ap enstore monn nouvo li te pwomèt la.
2. Ki sa “ jou Jewova ” a ye ?
2 Labib rele peryòd destriksyon k ap vini an “ jou Jewova ” a (2 Pyè 3:10). Se “ jou kòlè Jewova ” kont tout monn Satan an nèt (Sefànya 2:3). L ap rive nan dènye bout li nan “ lagè gran jou Bondye Toupisan an [...], yo rele ann ebre Har-Magedòn [Amagedòn] ”, lagè kote ‘ wa ki sou tout kò tè ki abite ’ a pral detwi (Revelasyon 16:14, 16). Èske fason w ap viv la demontre ou gen konviksyon “ jou Jewova ” sa a toupre ? — Sefànya 1:14-18 ; Jeremi 25:33.
3. a) Ki lè jou Jewova a ap rive ? b) Lefètke Jewova pa revele “ jou sa a ak lè a ”, nan ki sans sa itil ?
3 Labib pa di nou nan ki dat egzak Jezi Kris pral vini antanke moun Jewova mete pou egzekite jijman l kont sistèm de choz Satan an. Jezi te di : “ Kanta pou jou sa a oswa lè a, pèsonn pa konnen, ni zanj nan syèl la, ni Pitit Gason an, eksepte Papa a. ” (Mak 13:32). Si yon moun pa vrèman renmen Jewova, l ap gen tandans rekile jou a nan lespri l pou l pousuiv aktivite pwofàn. Men, moun ki renmen Jewova toutbonvre ap sèvi l ak tout nanm yo, kèlkeswa lè fen sistèm mechan sa a rive. — Sòm 37:4 ; 1 Jan 5:3.
4. Ki avètisman Jezi te bay ?
4 Jezi avèti moun ki renmen Jewova yo, li di : “ Kontinye veye, rete je klè, paske nou pa konnen ki lè ki tan fikse a. ” (Mak 13:33-37). Li egzòte nou pou nou pa kite manje ak bwè oswa “ tèt chaje lavi a ” tèlman akapare nou, opwen pou sa fè nou fèmen je sou gravite tan an. — Lik 21:34-36 ; Matye 24:37-42.
5. Tankou Pyè te esplike sa, ki sa jou Jewova a pral pote ?
5 Nan menm sans lan, Pyè konseye nou pou nou toujou kenbe “ prezans jou Jewova a nan lespri nou, akoz jou sa a, syèl yo etan yo pran dife pral demantle, epi eleman ki vin cho anpil yo pral fonn ”. Tout gouvènman lèzòm yo, “ syèl yo ”, ansanm ak sosyete moun mechan yo an jeneral, “ tè a ”, avèk “ eleman ” li yo, sa vle di ide ak aktivite monn mechan an, tankou etadespri endepandan li genyen parapò ak Bondye, vi imoral ak vi materyalis ki gen ladan l, tout nèt pral detwi. Se yon “ syèl tounèf [Wayòm selès Bondye a] ak yon tè tounèf [yon nouvo sosyete k ap gen sou tè a] ” kote “ jistis ap abite ” ki pral ranplase bagay sa yo (2 Pyè 3:10-13). Evènman sa yo k ap yon boulvèsman mondyal pral kòmanse bridsoukou nan yon jou ak nan yon lè moun pa atann. — Matye 24:44.
Rete vijilan konsènan siy lan
6. a) Jis nan ki pwen repons Jezi te bay pou kesyon disip yo te poze l la konsène fen sistèm juif la ? b) Ki pati nan repons Jezi a ki atire atansyon sou evènman ak konpòtman moun genyen depi 1914 ?
6 Lè nou konsidere tan n ap viv la, nou ta dwe byen familyarize nou ak tout detay ki nan siy konpoze ki idantifye dènye jou yo, “ konklizyon sistèm de choz la ”. Sonje, lè Jezi te reponn kesyon disip li yo, kesyon nou jwenn nan Matye 24:3 a, kèk nan bagay li dekri soti nan vèsè 4 rive nan vèsè 22 te gen yon vyepti akonplisman sou sistèm juif la ant ane 33 e ane 70 epòk nou an. Men, pwofesi a gen prensipal akonplisman l apati 1914, epòk “ prezans ” Kris ak “ konklizyon sistèm de choz la ”. Matye 24:23-28 di ki sa k ta pase soti nan ane 70 epòk nou an pou rive jiska prezans Kris. Evènman yo dekri nan Matye 24:29-25:46 yo ap reyalize pandan tan lafen an.
7. a) Poukisa pèsonèlman nou ta dwe veye avèk atansyon kòman sitiyasyon ki egziste yo reyalize siy lan ? b) Pandan w ap reponn kesyon ki nan fen paragraf sa a, montre kòman siy lan ap akonpli depi 1914.
7 Pèsonèlman, nou ta dwe prete anpil atansyon ni ak evènman ni ak konpòtman moun genyen ki reyalize siy lan. Lè nou fè relasyon ant bagay sa yo ak pwofesi biblik yo, sa pral ede nou toujou kenbe jou Jewova a prezan nan lespri nou. Anplis de sa, sa ap pèmèt nou konvenkan lè n ap avèti moun sou jou sa a ki deja toupre a (Izayi 61:1, 2). Avèk objektif sa yo nan lespri nou, annou egzamine kesyon apre yo ki mete aksan sou kèk pati siy lan, jan sa rapòte nan Matye 24:7 ak Lik 21:10, 11.
Ki fason estrawòdinè prediksyon ‘ nasyon pral leve kont nasyon e wayòm kont wayòm ’ nan te kòmanse akonpli an 1914 ? Anrapò ak kesyon lagè, ki sa k rive depi lè sa a ?
An 1918, ki epidemi ki te fè plis viktim pase Premye Gè mondyal la ? Malgre konesans lòm genyen nan domèn medikal, ki maladi ki kontinye touye plizyè milyon moun ?
Jis nan ki pwen gen grangou sou tè a malgre pwogrè syantifik ki reyalize nan syèk ki sot pase a ?
Ki sa k konvenk ou 2 Timote 3:1-5, 13 pa dekri fason lavi a te toujou ye, men li dekri jan move kondisyon yo ap vin pi mal tank n ap avanse nan fen dènye jou yo ?
Yon separasyon
8. a) Ki lòt bagay ki dekri nan Matye 13:24-30, 36-43 Jezi te asosye ak konklizyon sistèm de choz la ? b) Ki sa egzanp Jezi a siyifi ?
8 Gen lòt evènman enpòtan Jezi te asosye ak konklizyon sistèm de choz la. Youn ladan yo se separasyon “ pitit wayòm nan ” ak “ pitit mechan an ”. Jezi te pale de sa nan parabòl li te bay konsènan yon jaden ble yon ènmi te vin simen move zèb ladan l. Nan egzanp Jezi a, “ ble a ” reprezante vrè kretyen wen yo. “ Move zèb la ” se moun ki pretann yo se kretyen, men ki pwouve se “ pitit mechan an ” yo ye paske yo rete kole ak monn Dyab la ap dirije a. Moun sa yo separe ak “ pitit wayòm [Bondye a] ”, e yo make yo pou destriksyon (Matye 13:24-30, 36-43). Èske separasyon sa a fèt toutbonvre ?
9. a) Apre Premye Gè mondyal la, ki gwo separasyon ki te fèt pami tout moun ki pretann yo se kretyen ? b) Kòman kretyen wen yo te demontre se yo menm k ap fè sèvis Wayòm nan toutbonvre ?
9 Apre Premye Gè mondyal la, te gen yon separasyon ki te fèt pami tout moun ki pretann yo se kretyen : yon bò, te gen klèje lakretyente a ak fidèl li yo ki te bay Sosyete nasyon yo (ki rele Nasyonzini kounye a) yon apui solid pandan yo kenbe fidelite nasyonalis yo byen fèm. E yon lòt bò, te gen vrè kretyen yo, nan peryòd apre gè a, ki te bay Wayòm mesyanik Bondye a yon apui total olye pou yo te apiye nasyon ki nan monn nan (Jan 17:16). Vrè kretyen yo pwouve se yo menm k ap fè sèvis Wayòm Bondye a toutbonvre lè yo angaje yo nan predikasyon “ bon nouvèl wayòm nan ” sou tout tè a (Matye 24:14). Ki rezilta yo jwenn ?
10. Ki premye rezilta aktivite preche Wayòm nan te bay ?
10 Dabò te gen rasanbleman rès moun ki wen ak lespri Bondye. Moun sa yo gen esperans pou yo fè pati Wayòm selès la ansanm ak Kris. Malgre yo te epapiye pami nasyon yo, yo te vin fòme yon òganizasyon ini. Travay mete so final la sou wen sa yo pa lwen rive nan fen l. — Revelasyon 7:3, 4.
11. Ki travay rasanbleman k ap kontinye, e ann amoni ak ki pwofesi ?
11 Apre sa, anba direksyon Kris, yo te kòmanse rasanble “ yon gwo foul [...] ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang ”. Moun sa yo fè pati “ lòt mouton yo ” ki pral chape nan “ gwo tribilasyon an ” pou yo antre nan monn nouvo Bondye a (Revelasyon 7:9, 14 ; Jan 10:16). Travay sa a, travay preche Wayòm Bondye a anvan lafen an rive a, ap kontinye jiska prezan. Avèk fidelite, gwo foul lòt mouton yo, ki gen kounye a plizyè milyon moun ladan l, ap ede rès wen an pibliye mesaj Wayòm nan ki trèzenpòtan. Mesaj sa a yo tande l nan tout nasyon.
Ki sa k pral rive alavni ?
12. Ki kantite travay ki rete pou fèt ankò nan aktivite predikasyon an anvan jou Jewova a rive ?
12 Tout sa k sot di anvan yo endike nou toupre fen dènye jou yo e jou Jewova a prèske rive. Men, èske gen pwofesi ki gen pou akonpli ankò anvan jou terib sa a kòmanse ? Wi. Pa egzanp, separasyon moun anrapò ak kesyon Wayòm nan poko fini. Nan kèk zòn ki te gen gwo opozisyon pandan plizyè ane, kounye a nan zòn sa yo gen akwasman nan kantite nouvo disip yo. Menm nan zòn kote moun rejte bon nouvèl la, temwayaj nou bay la demontre mizèrikòd Jewova. Kidonk, annou kontinye fè travay la ! Jezi asire nou lè travay la fini, lafen an ap rive.
13. Jan 1 Tesalonisyen 5:2, 3 rapòte sa, ki evènman remakab ki gen pou fèt ankò, e ki sa sa ap vle di pou nou ?
13 Yon lòt pwofesi biblik ki trèzenpòtan anonse : “ Lè yo va di : ‘ Lapè ak sekirite ! ’ lè sa a gen yon destriksyon k ap tonbe sou yo bridsoukou nan menm moman an menm jan doulè pran yon fi ansent, e pap gen okenn mwayen pou yo chape. ” (1 Tesalonisyen 5:2, 3). N ap tann pou nou wè sou ki fòm yo pral fè pwoklamasyon “ lapè ak sekirite ” a. Men, se sèten sa pap vle di dirijan ki nan monn nan pral rezoud pwoblèm limanite genyen yo toutbonvre. Pwoklamasyon sa a pap twonpe moun ki toujou gen jou Jewova a prezan nan lespri yo. Yo konnen imedyatman apre sa, destriksyon an ap vini bridsoukou.
14. Ki evènman ki gen pou fèt pandan gwo tribilasyon an, e nan ki lòd y ap fèt ?
14 Nan kòmansman gwo tribilasyon an, dirijan yo pral vire kont Gran Babilòn nan, anpi mondyal fo relijyon an, e y ap aneyanti l (Matye 24:21 ; Revelasyon 17:15, 16). Apre sa, nasyon yo pral vire kont moun k ap soutni souvrènte Jewova yo. Sa pral eksite kòlè Jewova kont gouvènman politik yo ansanm ak patizan yo, e sa pral mennen yon destriksyon total pou yo. Se pral Amagedòn, dènye bout gwo tribilasyon an. Apre sa, y ap lage Satan ak demon l yo nan abim, kote yo pap ka enfliyanse limanite ankò. Se konsa jou Jewova a ap fini, jou kote non li va plase byen wo. — Ezekyèl 38:18, 22, 23 ; Revelasyon 19:11–20:3.
15. Poukisa li pa saj pou nou panse jou Jewova a lwen toujou ?
15 Selon kalandriye Bondye, fen sistèm sa a ap vini egzakteman nan lè fikse a. Li pap anreta (Abakouk 2:3). Sonje sa, destriksyon Jerizalèm an 70 epòk nou an te vini byen vit, nan yon lè Juif yo pa t atann, lè yo te panse danje a pase. E konsènan Babilòn tan lontan an ? Li te pisan, li te gen konfyans nan tèt li, e li te gen gwo miray masif ki te pwoteje l. Men, li te tonbe nan yon sèl nuit. Konsa tou, destriksyon sistèm mechan ki la kounye a pral vini bridsoukou. Lè sa rive, annou bat pou nou twouve nou ini nan vrè adorasyon an. Annou toujou kenbe jou Jewova a prezan nan lespri nou.
Revizyon
• Poukisa li trèzenpòtan pou nou kenbe jou Jewova a prezan nan lespri nou ? Ki jan nou ka fè sa ?
• Nan ki sans separasyon k ap fèt la konsène nou pèsonèlman ?
• Ki sa k pral rive ankò anvan jou Jewova a kòmanse ? Konsa, ki sa nou dwe fè pèsonèlman ?
[Foto nan paj 180, 181]
Talè konsa, dènye jou yo pral pran fen avèk destriksyon sistèm Satan an.