BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • bh p. 222-p. 223
  • Èske nou dwe selebre fèt?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske nou dwe selebre fèt?
  • Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa Temwen Jewova yo pa fete kèk fèt?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Èske se tout fèt ki fè Bondye plezi?
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Èske se tout fèt ki fè Bondye plezi?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Ki sa Bib la di sou fèt Pak?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Ki sa Labib anseye toutbonvre?
bh p. 222-p. 223

APENDIS

Èske nou dwe selebre fèt?

FÈT popilè relijye ak fèt popilè pwofàn moun ap selebre anpil kote nan monn nan jodi a pa baze sou Bib la. Si se konsa, kote fèt sa yo soti? Si nou gen posiblite al fè rechèch nan yon bibliyotèk, l ap enteresan pou nou note sa kèk ouvraj referans di konsènan fèt popilè nan zòn kote n ap viv la. Annou pran kèk egzanp.

Fèt Pak. “Nou pa jwenn okenn tras nan Nouvo Testaman an ki montre yo te konn obsève fèt Pak”, se sa yon ansiklopedi (The Encyclopædia Britannica) deklare. Ki jan zafè fèt Pak la te kòmanse? Li pran rasin nan adorasyon payen yo te konn fè. Alòske yo pretann fèt sa a ap komemore rezirèksyon Jezi, koutim yo obsève nan epòk Pak la se pa koutim kretyen. Pa egzanp, konsènan koutim popilè “lapen Pak” la, gen yon ansiklopedi (The Catholic Encyclopedia) ki di: “Lapen an se yon senbòl payen e li te toujou yon senbòl ki gen rapò ak fè anpil pitit oswa pwodui anpil.”

Fèt Joudlan. Dat ak koutim ki makònen ak fèt Joudlan an varye anpil, sot nan yon peyi al nan yon lòt. Konsènan orijin fèt sa a, men sa yon ansiklopedi (The World Book Encyclopedia) deklare: “Jil Seza, yon dirijan women, te etabli 1ye janvye kòm Joudlan nan ane 46 anvan epòk nou an. Women yo te dedye jou sa a bay Janis, dye pòtay, dye pòt ak dye kòmansman. Mwa janvye a te pot non Janis, li menm ki te gen de fas, youn ki vire ap gad devan e lòt la ki vire ap gad dèyè.” Kidonk, fèt Joudlan an baze sou tradisyon payen.

Fèt Dèmò. Yon ansiklopedi (The Encyclopedia Americana) fè konnen: “Nou ka jwenn tras koutim ki mache ansanm ak fèt Dèmò a nan yon seremoni dwid [ansyen pretriz sèltik] ki te konn fèt anvan epòk kretyen yo. Sèlt yo te konn fè fèt pou de dye prensipal: yon dye solèy ak yon dye mò [...] yo te konn fete 1ye novanm, kòmansman Joudlan sèltik la. Fèt Dèmò a te vin antre tikras pa tikras nan rit kretyen yo.”

Lòt fèt. Li pa posib pou nou pale sou tout fèt yo selebre nan lemonnantye. Sepandan, fèt k ap fè lwanj pou moun oswa pou òganizasyon lèzòm pa akseptab pou Jewova (Jeremi 17:5-7; Travay 10:25, 26). Epitou, se pou nou sonje orijin fèt relijye yo ap ede nou konnen si yo fè Bondye plezi oswa si yo pa fè l plezi (Izayi 52:11; Revelasyon 18:4). Prensip biblik nou jwenn nan chapit 16 nan liv sa a pral ede nou wè pwennvi Bondye genyen sou kesyon patisipasyon nan fèt pwofàn yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje