BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • bt chap. 3 p. 20-27
  • “Yo tout vin ranpli ak lespri sen”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Yo tout vin ranpli ak lespri sen”
  • ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “Yo tout te ansanm menm kote a” (Travay 2:1-4)
  • “Yo chak te tande [...] lang pa yo” (Travay 2:5-13)
  • “Pyè [...] leve kanpe” pou l pale (Travay 2:14-37)
  • “Se pou nou chak batize” (Travay 2:38-47)
  • Moun “ tout lang ” tande bon nouvèl la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Disip yo batize nan non ki moun e nan non ki sa?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • “Kounye a, nou se pèp Bondye”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Disip yo resevwa lespri sen
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
bt chap. 3 p. 20-27

CHAPIT 3

“Yo tout vin ranpli ak lespri sen”

Sa ki te pase apre lespri sen te fin desann sou disip yo nan jou Pannkòt la

Travay 2:1-47

1. Pale de anbyans ki genyen nan jou fèt Pannkòt la.

LARI Jerizalèm chofe, gen anpil mouvman k ap fèt ladan la. Lafimen ap monte sot nan lotèl tanp lan toutpandan Levit yo ap chante pawòl ki nan Sòm 113 rive nan Sòm 118 yo pou yo fè louwanj pou Jewova. Sanble lè y ap chante louwanj sa yo, gen yon gwoup k ap chante e gen yon lòt gwoup k ap reponn. Lari Jerizalèm chaje moun ki sot nan lòt zòn ki vin vizite vil la. Yo soti nan yon seri zòn ki byen lwen tankou Elam, Mezopotami, Kapadòs, Pon, Ejip ak Wòmb. Ki sa k mennen yo Jerizalèm? Fèt Pannkòt la. Yo rele fèt sa a tou ‘Jou premye danre yo’. (Nonb 28:26.) Yo fè fèt sa a chak ane pou montre rekòt lòj la fini e rekòt ble a ap kòmanse. Se yon moman ki bay anpil kè kontan!

Yon kat kote n ka wè zòn moun ki t ap koute bon nouvèl la nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an te soti. 1. Zòn yo: Libi, Ejip, Etyopi, Bitini, Pon, Kapadòs, Jide, Mezopotami, Babilòn, Elam, Medi ak Pat. 2. Vil: Wòm, Aleksandri, Menmfis, Antyòch (nan Siri), Jerizalèm ak Babilòn. 3. Kote ki gen dlo: Lanmè Meditèrane, Lanmè Nwa, Lanmè Wouj, Lanmè Kaspyèn, Gòlf Pèsik.

JERIZALÈM SE TE SANT RELIJYON JUIF YO

Pifò evènman yo esplike nan kòmansman liv Travay la te pase Jerizalèm. Vil sa a chita sou mòn ki fè pati gwoup mòn ki nan Jide yo, li gen anviwon 55 kilomèt ki separe l ak pati lès Lanmè Meditèrane. Okòmansman se te yon fòtrès ki te sou tèt mòn Siyon, e nan ane 1070 anvan epòk nou an, wa David te pran l, li te konstwi yon vil toutotou mòn nan, e se vil sa a ki te vin kapital nasyon Izrayèl tan lontan an.

Toupre Mòn Siyon nou jwenn Mòn Moriya. Se la, selon tradisyon Juif yo, Abraram te eseye ofri Izarak an sakrifis. Sa te pase anviwon 1 900 an anvan evènman yo pale de yo nan liv Travay la. Mòn Moriya te vin fè pati vil la lè Salomon te konstwi premye tanp lan pou Jewova sou tèt mòn sa a. Pifò aktivite Juif yo te konn fè chak jou nan lavi yo, sa gen ladan l adorasyon yo t ap bay Jewova a, te makònen ak tanp lan.

Tout Juif ki te zele pou relijyon yo, kèlkeswa kote yo te rete sou tè a, te konn vin reyini regilyèman nan tanp Jewova a pou yo ofri Jewova sakrifis, pou yo adore l e pou yo vin nan fèt ki te dwe fèt chak ane yo. Yo te konn fè sa pou yo obeyi lòd Bondye te bay lè l te di: “Pandan twa fwa nan ane a, tout gason ki nan pèp la dwe parèt devan Jewova, Bondye nou an, kote Li chwazi a.” (Det. 16:16). Se Jerizalèm Sanedren an, pi gwo tribinal juif la, te ye. Tribinal sa a te gen otorite sou moun yo, sou gouvènman an e sou relijyon an.

2. Ki bagay estrawòdinè ki rive nan Pannkòt ane 33 epòk nou an?

2 Kounye a, li anviwon nevè dimaten, gen yon bagay ki rive nan bèl jounen sa a nan sezon prentan ane 33 epòk nou an k ap rete yon mèvèy pou moun nan syèk k ap vin apre yo. Bridsoukou, “gen yon bri ki sot nan syèl la ki tankou bri yon gwo van ki pase rapid” oswa ki “tankou yon gwo van k ap soufle”. (Tra. 2:2; Bib Kreyòl La.) Gwo bri sa a gaye nan yon kay kote anviwon 120 disip Jezi reyini. Apre sa, gen yon bagay estrawòdinè ki rive. Gen yon bann lang, ki tankou dife, ki parèt, e youn al poze sou tèt chak disipc. Disip yo vin “ranpli ak lespri sen” e yo kòmanse pale nan lòt lang. E lè disip yo kite kay la, yo kapab pale ak moun yo rankontre nan lari ki vin vizite Jerizalèm yo. Sa fè moun yo sezi! Anfèt, chak moun sa yo tande disip yo “k ap pale nan lang pa yo”. — Tra. 2:1-6.

3. a) Poukisa nou ka di sa ki te pase nan Pannkòt ane 33 epòk nou an se yon evènman ki trèzenpòtan nan istwa vrè adorasyon an? b) Ki rapò diskou Pyè a te genyen ak itilizasyon “kle Wayòm” yo?

3 Istwa sa a ki trè enteresan dekri yon evènman ki trèzenpòtan nan istwa vrè adorasyon an, se nasyon ki rele Izrayèl Bondye a ki vin egziste, sètadi kongregasyon ki fòme ak kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la (Gal. 6:16). Men, se pa sa sèlman nou aprann ladan l. Lè Pyè te pale ak foul moun ki te reyini nan jou sa a, li te itilize premye nan twa “kle Wayòm” yo. Chak kle t ap pèmèt yon gwoup moun diferan jwenn yon seri privilèj espesyal (Mat. 16:18, 19). Premye kle l te itilize a te pèmèt Juif yo ak pwozelit yo, sètadi moun ki konvèti nan relijyon Juif yo, aksepte bon nouvèl la e li te pèmèt yo resevwa lespri sen pou montre Bondye chwazi yo pou y al nan syèld. Konsa, yo te vin fè pati Izrayèl Bondye a, e antanke moun ki fè pati nasyon sa a, yo t ap gen posiblite pou yo dirije antanke wa ak prèt nan Wayòm Kris la (Rev. 5:9, 10). Rive yon lè, gen lòt gwoup moun toujou ki t apral gen menm privilèj sa a: Samariten yo ak moun lòt nasyon yo. Ki sa kretyen yo jodi a ka aprann nan evènman estrawòdinè sa a ki te pase nan Pannkòt ane 33 epòk nou an?

“Yo tout te ansanm menm kote a” (Travay 2:1-4)

4. Sa k fè nou ka di kongregasyon kretyen nan epòk nou an se yon pwolonjman kongregasyon ki te pran nesans nan ane 33 epòk nou an?

4 Kongregasyon kretyen an te derape ak anviwon 120 disip, ki te “ansanm menm kote a”, nan yon chanm aletaj, e ki te resevwa lespri sen, sa ki te montre Bondye chwazi yo pou y al nan syèl (Tra. 2:1). Men, tan pou jounen an te fini, te deja gen plizyè milye moun ki te batize pou yo vin fè pati kongregasyon sa a. Se te kòmansman yon gwo akwasman. Òganizasyon Jewova a t apral kontinye grandi rive jis nan epòk nou an. Vrèmanvre, jodi a, gen yon bann gason ak fi ki gen lakrentif pou Bondye ki fòme kongregasyon kretyen nan epòk nou an, e Bondye itilize yo pou yo “preche bon nouvèl [...] konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon” anvan lafen sistèm sa a rive. — Mat. 24:14.

5. Ki benediksyon moun te jwenn nan premye syèk la nou menm tou nou jwenn nan kongregasyon kretyen an jodi a?

5 Anplis de sa, kongregasyon kretyen an se yon kote moun ki ladan l yo, ni moun Bondye chwazi pou al nan syèl la ni moun ki vin fè pati “lòt mouton” yo, jwenn fòs pou yo kenbe bon relasyon yo gen ak Bondye (Jan 10:16). Lè Pòl te ekri kretyen ki t ap viv Wòm yo, li te montre jan li apresye fason moun ki fè pati kongregasyon an te soutni youn lòt. Men sa l te di: “Se pa ti anvi m anvi wè nou pou m ka fè nou jwenn kèk benediksyon ki soti nan Bondye, dekwa pou nou ka vin fèm. Ann di pito, pou youn ka ankouraje lòt, pou chak moun jwenn ankourajman nan lafwa lòt, ni nan pa nou, ni nan pa m.” — Wom. 1:11, 12.

WÒM: KAPITAL YON GRAN WAYÒM

Evènman yo rakonte nan liv Travay la te pase pandan Wòm te pi gran vil ki te egziste nan monn nan e l te vil ki te pi enpòtan nan domèn politik. Se te kapital yon gran wayòm. Nan moman kote Wòm te gen plis pouvwa, li t ap domine sou yon pakèt tèritwa, soti Grann Bretay rive nan Afrik dinò e soti oseyan Atlantik rive nan Gòlf Pèsik.

Nan vil Wòm, te gen tout kalite kilti, ras, lang ak sipèstisyon. Te gen anpil bon wout ki relye youn ak lòt, e yo te konn byen pran swen yo. Wout sa yo te pèmèt moun vwayaje e yo te pèmèt yo transpòte machandiz ki soti tout kote nan wayòm nan. Nan waf Osti, ki toupre Wòm, te gen yon seri batiman ki te konn pot manje ak pwodui deliks pou vann nan vil la.

Nan premye syèk epòk nou an, plis pase yon milyon moun t ap viv Wòm. Petèt mwatye nan yo se esklav yo te ye. Ladan yo, te gen kriminèl yo kondane, timoun yo vann oswa timoun paran yo abandone ansanm ak moun sòlda lame women yo te fè vin prizonye. Pami esklav yo, te gen Juif ki te soti Jerizalèm. Se Ponpe, yon jeneral women, ki te mennen yo apre li te fin pran vil Jerizalèm nan ane 63 anvan epòk nou an.

Pifò moun ki te lib nan vil sa a se te malere, ki te konn viv youn sou lòt nan yon seri kay ki gen plizyè etaj, e yo t ap viv sou kont gouvènman an. Men, anperè yo te konn byen dekore kapital yo, yo te konn bati yon seri bèl konstriksyon ki pami konstriksyon ki pi estrawòdinè ki te ka egziste. Pami konstriksyon sa yo, te gen lokal teyat yo ak gwo estad kote te konn gen anpil espektak tankou pyès teyat, konba gladyatè ak kous charyo. Tout bagay sa yo se te detant tout pèp la te ka vin gade san peye.

6, 7. Ki jan moun ki fè pati kongregasyon kretyen an jodi a ap fè travay Jezi te ba yo pou yo preche bon nouvèl la nan tout nasyon?

6 Jodi a, kongregasyon kretyen an gen menm objektif li te genyen nan premye syèk la. Jezi te bay disip li yo yon travay pou yo fè, se yon travay ki t ap ba yo anpil kè kontan malgre pwoblèm yo t ap gen pou yo rankontre. Li te di yo: “Fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” — Mat. 28:19, 20.

7 Jewova itilize kongregasyon kretyen Temwen Jewova yo pou yo fè travay sa a jodi a. Nòmalman, se yon defi sa ye pou yo rive preche moun ki pale divès lang bon nouvèl la. Men, Temwen Jewova yo pwodui piblikasyon ki baze sou Bib la nan plis pase 1 000 lang. Si w se yon moun ki asiste reyinyon regilyèman ak Temwen Jewova yo e si w ap patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan ak nan travay fè disip la, ou gen anpil rezon pou w gen kè kontan. Ou fè pati yon gwoup moun ki parèt piti, lè n konsidere kantite moun k ap viv sou tè a jodi a, men, ki gen privilèj pou yo bay yon temwayaj konplè pou non Jewova.

8. Ki èd nou jwenn nan kongregasyon an?

8 Pou Jewova ka ede nou andire avèk jwa nan dènye jou difisil sa yo, li ban nou yon fanmi frè ak sè nan lemonnantye. Gade sa Pòl te ekri kretyen ebre yo: “Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun, men annou youn ankouraje lòt, e se pou n fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche.” (Ebre 10:24, 25). Kongregasyon kretyen an se yon kado Jewova ba ou ki pèmèt ou ankouraje lòt moun e ki pèmèt yo ankouraje w tou. Ou dwe rete pwòch frè ak sè w yo ki nan kongregasyon an. Pinga w janm abandone reyinyon yo!

“Yo chak te tande [...] lang pa yo” (Travay 2:5-13)

Disip Jezi yo k ap preche moun ki Juif ak pwozelit yo nan yon lari ki gen anpil aktivite.

“Nou tande yo k ap pale nan lang pa nou sou bagay estrawòdinè Bondye fè.” — Travay 2:11.

9, 10. Ki jan kèk moun bay tan yo ak fòs yo pou yo pote mesaj Wayòm nan bay moun ki pale lòt lang?

9 Eseye imajine bèl anbyans byen chofe ki te vin genyen nan mitan Juif yo ak moun ki konvèti nan relijyon Juif yo ki te reyini ansanm nan Pannkòt ane 33 epòk nou an. Sanble pifò nan moun ki te la yo te pale grèk oswa ebre. Men kounye a, “yo chak te tande disip yo k ap pale nan lang pa yo”. (Tra. 2:6.) Pa gen dout nan sa, sa te touche kè moun sa yo lè yo te tande bon nouvèl la nan lang manman yo. Se vre, Jewova pa fè yon mirak jodi a pou l fè kretyen yo pale lòt lang yo pa konnen, men, anpil ladan yo bay tan yo ak fòs yo pou yo pote mesaj Wayòm nan bay moun ki nan tout nasyon. Ki jan yo fè sa? Genyen ki aprann yon lòt lang yon fason pou yo bay koutmen nan kongregasyon ki toupre yo ki pale lang sa a oswa menm yo deplase al nan yon peyi etranje. Byen souvan, yo remake moun yo rankontre yo konn sezi lè yo wè efò yo fè pou ede yo.

10 Annou pran egzanp Christine ki te aprann lang goujarati ansanm ak sèt lòt Temwen Jewova. Yon lè, li te kwaze ak yon dam nan travay li ki pale goujarati, li te salye l nan lang sa a. Dam nan te sezi e li te vle konnen poukisa Christine t ap fè efò pou l aprann yon lang ki difisil tankou goujarati. Konsa, Christine te rive ba li yon bon temwayaj. Dam nan te di Christine: “Sandout, ou gen yon bagay enpòtan pou w di.”

11. Ki jan nou ka prepare nou pou nou preche moun ki pale yon lòt lang mesaj Wayòm nan?

11 Nòmalman, se pa tout moun ki ka aprann yon lòt lang. Men, nou ka prepare nou pou nou preche moun ki pale yon lòt lang mesaj Wayòm nan. Ki jan nou ka fè sa? Yon fason nou ka fè sa se lè nou byen itilize aplikasyon JW Language® la pou n aprann yon fason senp ki jan pou n salye moun yo nan yon lang yo pale nan zòn nou an. Nou ka aprann tou kèk fraz nan lang sa a pou ede moun ki pale lang sa a vin enterese nan mesaj la. Ankouraje yo ale sou jw.org, e petèt ou ka montre yo divès kalite videyo ak piblikasyon yo kapab jwenn nan lang yo a. Lè w itilize zouti sa yo nan travay predikasyon an, ou ka gen kè kontan menm jan frè ak sè nou yo nan premye syèk la te gen kè kontan lè “chak” moun ki te soti nan anpil lòt peyi te sezi tande bon nouvèl la “nan lang pa yo”.

JUIF KI TE NAN MEZOPOTAMI AK ANN EJIP YO

Gen yon liv ki pale de istwa pèp juif la nan epòk Jezi a ki fè konnen: “Pami moun ki t ap viv nan Mezopotami, nan Medi ak nan Babiloni, te gen pitit pitit moun ki te nan wayòm dis tribi [Izrayèl yo] ak moun ki te nan wayòm Jida a, e moun sa yo se moun Asiri yo ak moun Babilòn yo ki te depòte yo vin nan zòn sa yo.” (Istwa pèp juif la nan epòk Jezi Kris [175 anv. e. n.–135 e. n.] [anglè]). Selon Esdras 2:64, se sèlman 42 360 Izrayelit ki te soti ann egzil nan Babilòn pou yo tounen Jerizalèm. Sa te pase nan ane 537 anvan epòk nou an. Flaviyis Jozèf fè konnen te gen plizyè dizèn milye Juif ki “te abite nan zòn Babilòn” nan premye syèk epòk nou an. Ant twazyèm ak senkyèm syèk epòk nou an, Juif sa yo te fè yon liv yo rele Talmid Babilòn nan.

Gen prèv ki montre te gen Juif ki t ap viv ann Ejip omwen depi sizyèm syèk anvan epòk nou an. Pandan peryòd sa a, Jeremi te voye yon mesaj pou tout Juif ki t ap viv nan plizyè zòn ann Ejip, youn nan zòn sa yo se te Menmfis (Jer. 44:1, nòt). Sanble, te gen anpil Juif ki t al viv ann Ejip pandan epòk kilti grèk la te enfliyanse lòt nasyon yo. Jozèf fè konnen Juif yo te pami premye moun ki t al rete Aleksandri. Rive yon lè, yo te bay Juif sa yo yon pati nan vil la pou yo rete. Nan premye syèk epòk nou an, Filon, yon ekriven juif, te di gen yon milyon Juif k ap viv ann Ejip, soti “Libi pou rive nan fwontyè Etyopi”.

“Pyè [...] leve kanpe” pou l pale (Travay 2:14-37)

12. a) Ki jan pwofèt Jowèl te pale de mirak ki te fèt nan Pannkòt ane 33 epòk nou an? b) Ki sa k fè yo te atann pou pwofesi Jowèl la te gen yon akonplisman nan premye syèk la?

12 “Pyè [...] leve kanpe” pou l te pale ak foul moun yo ki soti nan plizyè nasyon (Tra. 2:14). Li te esplike tout moun ki t ap koute l yo se yon mirak Bondye fè pou l pèmèt disip yo pale lòt lang pou l ka akonpli pwofesi li te bay pa mwayen pwofèt Jowèl la. Men sa pwofesi a te di: “M ap vide lespri m sou tout kalite moun.” (Jow. 2:28). Anvan Jezi te monte nan syèl la, men sa l te di disip li yo: “M ap mande Papa a, e l ap ban nou yon lòt èd.” Jezi te di èd sa a se ‘lespri a’. — Jan 14:16, 17.

13, 14. Ki efò Pyè te fè pou l rive touche kè moun k ap koute l yo, e ki jan nou ka imite l?

13 Lè Pyè t ap fini diskou l la, li te pale yon fason fèm ak foul moun yo, li te di yo: “Se pou tout nasyon Izrayèl la konn sa byen: Jezi nou te kloure sou poto pou l mouri a, Bondye te fè l vin Seyè, e li te fè l vin Kris.” (Tra. 2:36). Se vre, pifò moun ki t ap koute diskou Pyè a pa t la lè yo te kloure Jezi sou poto soufrans lan. Men, yo te koupab paske tout nasyon an te responsab zak sa a. Toutfwa, li bon pou nou note apot Pyè te pale ak Juif parèy li yo ak anpil respè e li te chèche touche kè yo. Objektif Pyè se te pouse moun yo repanti, se pa t chèche kondane yo. Èske moun yo te fache poutèt sa Pyè te di yo a? Non, ditou! Olye de sa, yo te “santi kè yo [ap] fann”. Yo te mande: “Ki sa nou dwe fè?” Sanble, lefètke Pyè te abòde sijè a yon fason ki te demontre li gen respè pou moun yo, sa te ede l touche kè anpil moun, e konsa yo te wè yo dwe repanti. — Tra. 2:37.

14 Nou ka imite fason Pyè te chèche touche kè moun ki t ap koute l yo. Lè n ap preche, nou pa bezwen chèche korije chak pawòl moun nou rankontre a di ki depaman ak sa Bib la di. Okontrè, n ap pi byen fè si nou pale sou pwen nou toule de a dakò sou yo. Lè nou jwenn yon pwen nou menm ak moun nan dakò sou li, nou kapab sèvi ak Pawòl Bondye a pou nou rezone ak moun nan sou pwen sa a avèk respè. Byen souvan, lè nou prezante verite ki nan Bib la fason sa a e nou montre nou gen respè pou moun yo, moun ki gen bon kè yo ka pi byen reyaji devan mesaj Wayòm nan.

KRISYANIS LA NAN ZÒN PON

Pami moun ki te tande diskou Pyè te fè nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, te gen Juif ki te soti nan yon zòn ki rele Pon, ki nan nò Azi Minè (Tra. 2:9). Sandout, gen nan yo ki te pote bon nouvèl la nan peyi yo, paske lè Pyè t ap ekri premye lèt li a, li te ekri l pou moun ki kwayan ki “gaye” nan yon seri zòn tankou Pong (1 Pyè 1:1). Nan lèt li a, nou ka wè kretyen sa yo te “gen lapenn” akoz “divès eprèv” poutèt lafwa yo (1 Pyè 1:6). Sanble, pami eprèv sa yo, te gen opozisyon ak pèsekisyon.

Lè nou egzamine yon lèt Plin ki te gouvènè Bitini ak Pon te ekri anperè Trajan, nou ka wè kretyen yo te jwenn lòt eprèv. Pandan Plin te nan Pon ozanviwon ane 112 epòk nou an, li te ekri pou l fè konnen krisyanis la tankou yon “maladi” ki soti pou l kontamine tout moun, fi kou gason, kèlkeswa laj moun nan genyen e kèlkeswa pozisyon l nan sosyete a. Plin te bay moun yo lonje dwèt sou yo kòm kretyen yo posiblite pou yo di yo pa kretyen ankò, e si yo pa fè sa, l ap touye yo. Men, kèlkeswa moun ki te dakò pou l blasfeme Kris oswa pou l resite yon priyè devan fo dye oubyen devan yon estati Trajan, yo t ap lage l. Plin te rekonèt bagay sa yo se bagay “moun ki kretyen toutbon pap janm aksepte fè”.

g Mo grèk Pyè te itilize lè yo tradui l yo mete “gaye” pou li a ka vle di tou “nan dyaspora a”. Yo te plis konn itilize mo sa a lè y ap pale de Juif ki te nan lòt peyi yo, donk, anpil nan moun ki te fèk konvèti nan krisyanis la se te Juif ki t ap viv nan divès lòt peyi.

“Se pou nou chak batize” (Travay 2:38-47)

15. a) Ki sa Pyè te di, e ki fason moun yo te reyaji? b) Kòman sa te fè posib pou plizyè milye moun ki te tande bon nouvèl la nan jou Pannkòt la te kalifye pou yo batize nan menm jou a?

15 Nan bèl jounen Pannkòt ane 33 epòk nou an, Pyè te di Juif ak moun ki konvèti nan relijyon Juif yo ki te byen reyaji yo: “Se pou nou repanti, e se pou nou chak batize.” (Tra. 2:38). Kòm rezilta, te gen anviwon 3 000 moun ki te batize, petèt nan plizyè pisin ki te nan vil Jerizalèm oswa ki te toupre Jerizalème. Èske se yon aksyon yo te fè sou kout tèt? Èske istwa sa a ka sèvi kòm baz pou montre moun k ap etidye Labib yo ak timoun ki gen paran yo ki kretyen ka kouri batize san yo pa pare pou sa? Non. Nou dwe sonje Juif ak pwozelit sa yo ki te batize nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an se te moun ki te renmen etidye Pawòl Bondye a, e yo te fè pati yon nasyon Jewova te mete apa pou li. Anplis de sa, yo te deja demontre yo zele pou Jewova, e gen kèk ladan yo ki te konn vwayaje sot byen lwen pou yo vin nan fèt sa a ki konn fèt chak ane. Apre yo te fin aksepte verite enpòtan konsènan wòl Jezi Kris jwe nan akonplisman objektif Bondye, yo te prè pou yo kontinye sèvi Jewova, men kounye a, antanke disip Kris ki batize.

KIYÈS PWOZELIT YO TE YE?

Pami moun ki t ap koute diskou Pyè te fè nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, te gen Juif ak pwozelit. Pwozelit yo se te “moun ki konvèti nan relijyon Juif yo”. — Tra. 2:10.

Pami mesye ki te kalifye pou yo distribye manje chak jou yo, yon ‘travay ki te nesesè’, te gen Nikola, “yon moun Antyòch ki te konvèti nan relijyon Juif yo”. (Tra. 6:3-5.) Byenke pwozelit yo pa t Juif, yo te konsidere yo kòm Juif nan tout domèn, piske yo te aksepte vin sèvi Bondye Izrayelit yo t ap sèvi a, yo te suiv Lalwa Moyiz la, yo te rejte tout fo dye, yo te sikonsi (si se gason yo te ye) e yo te vin fè pati nasyon Izrayèl la.

Apre Juif yo te sot ann egzil nan Babilòn nan ane 537 anvan epòk nou an, gen anpil ladan yo ki t al rete byen lwen Izrayèl, men yo te toujou pratike relijyon juif la. Konsa, moun ki t ap viv nan zòn Pwòch Oryan yo, e menm pi lwen, te vin konnen relijyon juif la. Ekriven nan tan lontan yo, tankou Oras ak Senèk, montre te gen anpil moun nan plizyè peyi ki te renmen relijyon juif la ansanm ak kwayans Juif yo, ki te mete ansanm ak Juif yo e ki te vin pwozelit.

16. Ki jan kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te montre yo dispoze fè sakrifis?

16 Li klè, Jewova te beni gwoup moun sa yo. Men sa Bib la di: “Tout moun ki te vin kwayan yo te ansanm e yo te pataje tout bagay ansanm. Yo te vann tè yo ak lòt bagay yo te genyen, e yo te separe kòb la bay tout moun ki te nan bezwen.f” (Tra. 2:44, 45). Pa gen dout nan sa, tout vrè kretyen ap byen kontan imite kretyen sa yo ki te demontre lanmou e ki te dispoze fè sakrifis.

17. Ki sa ki nesesè pou yon moun fè pou l ka batize?

17 Pou yon moun vwe lavi l bay Bondye e pou l batize, gen plizyè bagay Labib montre li dwe fè. Li dwe gen konesans sou Pawòl Bondye a (Jan 17:3). Li dwe demontre li gen lafwa e li dwe repanti parapò ak fason li te konn aji anvan, sa vle di li dwe vrèman regrèt li te konn aji yon fason ki kontrè ak prensip Bondye yo (Tra. 3:19). Ansuit, li dwe konvèti, oswa kase tèt tounen, epi kòmanse fè sa ki dwat, sètadi bagay ki ann amoni ak volonte Bondye (Wom. 12:2; Efe. 4:23, 24). Apre l fin fè pa sa yo, l ap vwe lavi l bay Bondye nan yon priyè epi l ap ka batize. — Mat. 16:24; 1 Pyè 3:21.

18. Ki privilèj yon moun ki vin disip Kris e ki batize genyen?

18 Èske w se yon disip Kris ki vwe lavi w bay Bondye e ki batize? Si se sa, ou dwe gen rekonesans pou gwo privilèj sa a ou genyen an. Menm jan ak premye disip yo ki te ranpli ak lespri sen, Jewova ka itilize w anpil pou w bay yon temwayaj konplè sou Wayòm li an e pou w fè volonte l.

a Gade kare ki gen tit “Jerizalèm se te sant relijyon Juif yo”.

b Gade kare ki gen tit “Wòm: kapital yon gran wayòm”. Gade kare ki gen tit “Juif ki te nan Mezopotami ak ann Ejip yo” ak kare ki gen tit “Krisyanis la nan zòn Pon”.

c “Lang” yo se pa t dife toutbon, men yo te “tankou dife”, sanble sa vle di sa yo te wè sou tèt chak disip yo te sanble ak dife e li te klere kou dife.

d Gade kare ki gen tit “Kiyès pwozelit yo te ye?”.

e Nan dat 7 out 1993, nan yon kongrè entènasyonal Temwen Jewova yo te fè nan vil Kyèv, ann Ikrèn, te gen 7 402 moun ki te batize. Yo te itilize sis pisin pou yo batize yo e sa te pran dezèdtan kenz minit.

f Dispozisyon sa a se te pou yon ti tan. Sa te fèt pou ede moun ki te vin nan fèt Pannkòt la e ki te deside fè yon ti rete Jerizalèm pou yo te ka aprann plis bagay sou bon nouvèl la. Frè ak sè yo te aji konsa san yo pa fòse yo e yon moun pa dwe panse se te yon sistèm kominis. — Tra. 5:1-4.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje