BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yp2 chap. 37 p. 304-310
  • Èske m dwe batize?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske m dwe batize?
  • Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Yon etap k ap chanje lavi w
  • W ap jwenn anpil benediksyon lè w batize!
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Batèm: Yon obligasyon pou kretyen yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Destriksyon Sodòm ak Gomò
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Batèm ak relasyon w avèk Bondye
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
yp2 chap. 37 p. 304-310

CHAPIT 37

Èske m dwe batize?

Wi oswa non:

Pou yon moun vin kretyen li dwe batize.

□ Wi

□ Non

Prensipal rezon ki fè yon moun batize se pou l pa tonbe nan peche.

□ Wi

□ Non

Batèm nan mete w sou wout pou w sove.

□ Wi

□ Non

Si w pa batize, ou pa gen kont pou w rann Bondye.

□ Wi

□ Non

Si zanmi w yo ap batize, sa vle di ou pare pou w batize tou.

□ Wi

□ Non

LI NÒMAL pou w panse ak batèm si w ap suiv prensip Bondye yo, si w ap travay pou w gen yon relasyon solid ak Bondye, e si w konn pale ak lòt moun konsènan lafwa w. Men, ki jan w ka konnen si w pare pou w batize? Pou nou ede w reponn kesyon sa a, annou egzamine repons pou fraz ki pi wo yo.

● Pou yon moun vin kretyen li dwe batize.

Wi. Jezi te bay lòd pou disip li yo batize (Matye 28:19, 20). Anfèt, menm Jezi te batize. Pou w suiv Kris, ou bezwen batize lè w gen ase matirite pou w pran desizyon an, e si w vrèman anvi fè sa.

● Prensipal rezon ki fè yon moun batize se pou l pa tonbe nan peche.

Non. Batèm se yon deklarasyon piblik ou fè pou w montre ou vwe lavi w bay Jewova. Ve sa w fè a se pa yon senp kontra ki anpeche w fè sa w anvi fè. Men, ou vwe lavi w bay Bondye paske ou vle viv selon prensip li yo.

● Batèm nan mete w sou wout pou w sove.

Wi. Labib fè konnen batèm nan se yon etap enpòtan pou moun sove (1 Pyè 3:21). Men, sa pa vle di batèm nan se yon garanti w ap sove. Ou ta dwe batize paske w renmen Jewova e w vle sèvi l ak tout kè w pou toutan. — Mak 12:29, 30.

● Si w pa batize, ou pa gen kont pou w rann Bondye.

Non. Jak 4:17 di “si yon moun konnen pou l fè sa ki jis, epoutan li pa fè l, li peche”, kit li batize kit li pa batize. Donk, si w konnen sa ki byen e w gen ase matirite pou w pran desizyon pou tèt ou, petèt li lè pou w ta kòmanse pale sou sa ak paran w oswa ak yon lòt kretyen ki gen matirite. Konsa, ou ka konn sa pou w fè pou w batize.

● Si zanmi w yo ap batize, sa vle di ou pare pou w batize tou.

Non. Desizyon pou w batize a dwe soti nan kè w (Sòm 110:3). Ou ta dwe batize sèlman lè w byen konprann sa sa vle di pou yon moun Temwen Jewova, e lè w sèten ou pare pou w pran desizyon sa a. — Eklezyas 5:4, 5.

Yon etap k ap chanje lavi w

Batèm se yon etap k ap chanje lavi w e k ap fè w jwenn anpil benediksyon. Anmenmtan tou, se yon gwo responsablite paske w ap gen pou w viv ann amoni ak ve w te fè Jewova a.

Èske w pare pou w fè ve sa a? Si se wi, ou gen bonjan rezon pou w kontan. Paske, pi gwo privilèj ou te ka genyen se sèvi Jewova ak tout kè w epi viv yon fason ki montre ou vrèman vwe lavi w ba li. — Matye 22:36, 37.

NAN LÒT CHAPIT LA:

Aprann fason w ka fikse objektif k ap fè w fè bon chwa nan lavi w.

VÈSÈ KLE

“Prezante kò nou kòm yon sakrifis ki vivan, ki sen, ki fè Bondye plezi. Konsa, n ap ba li yon sèvis sakre avèk kapasite nou genyen pou nou rezone.” — Women 12:1.

MEN YON IDE

Mande paran w pou yo ede w jwenn yon moun nan kongregasyon an ki ka ede w fè pwogrè pou w batize. — Travay 16:1-3.

ÈSKE W TE KONNEN?

Batèm se yon etap ki nesesè pou w ka jwenn “mak” k ap pèmèt ou sove a. — Ezekyèl 9:4-6.

SA M KONTE FÈ

Men ki ansèyman nan Bib la m ap chèche pi byen konprann pou m ka fè pwogrè pou m batize ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Poukisa batèm se yon etap ki enpòtan anpil konsa?

● Ki sa k ka fè yon jèn batize anvan l pare?

● Pou ki rezon yon jèn ta ka ap rale kò l pou l pa vwe lavi l bay Bondye e pou l pa batize?

[Antrefilè nan paj 306]

“Lefètke mwen konnen mwen batize, sa te ede m pran bon desizyon e sa te ede m pa aji yon fason ki te ka lakòz soufrans.” — Holly.

[Kare/Foto nan paj 307]

Kesyon moun poze souvan sou batèm

Ki sans batèm nan genyen? Lè w plonje nan dlo a epi w leve, sa vle di ou mouri anrapò ak fason w te konn viv anvan, e kounye a ou vivan pou w fè volonte Bondye.

Ki sa vwe lavi w bay Jewova vle di? Sa vle di ou pa mèt tèt ou ankò, ou pwomèt pou w mete volonte Bondye an premye nan lavi w (Matye 16:24). Anvan w batize, ou dwe fè yon priyè espesyal kote w di Jewova ou vwe lavi w ba li.

Ki sa w ta dwe fè anvan w batize? Ou ta dwe ap viv ann amoni ak sa ki nan Pawòl Bondye a, e w ta dwe pale ak lòt moun sou kwayans ou. Ou dwe ap travay pou w gen yon relasyon solid ak Bondye lè w priye l e lè w etidye Pawòl li. Ou ta dwe sèvi Jewova paske ou chwazi fè sa, men se pa paske lòt moun fè presyon sou ou.

Èske gen yon laj ou dwe batize? Laj se pa bagay ki pi enpòtan an. Men, ou dwe ase gran e w dwe gen ase matirite pou w konprann sa sa vle di vwe lavi w bay Bondye.

Ki sa w dwe fè si w vle batize men paran w di w tann? Petèt, yo vle w gen plis eksperyans. Bay sa yo di anpil valè, e sèvi ak tan sa a pou w vin gen yon pi bon relasyon ak Jewova. — 1 Samyèl 2:26.

[Kare nan paj 308, 309]

Fich aktivite

Èske w panse ak batèm?

Gade kesyon ak fraz ki pi ba yo pou w ka wè ki pwogrè w fè. Gade tout vèsè yo anvan w reponn kesyon yo.

Ki jan w montre ou gen konfyans nan Jewova depi kounye a? — Sòm 71:5. ․․․․․

Ki jan w montre ou antrene kapasite w genyen pou w konprann nan pou w fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal. — Ebre 5:14. ․․․․․

Èske w priye souvan? ․․․․․

Èske priyè w yo presi, e èske yo montre ou renmen Jewova? — Sòm 17:6. ․․․․․

Nan espas ki pi ba a, ekri tout objektif ou genyen anrapò ak lapriyè. ․․․․․

Chak ki lè w fè etid pèsonèl? — Jozye 1:8. ․․․․․

Ki sa w fè nan etid pèsonèl ou? ․․․․․

Nan espas ki pi ba a, ekri tout objektif ou genyen anrapò ak etid pèsonèl. ․․․․․

Èske w efikas nan predikasyon? (Pa egzanp: Èske w ka esplike yon moun ansèyman fondamantal ki nan Bib la? Èske w vizite moun ki enterese yo? Èske w fè tout sa w kapab pou w kondui etid biblik?)

□ Wi □ Non

Èske w al preche menmsi paran w pa ale? — Travay 5:42.

□ Wi □ Non

Nan espas ki pi ba a, ekri tout objektif ou genyen anrapò ak predikasyon. — 2 Timote 2:15. ․․․․․

Èske w asiste reyinyon yo regilyèman oswa yon lè konsa? — Ebre 10:25. ․․․․․

Ki jan w patisipe nan reyinyon yo? ․․․․․

Èske w al nan reyinyon menmsi paran w pa kapab (si yo ba w pèmisyon pou sa)?

□ Wi □ Non

Èske w ka di ou pran plezi fè volonte Bondye toutbon? — Sòm 40:8.

□ Wi □ Non

Èske w ka mete kèk moman presi kote w te reziste anba presyon lòt jèn ap fè? — Women 12:2. ․․․․․

Ki sa w pral fè pou lanmou w gen pou Jewova a vin pi fò? — Jid 20, 21. ․․․․․

Èske w ap sèvi Jewova menmsi paran w oswa zanmi w sispann sèvi l? — Matye 10:36, 37.

□ Wi □ Non

[Foto nan paj 310]

Menm jan ak maryaj, batèm se yon etap k ap chanje lavi w, ou pa dwe fè l san w pa byen reflechi.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje