BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yp2 chap. 12 p. 105-110
  • Poukisa tripotay pa bon?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa tripotay pa bon?
  • Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Èske li toujou mal pou pale de lòt moun?
  • Vire konvèsasyon an tikras pa tikras
  • Lè se sou ou yo fè tripotay
  • Ki sa m ka fè si y ap fè tripotay sou mwen?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
yp2 chap. 12 p. 105-110

CHAPIT 12

Poukisa tripotay pa bon?

“Yon lè m al nan yon fèt epi nan demen mwen tande yon bann bagay sou do m kòmkwa mwen te fè sèks ak youn nan tigason ki te la yo. Se te yon manti kri!” — Linda.

“Gendelè, yo konn ap fè bri kouri sou do m kòmkwa mwen renmen ak yon moun mwen pa menm konnen! Gen anpil moun k ap pale san yo pa verifye sa y ap di yo.” — Mike.

TRIPOTAY ka fè lavi w chaje ak pwoblèm. Se sa Amber, ki gen 19 an, te remake. Li di: “Yo te toujou ap fè tripotay sou do m. Yo konn di mwen ansent, mwen konn jete pitit, mwen konn vann dwòg, mwen konn achte dwòg e mwen konn pran dwòg. M vrèman pa konprann poukisa yo di bagay sa yo sou mwen!”

Jodi a, jèn yo gen tout sa yo bezwen pou yo sal repitasyon yon moun san yo pa di yon mo. Pa mwayen imel ak mesaj, yo ka jis fè yon klik epi yo gaye yon tripotay! Nan kèk ka, yo konn fè yon sit Entènèt menm pou sal repitasyon lòt moun. Youn nan sa nou plis konnen se yon seri blòg sou Entènèt ki la pou fè moun di yon seri bagay yo pa t ap janm di ak bouch yo.

Èske li toujou mal pou pale de lòt moun?

Mete wi oswa non apre deklarasyon ki pi ba a.

Li toujou mal pou nou pale de lòt moun. □ Wi □ Non

Ki vrè repons lan? Sa depan. Si w annik pale konsa de yon moun, pafwa gendwa pa gen pwoblèm nan sa. Anfèt, Bib la di pou nou “enterese nan sa k pase nan lavi lòt moun”. (Filipyen 2:4, New Century Version.) Sa pa vle di pou nou antre nan sa k pa gade nou (1 Pyè 4:15). Nan konvèsasyon nòmal moun fè, byen souvan nou konn jwenn kèk enfòmasyon ki itil, tankou kiyès ki pral marye, kiyès ki gen yon tibebe. Reyalite a sèke nou pa ka di nou enterese nan lòt moun si nou pa janm pale de yo!

Men, yon senp konvèsasyon ka tounen tripotay byen vit. Pa egzanp, yon moun ka pa gen okenn move entansyon epi li di “Bob ak Sara t ap fè yon bèl koup”, epi yon moun ki tande sa al di “Bob ak Sara renmen”, menmsi Bob ak Sara pa konn anyen. Petèt ou ka di ‘M pa wè pwoblèm nan’, men se pa ou ki Bob ak Sara!

Yo te fè yon gwo tripotay sou Julie, ki gen 18 an, e sa te fè l mal anpil. Men sa l di: “Sa te fè m fache anpil, e sa te vin fè l difisil pou m fè lòt moun konfyans.” Jane, ki gen 19 an, te nan menm sitiyasyon an, li di: “Mwen te vin ap kouri pou tigason yo di mwen renmen avè l la. Sa pa t fè sans paske se zanmi nou te ye. E m te santi yo pa t oblije pale sou do nou poutèt nou te zanmi an!”

Vire konvèsasyon an tikras pa tikras

Ki jan w ka veye lang ou pou l pa fè tripotay? Reflechi sou sa vle di pou yon chofè kondui yon machin sou yon wout nasyonal. Sa ka rive gen yon bagay ki fèt ki fè l wè nesesite swa pou l chanje liy, swa pou l ralanti, swa pou l kanpe nèt. Si w ap veye, w ap gentan wè sa k pral fèt la e w ap konn ki sa pou w fè.

Se menm bagay la lè w ap pale ak yon moun. Li fasil pou w wè lè yon konvèsasyon ap vire sou tripotay. Lè sa rive, avèk tak, èske w pa ta ka chanje sijè, oswa w annik vire kite konvèsasyon an? Si w pa fè sa, ebyen konnen: Tripotay ka lakòz gwo dega. Men sa Mike di: “Mwen te di yon pawòl ki pa t janti sou yon tifi, mwen te di li renmen kole twòp sou tigason. Li te vin aprann sa m di sou do l la. Mwen pap janm bliye ton vwa l lè l t ap di m jan sa m te di a te fè l mal. Nou te rezoud pwoblèm nan, men mwen pa t santi m byen paske m te konnen pawòl mwen te blese yon moun!”

Pa gen dout nan sa, pawòl nou ka blese lòt moun. Bib la rekonèt sa, li di: “Pawòl moun di san reflechi tankou kout epe.” (Pwovèb 12:18.) Se sa k fè li enpòtan anpil pou w veye sa k ap sot nan bouch ou! Se vre, sa mande pou w metrize w pou pa pale afè moun. Malgre sa, men sa Carolyn, ki gen 17 an, di: “Ou dwe fè atansyon ak sa w ap di. Si w pa verifye sa w tande yo, ou ka gaye manti.” Donk, si w wè yon konvèsasyon ka vire sou tripotay, suiv konsèy apot Pòl te bay la ki di “pou nou fè tout sa n kapab pou nou viv anpè, pou nou okipe pwòp zafè nou”. — 1 Tesalonisyen 4:11.

Kòman w ka montre w enterese nan moun san w pa rantre nan sa k pa gade w? Anvan w pale de yon moun mande tèt ou: ‘Èske m konn tout detay? Poukisa m vle fè lòt moun konnen enfòmasyon sa a? Si m gaye tripotay sa a, ki efè sa ap genyen sou repitasyon m?’ Dènye kesyon an enpòtan paske lè w fè tripotay, se ou menm yo plis wè se pa moun ou fè tripotay sou li a.

Lè se sou ou yo fè tripotay

Ki sa w ka fè lè yo fè tripotay sou ou? Men ki avètisman nou jwenn nan Eklezyas 7:9: “Pa kouri fache, paske se moun ki sòt ki plede fache.” Olye de sa, eseye wè bagay yo yon lòt jan. Bib la fè konnen: “Pinga w pran tout pawòl moun di oserye [...] Paske, ou menm tou ou konnen byen anpil fwa ou konn swete pou malè rive lòt moun.” — Eklezyas 7:21, 22.

Nòmalman, pa gen okenn rezon pou moun fè tripotay. Men, si w mal reyaji sa ka fè yo wè w pi mal pase tripotay yo fè sou ou a! Petèt, li t ap bon pou w wè bagay yo menm jan ak Renee. Men sa l di: “Sa fè m mal lè yon moun di yon bagay mal sou mwen. Men mwen eseye wè bagay yo yon lòt jan. M di tèt mwen petèt lòt semèn se sou yon lòt moun oswa yon lòt bagay y ap pale.”a

Fè tout sa w kapab pou w kontwole sa ni ou ni zanmi w ap di pou l pa vire sou tripotay. E si sa ta rive yo di yon move bagay sou ou, montre w gen matirite lè w pa mal reyaji. Kite se bèl aksyon w fè ki pale pou ou (1 Pyè 2:12). Si w fè sa, sa ap ede w kontinye gen bon relasyon ak lòt moun e sa ap fè w gen yon bèl repitasyon devan Bondye.

[Nòt anba paj]

a Nan kèk ka, li ka bon pou w jwenn yon bon fason pou w pale ak moun ki fè tripotay sou ou a. Men, nan anpil ka, sa pa vrèman nesesè paske “lanmou kouvri yon pakèt peche”. — 1 Pyè 4:8.

VÈSÈ KLE

“Moun ki veye sa k ap sot nan bouch li pwoteje lavi li, men, moun ki pa kontwole bouch li malè ap rive l.” — Pwovèb 13:3.

MEN YON IDE

Si w tande yon tripotay, ou kapab reponn: “Mwen pa santi m alèz pou m pale sou sijè sa a. Li pa menm la pou l defann tèt li.”

ÈSKE W TE KONNEN?

Lefètke w ret tande moun k ap fè tripotay, ou patisipe nan tripotay la tou paske lè konsa ou pèmèt tripotay la gaye pi vit!

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè pwochen fwa mwen anvi gaye yon pawòl mwen tande ․․․․․

Men sa m ap fè si yon moun di move bagay sou mwen ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Ki lè ki t ap yon bon moman pou n pale de lòt moun?

● Èske sa deja rive se sou ou yo fè tripotay, si repons lan se wi, ki sa w te aprann de eksperyans sa a?

● Ki jan fè tripotay sou moun kapab kraze repitasyon pa w?

[Antrefilè nan paj 107]

“M te aprann yon bon leson lè yon moun m te fè tripotay sou li te vin pale avè m. Pa t gen mwayen pou m evite konvèsasyon an! M vin wè toutbonvre, olye m pale dèyè do yon moun, pito m pale avè l!” — Paula.

[Foto nan paj 108]

Tripotay tankou yon epe ki ka kraze repitasyon lòt moun.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje