BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yp2 chap. 24 p. 199-207
  • Ki sa pou m fè si paran m nan gwo diskisyon?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa pou m fè si paran m nan gwo diskisyon?
  • Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa paran yo fè diskisyon?
  • Sa pou w fè
  • Sa pou w pa fè
  • Poukisa tout règ sa yo?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Poukisa paran m pa kite m pran detant?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Poukisa paran m pa kite m pran detant?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Poukisa manman m ak papa m separe?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
Gade plis
Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
yp2 chap. 24 p. 199-207

CHAPIT 24

Ki sa pou m fè si paran m nan gwo diskisyon?

Èske paran w konn fè diskisyon devan w? Si se sa, kiyès nan sijè ki vin annapre yo yo pi fasil fè diskisyon sou yo?

□ Lajan

□ Travay nan kay

□ Fanmi

□ Ou menm

Ki sa w ta renmen di paran w sou efè diskisyon yo fè yo genyen sou ou? Ekri kòmantè w yo pi ba a.

․․․․․

SE NÒMAL si diskisyon paran w fè yo gen efè sou ou. Rezon an se paske ou renmen yo, e w konte sou yo pou yo ede w. Se sa k fè sa kapab strese w lè w tande yo k ap fè diskisyon. Petèt w ap dakò ak Marie ki di: “Li difisil pou m respekte paran m lè m wè yo menm yo pa respekte youn lòt.”

Lè w wè paran w ap fè gwo diskisyon konsa, sa ka fè w vin rann ou kont paran w pa jan w te panse a, e sa fè w mal. E sa ka fè w pè. Si yo fè diskisyon souvan oswa si yo fè gwo diskisyon, ou ka enkyete w paske w ka panse y ap kite. Marie di: “Lè m tande paran m k ap fè diskisyon, mwen met nan tèt mwen yo pral divòse e m ap oblije chwazi ak kiyès ladan yo mwen vle viv. Epitou, mwen pè pou m pa separe ak frè ak sè m yo.”

Poukisa paran yo fè diskisyon, e ki sa pou w fè lè gen yon diskisyon ki pete nan kay la?

Poukisa paran yo fè diskisyon?

An jeneral, petèt paran w rive ‘sipòte youn lòt nan lanmou’. (Efezyen 4:2.) Men Labib di: “Tout moun peche, e yo pa rive reflete glwa Bondye.” (Women 3:23). Paran w pa pafè. Kidonk, ou pa ta dwe sezi si youn fè lòt fache e si detanzantan yo fè diskisyon.

Sonje tou, n ap viv nan ‘tan ki di, ki difisil pou moun sipòte’. (2 Timote 3:1.) Presyon yo jwenn pou yo jwenn kòb pou fanmi an, pou depans nan kay la san konte anbyans yo oblije fè fas avè l nan travay yo kapab fè yo strese anpil. Vin jwenn si toule de ap travay deyò, li ka pa fasil pou yo deside ki jan chak moun ap patisipe nan fè travay nan kay la.

Ou ka gen asirans se pa paske paran w fè diskisyon ki vle di yo oblije separe pou sa. Ou ka wè youn toujou renmen lòt, menmsi yo pa toujou dakò sou tout bagay.

Ann pran yon egzanp: Sa pa konn rive w ap gade yon fim ak kèk bon zanmi epi nou chak gen opinyon pa nou sou fim nan? Sa ka rive. Menm moun ki bon zanmi kapab pa wè bagay yo menm jan. Se kapab menm bagay la pou paran w. Petèt yo toude ap enkyete yo pou ekonomi fanmi an men yo pa fin antann yo sou fason pou yo fè depans yo. Yo toude ka vle pou fanmi an pran yon ti vakans, men yo pa fin gen menm opinyon sou kesyon detant lan, oswa yo toude vle w reyisi lekòl, men yo chak gen yon ide diferan sou fason pou yo ankouraje w pou w reyisi.

Sa nou vle di sèke se pa paske de moun ini ki vle di yo oblije wè bagay yo menm jan. Pafwa, de moun ki renmen youn lòt kapab pa wè bagay yo menm jan. Malgre w konn sa, li ka difisil pou w tande paran w k ap fè diskisyon. Ki sa w ka fè oswa ki sa w ka di k ap ede w sipòte sitiyasyon an?

Sa pou w fè

Montre w gen respè pou yo. Li fasil pou w vin annuiye akoz paran w ki toujou ap fè diskisyon. Dayè se yo ki dwe ba w bon egzanp, se pa ou ki la pou ba yo bon egzanp. Si w derespekte paran w se plis pwoblèm w ap lakòz nan fanmi an. E sa k pi enpòtan an sèke w ap dezobeyi lòd Jewova bay pou w respekte paran w e pou w obeyi yo, menmsi sa pa fasil. — Egzòd 20:12; Pwovèb 30:17.

Men e si se yon bagay ki gen rapò avèk ou ki lakòz paran w nan diskisyon? Pa egzanp, ann sipoze youn nan paran w yo se Temwen Jewova e lòt la pa Temwen. Pwoblèm akoz kesyon relijyon ka fè ou oblije pran pozisyon pou paran ki kwayan an (Matye 10:34-37). Toujou fè sa “avèk dousè e avèk gwo respè”. Lè w bay bon egzanp nan sans sa a petèt yon jou sa ka ede paran ki pa kwayan an vin kwayan. — 1 Pyè 3:15.

Pa pran pati pou youn. Ki sa w ka fè si youn nan paran w yo ap fè presyon sou ou pou w pran pati pou li nan yon diskisyon ki pa gen rapò avè w dirèkteman? Eseye pa pran pati pou youn. Petèt ou ka annik di: “Manmi, papi, m renmen nou toude. Men tanpri, pa mande m pran pati pou youn nan nou. Koze sa a se yon bagay ki konsène nou de a.”

Kominike. Fè paran w konnen ki jan w santi w lè yo nan diskisyon. Chwazi yon moman kote w panse y ap pi fasil koute w epi avèk respè fè yo konnen ki jan diskisyon yo fè yo fè w tris, fè w fache e menm fè w pè. — Pwovèb 15:23; Kolosyen 4:6.

Sa pou w pa fè

Pa bay paran w konsèy sou maryaj yo. Antanke jèn, ou vrèman pa kalifye pou w rezoud pwoblèm paran w. Ann pran yon egzanp: Imajine ou nan yon ti avyon epi w tande pilòt la ak asistan l lan k ap fè diskisyon. Se nòmal, sa ap strese w. Men, èske w panse ou te ka pran chans al di pilòt la sa pou l fè oswa menm eseye pran kontwòl avyon an?

Menm jan an tou, si w ta eseye ‘pran kontwòl’ sitiyasyon an lè w foure bouch nan koze mari ak madanm paran w genyen, w ap fè sitiyasyon an vin pi mal. Labib di: “Lè moun pran dwa ki pa pou yo, se nan kont sa mennen sèlman, men, moun k ap chèche konsèy gen sajès.” (Pwovèb 13:10). Siman paran w ap ka pi byen regle pwoblèm yo lè se yo de a ki pale sou li. — Pwovèb 25:9.

Pa antre nan koze a. De moun k ap fè diskisyon deja fè ase bri, li pa nesesè pou w pran pale tou. Menmsi w ta vrèman anvi antre bouch nan koze a, sonje se responsablite paran w pou yo rezoud pwoblèm yo, se pa responsablite pa w. Nan ka sa a, fè efò pou w suiv konsèy Bib la lè w “okipe pwòp zafè” w (1 Tesalonisyen 4:11). Pa antre nan koze paran w.

Pa monte tèt youn kont lòt. Gen kèk jèn ki ankouraje paran yo fè kont lè yo monte tèt youn kont lòt. Pa egzanp, si manman an di non pou yon bagay, l al jwe sou santiman papa a jiskaske l fè l di wi. Lè nou fè mòd bagay sa yo nou ka jwenn sa nou vle a pandan yon tan, men pi devan se plis pwoblèm sa ap lakòz nan fanmi an.

Pa kite konduit yo detenn sou konduit ou. Gen yon jèn ki rele Peter ki te vin rann li kont li te konn aji yon fason ki pa bon pou yon kretyen aji jis pou l te ka twoke kòn li ak papa l ki te konn maltrete l. Peter di: “Mwen te vle fè l lapenn. Mwen te fache anpil pou fason li te konn trete ni mwen menm ni manman m ni ti sè m nan.” Men, anvan lontan, Peter te vin oblije fè fas ak konsekans aksyon l yo. Ki leson nou aprann nan sa? Si w aji mal se pi mal w ap fè sitiyasyon nan kay la vin pi mal. — Galat 6:7.

Ekri ki pwen nan chapit sa a ou plis bezwen travay sou li. ․․․․․

Li klè, ou pa ka anpeche paran w fè diskisyon. Men, ou ka gen asirans Jewova kapab ede w fè fas ak strès diskisyon paran w fè yo ba ou. — Filipyen 4:6, 7; 1 Pyè 5:7.

Fè tout efò w pou w suiv konsèy ki pi wo yo. Avèk letan, paran w ka fè efò pou yo rezoud pwoblèm yo. E petèt menm yo ka sispann fè diskisyon.

NAN LÒT CHAPIT LA:

Ki sa w ka fè pou w reyisi si se yon sèl paran k ap leve w?

VÈSÈ KLE

“Se pou pawòl nou toujou bèl.” — Kolosyen 4:6.

MEN YON IDE

Si paran w nan gwo diskisyon souvan, avèk respè, ankouraje yo pou yo chèche èd.

ÈSKE W TE KONNEN?

Menm moun ki renmen youn lòt konn pa antann yo pafwa.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè lè paran m nan diskisyon ․․․․․

Men sa m ap di si paran m mande m pran pati pou youn oswa pou lòt ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Ki sa k fè gen kèk paran ki nan diskisyon?

● Sa k fè se pa ou ki responsab pwoblèm paran w yo?

● Lè w wè jan paran w aji youn ak lòt ki sa sa aprann ou?

[Antrefilè nan paj 201]

“Lè m te vin reyalize paran m pa pafè e y ap fè fas ak pwoblèm menm jan avè m, sa te ede m sipòte lè y ap fè diskisyon.” — Kathy.

[Kare/Foto nan paj 206, 207]

Si paran m separe

Si paran w separe, ki jan w ka aji avèk sajès malgre sa fè w mal anpil? Gade pwen ki pi ba yo:

● Evite bay tèt ou manti. Premye bagay k ap vin nan tèt ou se eseye fè paran w tounen ansanm. Men sa Anne di: “Apre paran m te fin separe, yo te konn soti avèk nou ansanm detanzantan. Sè m nan avèk mwen te konn kouri kite paran nou dèyè poukont yo, nou te konn panse petèt yo te ka tounen ansanm, men sa pa t mache.”

Pwovèb 13:12 di: “Lè yon moun ap tann yon bagay e sa pa rive lè l t ap tann li an sa fè l pèdi espwa.” Pou evite dekouraje tèt ou san rezon, sonje ou pa gen kontwòl sou sa paran w ap fè. Se pa ou ki lakòz yo kite, e ou pa ka annik parèt epi w panse ou ka fè yo tounen ansanm ankò. — Pwovèb 26:17.

● Pa rayi yo. Si w fache oswa rayi youn oswa toule de paran w, sa pa prale byen pou ou. Men sa Tom sonje ki te rive l lè l te gen 12 an: “Mwen te kòmanse fache toutbon ak papa m. Mwen pa renmen itilize mo ‘rayi’ a men mwen te kenbe l sou kè. Mwen pa t ka konprann poukisa li te kite nou alòske li di li gen sousi pou nou.”

Lè de moun kite se pa toujou yon moun ki gen rezon epi lòt la gen tò. Reyalite sèke siman paran w pa di w tout bagay anrapò ak maryaj yo oswa sou rezon ki fè yo kite a, e petèt menm yo menm pa byen konprann rezon an. Donk, evite pote yon jijman sou yon sitiyasyon alòske ou pa gen tout detay yo (Pwovèb 18:13). Se vre sa ka mande anpil efò pou w pa fache, e li nòmal pou w fache pandan yon tan. Men si w kenbe moun nan sou kè epi ou vle vanje w, sa ka gen move efè sou pèsonalite w. Labib gen rezon lè l di: “Pinga w fè kòlè, pinga w move.” — Sòm 37:8.

● Se pou w reyalis. Gen kèk jen yo menm se pa rayi yo rayi paran ki pa nan kay la ankò, men yo fè l tounen yon idòl pou yo. Pa egzanp gen papa yon jèn gason, ki te esklav alkòl e ki te gen plizyè fi, ki te konn kite kay la plizyè fwa e finalman ki te divòse. Poutan jèn gason sa a sonje pou yon rezon oswa yon lòt li te prèske fè papa l tounen yon dye pou li.

Yon konpòtman konsa rive jèn yo souvan. Nan yon peyi, pami timoun paran yo divòse sou chak 100 gen 90 ladan yo k ap viv ak manman yo e ki al vizite papa yo detanzantan. Donk sa vin fè se manman an ki responsab pou pran swen timoun nan chak jou, donk pou ba l disiplin tou. E menmsi papa a bay yon ti kòb pou timoun nan, an jeneral manman an konn gen pwoblèm ekonomik. Yon lòt bò, papa a li menm ka vin gen plis kòb. Kòm rezilta, chak fwa timoun nan al vizite papa l li jwenn kado e li pase bon moman. Alòske lè l ak manman l li pa ka jwenn tout sa l vle e manman an toujou ap di l fè sa oubyen pa fè sa. Se yon bagay ki tris pou n di men gen kèk jèn ki kite kay yon paran ki kretyen pou y al viv ak yon lòt paran ki pa kretyen men ki gen plis kòb e ki kite yo fè sa yo vle. — Pwovèb 19:4.

Si w anvi fè yon chwa konsa, reflechi sou sa k gen plis enpòtans nan lavi w. Sonje ou bezwen direksyon nan domèn moral e ou bezwen disiplin. Pa gen okenn lòt bagay yon paran ka ba ou k ap gen pi gwo efè sou kalite moun ou ye ak sou kalite lavi ou pral mennen. — Pwovèb 4:13.

[Foto nan paj 202, 203]

Yon jèn k ap di paran l ki jan pou yo rezoud pwoblèm yo se tankou yon pasaje k ap di yon pilòt ki jan pou l kontwole yon avyon.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje