BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yp2 chap. 34 p. 282-288
  • Poukisa m dwe suiv prensip ki nan Bib la?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa m dwe suiv prensip ki nan Bib la?
  • Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Reyalite a
  • Èske prensip biblik yo mare w oswa yo pwoteje w?
  • Èske fè sèks ak mennaj ou ap fè w vin pi pwòch avè l?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Poukisa pou m rete vyèj?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Poukisa l bon pou nou viv selon prensip ki nan Bib la?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Byen ak mal: Yon desizyon w dwe pran
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2024
Gade plis
Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
yp2 chap. 34 p. 282-288

CHAPIT 34

Poukisa m dwe suiv prensip ki nan Bib la?

Imajine ou nan lakou lekòl la avèk de medam epi tigason ki nouvo nan klas la vin parèt.

Youn nan medam yo di w: “Ou konnen, David enterese nan ou toutbon wi. M ka wè sa depi sou jan l gade w. Je l pa sot sou ou!”

Lòt tifi a di: “Ou konn sa k pi bèl la? Li pa gen mennaj!”

Ou te gentan sispèk sa paske lòtjou li te envite w nan yon fèt lakay li. Ou te di non se vre, men w ap mande tèt ou ki jan sa t ap ye si w te ale.

Premye tifi a entèwonp panse w.

Li di: “Se domaj m deja gen mennaj. Si se pa t sa mwen t ap renmen ak misye tousuit.”

Apre sa li gade w, li sezi. Ou deja konn sa l pral di.

Li mande w: “Bon, ki jan fè ou pa gen mennaj?”

Ou toujou pè pou yo pa poze w kesyon sa a! Verite a sèke se pa vle w pa vle gen yon mennaj, men yo di w li pi bon pou w tann ou pare pou w marye anvan w renmen. Si se pa t kesyon...

Dezyèm tifi a di: “Se poutèt relijyon w lan?”

Ou mande tèt ou kòman l fè konnen se ak sa w t ap panse.

Li di: “Ou toujou nan yon zafè Bib ou menm. Ou pa janm ka pran yon ti plezi?”

ÈSKE sa te deja rive w pou yo pase w nan jwèt paske w ap eseye viv selon prensip ki nan Bib la? Si sa rive w, petèt w ap mande tèt ou si w pap rate yon bagay akoz prensip sa yo. Gen yon jèn fi ki rele Deborah ki te santi l konsa. Li di: “Mwen te santi prensip nan Bib la te ban m twòp limit. Fason zanmi m yo nan lekòl la t ap viv san limit nan domèn moral te atire m.”

Reyalite a

Pi bon fason pou moun aprann se pa toujou selon eksperyans. Anfèt, jan Bib la montre sa, li bon pou nou aprann nan erè lòt moun, jan Asaf youn nan moun ki te ekri liv Sòm yo te fè. Pandan yon tan, li te santi prensip Bondye yo te limite l twòp. Men, lè l te gade pou l wè sa k rive moun ki te sispann suiv chemen Bondye yo, sa te fè l wè reyalite a. Annapre, Asaf te rann li kont moun sa yo se sou “yon tè glise” yo te ye. — Sòm 73:18.

Pandan ide sa a nan lespri w, egzamine kòmantè kèk jèn ki te sispann suiv prensip ki nan Bib la pandan yon tan e ki te tonbe nan fè sèks san yo pa marye.

● Ki sa ki te enfliyanse fason w panse ak fason w aji?

Deborah: “Lè m te lekòl, mwen te konn wè tout moun gen mennaj e sanble kè yo te kontan. Lè m te konn soti avèk yo epi m wè yo k ap bo, mwen te konn anvye yo e mwen te santi m poukont mwen. Mwen te konn pase plizyè èdtan ap panse ak yon tigason ki te atire m. Sa te fè m plis anvi renmen avè l.”

Mike: “Mwen te konn li epi gade imaj ki fè pwopagann pou sèks. Lefètke mwen te konn pale sou sèks ak zanmi m yo, sa te fè m pi anvi konn sa k gen ladan l. Epi, lè m te vin poukont mwen ak yon tifi, mwen te panse nou te kapab karese san m pa fè sèks avè l, m te panse mwen te ka kanpe sa lè m vle.”

Andrew: “Mwen te pran abitid gade pònografi sou Entènèt. Mwen te kòmanse bwè anpil bwason ki gen alkòl. E m te konn al nan fèt ak yon seri jèn ki pa t gen respè pou prensip moral ki nan Bib la.”

Tracy: “Mwen te konnen fè sèks anvan maryaj pa bon, men mwen pa t rayi sa. Mwen pa t gen entansyon antre nan relasyon seksyèl san m pa marye, men santiman te bouche je m. Pandan yon tan, konsyans mwen te tankou yon bagay ki mò, mwen pa t gen okenn bagay anndan m ki te fè m santi m koupab.”

● Èske fason w t ap viv la te fè w gen kè kontan?

Deborah: “Okòmansman, mwen te santi m lib, mwen te renmen sa e m te kontan paske mwen te resi menm jan ak lòt jèn yo. Men, santiman sa yo pa t dire. Mwen te vin santi m sal, mwen pa t inosan ankò, mwen te vid. Mwen te vin regrèt anpil dèske mwen te pèdi vijinite m nan yon kondisyon ki degradan konsa.”

Andrew: “Li te vin pi fasil pou m sede devan move dezi mwen genyen. Men, anmenmtan, mwen te santi m koupab anpil e mwen pa t kontan ak tèt mwen.”

Tracy: “Imoralite detwi jenès mwen. Mwen te panse mwen menm ak mennaj mwen an t apral pran plezi nou. Men se pa sa k te rive. Finalman nou te fè youn lòt lapenn, nou fè youn lòt soufri anpil. Mwen te pase plizyè nuit ap kriye nan kabann mwen, mwen regrèt mwen pa t aji jan Jewova te vle.”

Mike: “Mwen te kòmanse santi se kòmsi gen yon pati nan mwen ki mouri. Mwen te eseye inyore efè aksyon m te genyen sou lòt moun. Men mwen pa t kapab. Sa te fè m lapenn lè m te rann mwen kont mwen te fè lòt moun soufri nan chèche plezi pou tèt mwen.”

● Ki konsèy ou t ap bay jèn ki panse prensip moral ki nan Bib la limite yo twòp?

Tracy: “Suiv prensip Jewova yo epi fè zanmi ak moun k ap fè menm bagay la. W ap gen plis kè kontan.”

Deborah: “Aksyon w yo pa gen efè sou ou sèlman, yo gen efè sou lòt moun. E si w pa suiv konsèy Bondye yo w ap fè tèt ou mal.”

Andrew: “Lè w pa gen eksperyans, ou panse fason jèn parèy ou yo ap viv la enteresan. Fason yo wè bagay yo ap detenn sou ou. Donk, byen chwazi moun k ap zanmi w. Fè Jewova konfyans, konsa, w ap evite yon pakèt regrè.”

Mike: “Pami tout bagay ki gen valè Jewova ba ou yo, gen diyite w ak inosans ou. Lè w pa kontwole tèt ou se voye w voye bagay sa yo jete e se degrade ou degrade tèt ou. Pale ak paran w oswa ak yon lòt moun ki gen matirite sou pwoblèm ou. Si w fè yon erè, di sa byen vit epi korije sa. Si w aji selon sa Jewova vle, lespri w ap anpè toutbon.”

Èske prensip biblik yo mare w oswa yo pwoteje w?

Jewova se “Bondye ki gen kè kontan an” e li vle w gen kè kontan tou (1 Timote 1:11; Eklezyas 11:9). Prensip ki nan Bib la se pou byen w. Se vre, ou ta ka santi yo mare w, kòmkwa yo retire nan libète w genyen. Men anfèt, prensip moral ki nan Bib la se tankou yon senti sekirite k ap ede w pwoteje tèt ou kont sa ki ka fè w mal.

Se sèten, ou ka fè Bib la konfyans. Si w chwazi viv selon prensip ki ladan l yo, nonsèlman w ap fè kè Jewova kontan, men tou sa ap bon pou ou. — Ezayi 48:17.

NAN LÒT CHAPIT LA:

Gade pou w wè ki jan ou kapab vin zanmi Bondye.

VÈSÈ KLE

“Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w, Sila a k ap anseye w pou byen w lan.” — Ezayi 48:17.

MEN YON IDE

Reflechi ak fason w t ap esplike yon ti frè w oswa yon ti sè w rezon ki fè li bon pou yon moun suiv prensip ki nan Bib la. Pale sou kwayans ou se yon bon fason pou w antre yo byen fon nan kè w.

ÈSKE W TE KONNEN?

Ou ka kraze relasyon ou genyen ak Jewova a nan kèk moman sèlman, men pou w repare l sa ka pran plizyè ane.

SA M KONTE FÈ

Men sa k ap ede m konprann rezon ki fè li bon pou m suiv prensip ki nan Bib la ․․․․․

Men sa m ap fè si m ta vin anvye moun ki pap viv selon prensip ki nan Bib la ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Poukisa w pa bezwen fè move eksperyans pou w konprann enpòtans pou w obeyi lwa Bondye yo?

● Ki sa w aprann nan sa Deborah, Mike, Andrew ak Tracy di yo?

● Sa k fè gen kèk moun ki ka santi prensip Bondye yo mare yo, men sa k fè se pa bon fason pou w wè bagay yo?

[Antrefilè nan paj 285]

“Soufrans ou genyen lè w ap eseye kache yon peche pi rèd pase sa w jwenn lè yo ba w yon disiplin pou peche a.” — Donna.

[Foto nan paj 288]

Prensip ki nan Bib la pa anpeche w gen kè kontan, se pwoteje yo pwoteje w.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje