CHAPIT 14
“ Te gen gwo foul ki te pwoche bò kote l ”
“ Kite timoun piti yo vin jwenn mwen. ”
1-3. Ki sa k pase lè paran yo mennen timoun yo genyen yo bay Jezi, e ki sa sa k pase a revele sou Jezi ?
JEZI konnen lavi l sou tè a pral bout byen vit. Se sèlman kèk semèn ki rete l e li tèlman gen anpil bagay pou l fè. L ap preche ak apot li yo nan Pere, yon zòn ki nan lès rivyè Jouden an. Y ap mache nan direksyon sid, nan direksyon Jerizalèm kote Jezi pral asiste dènye Pak li, yon Pak ki pral make yon moman kritik nan lavi l.
2 Apre Jezi fin gen yon gwo diskisyon ak kèk chèf relijye, vin gen yon ti ajitasyon. Moun yo ap mennen timoun yo genyen yo wè Jezi. Aparamman, timoun yo pa gen menm laj, paske Mak pale de yo avèk menm mo li te itilize anvan sa pou l dekri yon timoun 12 an, tandiske Lik sèvi ak yon mo nou ka mete “ timoun piti ” pou li (Lik 18:15 ; Mak 5:41, 42 ; 10:13). Natirèlman, kote ki gen timoun, souvan gen anpil bri ak anpil ajitasyon. Disip Jezi yo reprimande paran yo, petèt yo sipoze Mèt la twò okipe pou yo vin nui l avèk timoun. Ki reyaksyon Jezi ?
3 Lè Jezi wè sa k ap pase a, li vin fache. Kont kiyès ? Kont timoun yo ? Kont paran yo ? Non ! Li vin fache kont disip yo. Men sa l di : “ Kite timoun piti yo vin jwenn mwen, pa eseye bloke yo, paske se pou moun tankou yo Wayòm Bondye a ye. An verite mwen di nou sa, kèlkeswa moun ki pa resevwa Wayòm Bondye a tankou yon timoun, li pap antre ladan l menm. ” Apre sa, Jezi pran timoun yo “ nan bra li ”, e li beni yo (Mak 10:13-16). Mo Mak anplwaye la a lese nou konprann Jezi te bay timoun yo akolad avèk afeksyon, petèt menm, selon jan yon tradiktè rann pasaj sa a, li te kenbe kèk timoun “ nan bra l ”. Sa klè, Jezi gen afeksyon pou timoun. Sepandan, gen yon lòt bagay nou aprann la a sou Jezi : li se yon moun ki abòdab.
4, 5. a) Kòman nou fè sèten Jezi te yon moun ki abòdab ? b) Ki kesyon nou pral egzamine nan chapit sa a ?
4 Si Jezi te yon moun ki frèt, ki twò serye oswa ki sekwa, petèt timoun sa yo pa t ap anvi pwoche kote l, ni nonplis paran yo pa t ap santi yo alèz pou yo abòde l. Jan nou ka imajine sèn nan, èske nou pa wè paran yo ki nan lajwa toutpandan mesye sa a ki janti a ap demontre afeksyon l pou timoun yo, l ap montre li rekonèt valè yo genyen nan je Bondye e l ap beni yo ? Vrèmanvre, malgre Jezi te okipe ak pi gwo responsablite ki te ka genyen, li te rete moun ki pi abòdab la.
5 Ki lòt moun ankò ki te remake Jezi abòdab ? Sa k fè l te fasil pou moun pwoche bò kote l ? E ki jan nou ka aprann vin menm jan ak Jezi sou pwen sa a ? Se kesyon sa yo nou pral egzamine.
Kiyès ki te twouve Jezi abòdab ?
6-8. Avèk kiyès Jezi te ye byen souvan, e kòman fason l te konsidere yo te diferan parapò ak atitid chèf relijye yo ?
6 Toutpandan w ap li istwa yo rapòte nan Evanjil yo, ou ka enpresyone lè w wè ki jan yon pakèt pakèt moun pa t ezite pwoche bò kote Jezi. Pa egzanp, anrapò avèk li, byen souvan, nou tande pale de “ gwo foul ”. “ Gen gwo foul ki suiv li, yo sot nan Galile. ” “ Gen gwo foul ki vin rasanble bò kote l. ” “ Te gen gwo foul ki te pwoche bò kote l. ” “ Gen gwo foul moun ki t ap vwayaje ansanm avèk li. ” (Matye 4:25 ; 13:2 ; 15:30 ; Lik 14:25). Wi, souvan, foul moun te abitye antoure Jezi.
7 Jeneralman, se te moun òdinè, moun chèf relijye yo konn pale de yo avèk mepri kòm “ moun andeyò ”. Farizyen yo ak prèt yo te konn di ouvètman : “ Foul moun sa a ki pa konn lalwa a, se moun modi yo ye. ” (Jan 7:49). Annapre, raben ki te ekriven yo te vin apiye etadespri sa a. Anpil chèf relijye te konsidere moun sa yo kòm moun ki meprizab, yo te konn refize manje avèk yo, yo te refize achte nan men yo oswa frekante yo. Genyen ki te konn ensiste pou yo fè konnen pa gen espwa rezirèksyon pou moun konsa ki pa t konn lalwa oral la ! Anpil moun ki nan klas ki pi ba yo dwe te konn evite chèf sa yo olye pou yo mande yo èd oswa pou yo mande yo konsèy. Men, Jezi te diferan.
8 Jezi te konn frekante moun ki nan pèp la san pwoblèm. Li te manje avèk yo, li te geri yo, li te anseye yo, e li te ba yo espwa. Natirèlman, Jezi te reyalis, li te rekonèt pifò moun t apral rejte opòtinite yo jwenn pou yo sèvi Jewova (Matye 7:13, 14). Sepandan, li te gen yon pwennvi pozitif sou chak moun li rankontre, e li te wè anpil nan yo gen kapasite pou yo fè sa ki dwat. Ala diferan sa te diferan parapò ak prèt yo ansanm ak Farizyen yo ki te gen kè di ! Men, sa ki etonan, sèke menm prèt yo ak Farizyen yo te konn pwoche bò kote Jezi, e gen ladan yo ki te chanje fason yo t ap viv e yo te suiv li (Travay 6:7 ; 15:5). Kèk moun rich ak moun ki gen pouvwa te twouve Jezi abòdab tou. — Mak 10:17, 22.
9. Sa k fè medam yo te twouve Jezi abòdab ?
9 Medam yo pa t ezite pwoche bò kote Jezi. Byen souvan, yo te konn santi yo imilye devan mepri chèf relijye yo. An jeneral, raben yo te dezapwouve pou fi resevwa enstriksyon. Anfèt, yo pa t pèmèt medam yo temwaye nan pwosè : yo te konsidere yo kòm temwen moun pa ka fè konfyans. Raben yo te menm konn di yon priyè kote yo remèsye Bondye dèske yo pa t fi ! Epoutan, medam yo pa t jwenn mepri konsa lakay Jezi. Anpil nan yo te konn pwoche bò kote l, yo te swaf pou yo aprann. Pa egzanp, nou jwenn Mari, sè Laza a, ki chita nan pye Seyè a, li ret konsantre ap koute pawòl Jezi yo tandiske Mat, sè l la, te okipe anpil nan kesyon prepare manje e li te enkyete l twòp pou sa. Jezi te felisite Mari dèske li te fikse bonjan priyorite pou tèt li. — Lik 10:39-42.
10. Ki jan Jezi te montre li diferan parapò ak chèf relijye yo nan fason li te konn boule ak moun ki te malad yo ?
10 Moun ki te malad yo tou te konn vin jwenn Jezi an foul, menmsi byen souvan, chèf relijye yo te konn trete yo kòm moun sosyete a rejte. Lalwa Moyiz la te gen dispozisyon ladan l pou mete lepre yo an karantèn pou rezon sante, men sa pa t bay moun dwa pou yo mal aji avèk yo (Levitik chapit 13). Epoutan, annapre, règ raben yo te mete yo te fè konnen lepre yo repiyan menm jan ak matyè fekal. Gen kèk chèf relijye ki te tèlman rive lwen, yo te konn voye wòch sou lepre yo pou yo ba yo yon kanpe lwen ! Li difisil pou nou imajine ki jan moun sa yo ki te sibi tretman konsa te rive jwenn kouraj pou yo pwoche bò kote nenpòt anseyan. Men, lepre yo te kanmenm pwoche bò kote Jezi. Gen youn ki te eksprime lafwa l ak pawòl sa yo moun byen konnen : “ Seyè, si ou vle, ou ka pirifye m. ” (Lik 5:12). Nan chapit ki vin apre a, n ap pale de repons Jezi a. Pou kounye a, annou di sèlman li t ap difisil pou nou jwenn yon prèv ki pi vivan pase sa ki montre Jezi te abòdab.
11. Ki egzanp ki montre nou moun ki te santi yon pwa lou sou do yo poutèt fot yo te komèt te konn santi yo alèz pou yo pwoche bò kote Jezi, e poukisa sa enpòtan ?
11 Moun ki santi yon pwa lou sou yo poutèt fot yo komèt te konn pwoche bò kot Jezi. Pa egzanp, sonje lè Jezi t ap soupe lakay yon Farizyen. Yon fi ki te gen repitasyon moun ki fè anpil peche vini e li met ajenou nan pye Jezi, toutpandan l ap kriye pou fot li fè. Dlo nan je l benyen pye Jezi, e li sèvi ak cheve l pou l seche yo. Alòske moun ki t ap resevwa Jezi a rale yon bak e li jije Jezi yon fason di dèske Jezi kite fi sa a vin toupre l, avèk bonte, Jezi felisite fi a pou repantans sensè li, e li ba l asirans Jewova padone l (Lik 7:36-50). Jodi a plis pase nenpòt lòt lè, moun ki santi yon pwa lou sou yo poutèt fot yo komèt dwe santi yo alèz pou yo pwoche bò kote moun ki ka ede yo rekonsilye ak Bondye ! Ki sa k te fè Jezi abòdab konsa ?
Ki sa k te fè Jezi abòdab ?
12. Poukisa se pa etonan pou Jezi te abòdab ?
12 Nou pap bliye Jezi te imite Papa selès li renmen an pafètman (Jan 14:9). Labib raple nou Jewova “ pa lwen okenn nan nou ”. (Travay 17:27.) Jewova, Sila a “ ki konn tande priyè ” a, toujou disponib pou sèvitè fidèl li yo e pou nenpòt lòt moun ki vle jwenn li e ki vle sèvi l ak tout kè yo (Sòm 65:2). Imajine sa : Pèsonaj ki pi pisan e ki pi enpòtan nan linivè a se li menm tou ki pi abòdab ! Se konsa tou, Jezi renmen moun menm jan ak Papa l. Nan chapit ki vin apre yo, n ap pale de lanmou ki te pwofon nan kè Jezi. Sa k fè Jezi te abòdab, se sitou paske li te fasil pou moun wè li renmen moun. Annou egzamine kèk aspè nan pèsonalite Jezi ki te demontre lanmou sa a.
13. Ki jan paran yo ka imite Jezi ?
13 Li te fasil pou moun yo rann yo kont Jezi te enterese nan yo pèsonèlman. Enterè pèsonèl sa a pa t disparèt bridsoukou lè Jezi te anba presyon. Jan nou te deja wè sa, lè paran yo te mennen pitit yo bay Jezi, li te toujou abòdab menm lè l te okipe, menm lè l te chaje ak gwo responsablite. Ala yon bèl egzanp li kite pou paran yo ! Se yon defi pou nou leve timoun nan monn jodi a. Epoutan, li esansyèl pou timoun yo rann yo kont paran yo abòdab. Si w se yon paran, ou konnen gende lè ou twò okipe pou w bay pitit ou atansyon li bezwen an. Men, èske w ka ba l asirans w ap kreye tan pou li osito sa posib ? Si w kenbe mo w, pitit ou ap aprann ki rekonpans yon moun jwenn lè l montre l pasyan. Epi, l ap tou konnen li mèt santi l alèz pou l vin bò kote w lè l gen nenpòt pwoblèm oswa nenpòt bagay k ap trakase l.
14-16. a) Nan ki sikonstans Jezi te fè premye mirak li a, e poukisa se te yon aksyon estrawòdinè ? b) Ki sa mirak Jezi te fè nan vil Kana a revele sou li, e ki leson sa bay paran yo ?
14 Jezi te montre moun yo enkyetid yo gen enpòtans pou li. Pa egzanp, reflechi sou premye mirak Jezi te fè a. Li t ap asiste yon festen maryaj nan Kana, yon vil nan Galile. Gen yon pwoblèm delika ki te poze : te vin manke diven ! Mari, manman Jezi, di pitit gason l lan sa k te rive. E ki sa Jezi te fè ? Li mande moun ki t ap sèvi yo pou yo plen sis gwo ja ak dlo. Lè yo pote enpe bay direktè festen an goute, li sezi wè se te bon diven ! Èske se te yon trik ? Non. Dlo a te “ tounen diven ”. (Jan 2:1-11.) Depi lontan, lèzòm te toujou reve fè yon bagay tounen yon lòt bagay. Pandan plizyè syèk, yon seri mesye yo rele alchimis te eseye fè plon tounen lò. Yo pa t janm reyisi fè sa, malgre an reyalite, plon ak lò se de eleman ki sanble anpila. Ki sa n ka di pou dlo ak diven ? Lè w egzamine konpozisyon chimik dlo, li senp, se konbinezon de eleman de baz. Yon lòt bò, diven li menm li gen anviwon yon milye konpozan, e anpil ladan yo trè konplike ! Poukisa pou Jezi ta fè yon aksyon ki estrawòdinè konsa pou l rezoud yon ti pwoblèm tankou pàn diven nan yon festen maryaj ?
15 An reyalite, pwoblèm nan pa t piti pou lemarye ak lamarye. Nan tan lontan, nan zòn Mwayen Oryan, li te trèzenpòtan pou yon moun demontre ospitalite pou envite l ap resevwa. Si ta vin gen pàn diven nan yon festen maryaj, sa t ap lakòz lemarye ak lamarye santi yo wont e yo t ap jennen, sa t ap rale tristès sou jou maryaj yo a e plizyè ane apre, yo t ap toujou sonje sa ak kè sere. Pwoblèm nan te gen enpòtans pou yo, e li te gen enpòtans pou Jezi. Donk, li te fè yon bagay pou sa. Kounye a, èske w konprann poukisa moun yo te konn vin kote l ak enkyetid yo genyen ?
Montre pitit ou ou se moun ki abòdab e ou vrèman sousye w de li.
16 La ankò, paran yo ka aprann yon leson ki enpòtan. Ki sa w ap fè si pitit ou vin bò kote w ak yon pwoblèm k ap trakase l ? Ou ka gen tandans voye enkyetid li a jete kòm yon bagay ki pa gen enpòtans. Ou ka menm gen tandans ri pwoblèm sa a. Lè w konpare pwoblèm pitit ou a ak pakèt tèt chaje w genyen, ou gendwa wè pwoblèm sa a pa anyen. Sepandan, pa bliye se pa yon ti bagay sa ye pou timoun nan ! Si sa gen enpòtans pou yon moun ou sitèlman renmen, èske sa pa ta dwe gen enpòtans pou ou tou ? Lè pitit ou a rann li kont ou sousye w de pwoblèm li, sa fè w vin yon paran ki abòdab.
17. Ki egzanp Jezi te kite anrapò ak dousè, e poukisa sa mande fòs pou yon moun demontre kalite sa a ?
17 Jan nou te pale de sa nan chapit 3 a, Jezi te dou e li te enb (Matye 11:29). Dousè se yon bèl kalite, e se yon prèv ki montre moun ki genyen l lakay li gen imilite nan kè l. Li fè pati fwi lespri Bondye a e li asosye ak sajès ki soti nan Bondye (Galat 5:22, 23 ; Jak 3:13). Menm lè Jezi t ap sibi pwovokasyon ki pi terib ki egziste, li te kenbe metriz li. Se sèten dousè l la pa t yon feblès. Gen yon biblis ki pale de dousè, li di : “ Gen yon fòs ann asye ki kache dèyè kalite sa a. ” Vrèmanvre, byen souvan sa mande fòs pou nou domine kòlè nou e pou nou trete lòt moun avèk dousè. Men, avèk èd Jewova k ap beni efò nou, nou ka imite Jezi nan fason nou demontre dousè, e sa ap fè nou pi abòdab.
18. Ki egzanp ki revele kòman Jezi te rezonab, e poukisa dapre ou menm, kalite sa a rann yon moun abòdab ?
18 Jezi te rezonab. Gen yon lè, Jezi te nan vil Ti, epi yon fi vin kote l paske li te gen pitit li ki te “ gen demon terib sou li ”. Jezi te montre, nan twa fason diferan, li pa t deside fè sa fi a te vle a. Premyèman, li pa t reponn, dezyèmman, li te ba l yon rezon ki fè li pa ta dwe fè sa l te mande l la, e twazyèmman, li te bay yon egzanp ki te fè pwen an vin pi klè. Sepandan, èske li te aji yon fason ki frèt, yon fason ki montre li pap sede ? Èske l te lese konprann fi a te sou yon pant danjere dèske li te oze kontredi pawòl yon mesye ki enpòtan tankou l ? Non, li klè fi sa a te santi l an konfyans. Nonsèlman li te mande èd, men tou li te ensiste menmsi li parèt klè Jezi pa t dispoze ede l. Jezi te remake lafwa estrawòdinè ki te pouse l ensiste a, e li te geri pitit fi l la (Matye 15:22-28). Se sèten, lefètke Jezi te rezonab, li te dispoze koute moun, e li te dispoze sede lè sa apwopriye, sa te fè moun yo anvi pwoche bò kote l !
Èske w abòdab ?
19. Ki jan nou ka konnen si nou vrèman abòdab ?
19 An jeneral, moun renmen konsidere tèt yo kòm moun ki abòdab. Pa egzanp, moun ki gen otorite renmen di yo se moun ki trè ouvè, sa vle di moun ki anba otorite yo toujou lib pou yo pwoche bò kote yo. Sepandan, Bib la bay avètisman pisan sa a : “ Anpil gason ap pwoklame, yo chak, pwòp bonte ki plen lanmou pa yo, men yon gason ki fidèl, kiyès ki ka jwenn li ? ” (Pwovèb 20:6). Li fasil pou nou di nou se moun ki abòdab, men èske nou vrèman fidèl nan imite aspè sa a nan lanmou Jezi te genyen ? N ap jwenn repons lan, non pa nan fason nou wè tèt nou, men nan fason lòt moun wè nou. Pòl te di : “ Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab. ” (Filipyen 4:5). L ap bon pou nou chak poze tèt nou kesyon sa yo : ‘ Ki jan lòt moun wè m ? Ki repitasyon mwen genyen ? ’
Ansyen yo fè efò pou yo abòdab.
20. a) Poukisa li enpòtan pou ansyen yo abòdab ? b) Poukisa nou dwe rezonab nan sa n ap atann nan men ansyen nan kongregasyon an ?
20 Moun k ap sèvi kòm ansyen nan kongregasyon yo an patikilye fè efò pou yo abòdab. Ak tout kè yo, yo vle viv ann amoni ak deskripsyon nou jwenn nan Izayi 32:1, 2, ki di : “ Yo chak dwe vin tankou yon kachèt kont van, tankou yon refij kont tanpèt lapli, tankou rigòl dlo nan yon tè sèk, tankou lonbray yon wòch masif nan yon tè ki depafini. ” Yon ansyen ka bay pwoteksyon, ankourajman ak rekonfò konsa sèlman si li toujou abòdab. N ap rekonèt sa pa toujou fasil paske ansyen yo gen gwo responsablite sou do yo nan tan difisil sa yo. Sepandan, ansyen yo fè efò pou yo pa janm parèt twò okipe pou yo pran swen bezwen mouton Jewova yo (1 Pyè 5:2). Lòt manm nan kongregasyon an fè efò pou yo montre yo rezonab nan sa y ap atann nan men mesye fidèl sa yo. Konsa, yo montre yon etadespri ki gen imilite ak yon espri kolaborasyon. — Ebre 13:17.
21. Ki jan paran yo ka rete disponib pou pitit yo, e sou ki sa nou pral pale nan chapit ki vin apre a ?
21 Paran yo ap fè efò pou yo toujou disponib pou pitit yo. Sa tèlman enpòtan ! Yo vle pitit yo konnen li bon pou yo mete konfyans yo nan papa yo ak manman yo. Donk, paran yo fè efò pou yo montre yo dou e pou yo montre yo rezonab : yo pap gen reyaksyon ki depase limit lè pitit yo avwe li te fè yon fot oswa lè li fè yon move rezònman. Toutpandan paran yo ap fòme pitit yo avèk pasyans, yo fè efò pou yo kontinye kominike ak pitit yo. An reyalite, nou tout, menm jan ak Jezi, nou vle rete abòdab. Nan chapit ki vin apre a, n ap pale konsènan youn nan prensipal kalite ki te fè Jezi abòdab : konpasyon li te demontre ak tout kè l.
a Moun ki etidye chimi konnen plon ak lò toupre nan tablo peryodik eleman yo. Yon atòm plon gen sèlman twa pwoton anplis nan nwayo li pase yon atòm lò. Fizisyen modèn yo menm rive fè kèk ti kantite plon tounen lò, men sa mande anpil enèji, e sa pa rantab.