BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • bt chap. 12 p. 93-99
  • “Yo [...] pale avèk kran grasa pouvwa Jewova ba yo”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Yo [...] pale avèk kran grasa pouvwa Jewova ba yo”
  • ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “Yon gwo foul moun vin kwè” ​(Travay 14:1-7)
  • “Vin jwenn Bondye vivan an” ​(Travay 14:8-19)
  • ‘Yo remèt yo bay Jewova’ ​(Travay 14:20-28)
  • ‘Yo te gen anpil kè kontan e yo te ranpli ak lespri sen’
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Yo “fòtifye kongregasyon yo”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Moun nan anpil nasyon vin kretyen
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • “Pitit mwen nan Seyè a, yon pitit mwen renmen e ki fidèl”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
bt chap. 12 p. 93-99

CHAPIT 12

“Yo [...] pale avèk kran grasa pouvwa Jewova ba yo”

Pòl ak Banabas montre yo gen imilite, pèseverans ak kran

Travay 14:1-28

1, 2. Ki sa k rive pandan Pòl ak Banabas nan vil Lis?

BAGAY YO chofe nan vil Lis! Gen yon mesye ki te enfim nan pye depi lè l fèt k ap vole anlè tèlman l kontan paske gen de mesye li pa konnen ki fèk sot geri l. Moun nan vil la sezi, e gen yon prèt Zes ki pot kouwòn flè pou de mesye yo paske foul moun yo panse se dye yo ye. Gen plizyè bèf k ap rele pandan prèt la ap prepare l pou l al touye yo. De mesye yo, Pòl ak Banabas, rele byen fò pou yo di moun yo pa fè bagay konsa. Yo chire rad sou yo, yo vòltije antre nan foul la e yo mande moun yo pou yo pa adore yo. Yo oblije fè anpil efò pou yo rive konvenk foul moun yo pou yo pa fè sa.

2 Apre sa, yon seri Juif ki soti Antyòch ki te nan Pizidi a ak nan Ikónyòm debake nan vil Lis, yo opoze ak Pòl ak Banabas. Yo bay kont manti yo sou mesye yo, yo pran tèt moun ki nan vil Lis yo. Kounye a, menm moun ki te fèk ap chèche adore Pòl yo antoure Pòl, yo kalonnen l ak kout wòch jiskaske l pèdi konesans. Lè yo fin pase ray yo sou Pòl, yo trennen l met deyò vil la, e kòm yo panse l mouri, yo kite l la.

3. Ki kesyon nou pral egzamine nan chapit sa a?

3 Ki sa k te mennen nan sitiyasyon grav sa a? Ki sa pwoklamatè bon nouvèl la ka aprann jodi a nan sa k te rive Pòl ak Banabas ak moun ki t ap viv Lis yo, ki te chanje pwennvi yo te genyen sou mesye sa yo nan yon batje? E ki jan ansyen yo ka imite egzanp Pòl ak Banabas, de mesye ki te fidèl, nan fason yo te fè travay predikasyon an avèk pèseverans e nan fason yo te “pale avèk kran grasa pouvwa Jewova [te] ba yo”? — Tra. 14:3.

“Yon gwo foul moun vin kwè” ​(Travay 14:1-7)

4, 5. Poukisa Pòl ak Banabas te vwayaje al nan vil Ikónyòm, e ki sa k te rive yo nan vil sa a?

4 Se kèk jou sèlman ki te pase depi Juif ki te opoze ak Pòl ak Banabas yo te bay mesye sa yo pwoblèm nan vil Antyòch ki te nan Pizidi a, yon vil women, e yo te mete yo deyò nan vil sa a. Men, sa pa t fè Pòl ak Banabas dekouraje. Olye de sa, yo te “souke pye yo pou yo retire pousyè ladan l” kòm temwayaj kont moun nan vil sa a ki te rejte mesaj Wayòm nan (Tra. 13:50-52; Mat. 10:14). Pòl ak Banabas te ale byen kalm e yo te kite rebèl sa yo pou yo sibi konsekans aksyon yo te fè yo nan men Bondye (Tra. 18:5, 6; 20:26). De misyonè sa yo te kontinye preche bon nouvèl la avèk menm kè kontan yo te genyen an, yo pa t pèdi menm yon yota nan lajwa sa a. Yo te vwayaje ale nan direksyon sidès, yo te mache anviwon 150 kilomèt, e yo te vin jwenn yon bèl ti zòn ki byen fre ki chita nan mitan mòn Toris ak mòn Siltan.

5 Toudabò, Pòl ak Banabas te fè yon ti rete Ikónyòm. Ikónyòm se te yon vil kote moun yo te kontinye suiv kilti grèk la e se te youn nan prensipal vil ki te nan zòn Galasi a, yon zòn ki te anba dominasyon Women yoa. Te gen anpil Juif ki t ap viv nan vil sa a e te gen anpil moun ki pa Juif ki te konvèti nan relijyon juif la ki t ap viv la tou. Juif yo te gen gwo enfliyans sou lavi moun yo. Jan Pòl ak Banabas abitye fè sa tout kote yo pase, yo antre nan sinagòg la e yo kòmanse preche (Tra. 13:5, 14). Bib la fè nou konnen “fason yo te pale te fè yon gwo foul moun vin kwè, Juif kou Grèk”. — Tra. 14:1.

IKÓNYÒM, VIL MOUN FRIJI YO

Ikónyòm se yon vil ki te nan yon platon ki te wo ki te byen wouze e ki te bay bon rannman. Vil sa a te nan kafou yon seri wout moun k ap fè komès yo te konn itilize anpil e ki te relye Siri ak Wòm ak Lagrès ak Azi.

Nan Ikónyòm, yo te adore Sibèl, yon deyès moun Friji yo te kwè ki te pèmèt moun fè pitit. Men, pandan peryòd kote kilti grèk la te enfliyanse lòt nasyon yo, moun Friji yo te pran kèk bagay nan relijyon Grèk yo mete nan adorasyon pa yo. Vil sa a te vin anba dominasyon Women yo nan ane 65 anvan epòk nou an, e nan premye syèk epòk nou an, li te vin yon gwo vil kote bagay yo t ap byen mache nan zafè komès ak agrikilti. Byenke Juif ki t ap viv Ikónyòm yo te gen anpil enfliyans sou moun yo, sanble vil sa a te kontinye kenbe kilti grèk la. Anfèt, nan liv Travay la, yo di se Juif ak “Grèk” ki t ap viv la. — Tra. 14:1.

Vil Ikónyòm te nan fwontyè Likawoni ak Friji, de rejyon ki te nan zòn Galasi. Gen kèk ekriven nan tan lontan, tankou Sisewon ak Estrabon, ki te di Ikónyòm se yon vil ki nan Likawoni, e vrèman, si n ap gade nan yon kat jeyografi, n ap wè vil sa a te nan rejyon sa a vre. Sepandan, liv Travay la fè diferans ant Ikónyòm ak Likawoni, vil kote yo te pale “lang likawonyen” an (Tra. 14:1-6, 11). Poutèt sa, gen kèk moun ki kritike liv Travay la, yo di gen enfòmasyon ladan l ki pa egzak. Men, an 1910, gen akeyològ ki te jwenn kèk prèv nan vil sa a ki fè konnen se frijyen yo te pale vre nan Ikónyòm pandan de syèk apre Pòl ak Banabas te fin vizite zòn nan. Kidonk, moun ki te ekri liv Travay la pa t fè erè lè l te fè diferans ant Ikónyòm ak vil Likawoni yo.

6. Ki sa k fè Pòl ak Banabas te jwenn bon rezilta antanke anseyan, e ki jan nou ka imite yo?

6 Ki sa k fè fason Pòl ak Banabas te pale a te bay bon rezilta konsa? Pòl te gen anpil konesans sou Ekriti yo e li te byen konprann yo. Li te maton nan fè referans ak listwa, ak pwofesi yo ansanm ak Lwa Moyiz la pou l te pwouve moun yo Jezi se Mesi yo te pwomèt la (Tra. 13:15-31; 26:22, 23). Fason Banabas li menm te pale te montre aklè li te gen sousi pou moun yo (Tra. 4:36, 37; 9:27; 11:23, 24). Men, Pòl ak Banabas pa t konte sou entèlijans pa yo, yo te pale “grasa pouvwa Jewova ba yo”. Ki jan w ka imite misyonè sa yo nan travay predikasyon an? Men ki jan w ka fè sa: Chèche byen konnen Pawòl Bondye a. Chwazi kèk vèsè ou wè k ap plis fè moun k ap koute w yo enterese nan mesaj Wayòm nan. Chèche mwayen pou w pote konsolasyon pou moun w ap preche yo. E se pou ansèyman w ap bay yo toujou chita sou Pawòl Jewova a, yo pa ta dwe chita sou pwòp sajès ou.

7. a) Ki efè bon nouvèl la genyen sou moun yo? b) Si fanmi w divize paske w ap obeyi bon nouvèl la, ki sa w dwe sonje?

7 Se vre, anpil moun nan Ikónyòm te kontan tande sa Pòl ak Banabas t ap di yo, men se pa tout. Lik fè nou konnen: “Juif ki pa t kwè yo monte tèt moun ki nan nasyon yo, e yo fè yo vire kont frè yo.” Pòl ak Banabas te rann yo kont li nesesè pou yo rete Ikónyòm pou yo defann bon nouvèl la. Yo te “pase anpil tan nan zòn nan ap pale avèk kran”. Kòm rezilta, “gwo foul moun ki te nan vil la te divize: gen kèk ki te pou Juif yo, men lòt yo te pou apot yo”. (Tra. 14:2-4.) Jodi a tou, bon nouvèl la gen menm efè a sou moun yo. Bon nouvèl la fè yon seri moun gen tèt ansanm, men li lakòz kèk lòt vin divize (Mat. 10:34-36). Si fanmi w divize paske w ap obeyi bon nouvèl la, ou dwe sonje, byen souvan, rezon ki fè yo opoze ak nou se vye rimè moun yo simaye sou do nou oswa manti kri yo bay sou nou. Men, si w gen yon bon konduit, w ap demanti tout bagay sa yo, e petèt, sa ka fè moun ki opoze avèk ou yo chanje pwennvi. — 1 Pyè 2:12; 3:1, 2.

8. Ki sa k te fè Pòl ak Banabas kite Ikónyòm, e ki sa nou aprann nan egzanp mesye sa yo?

8 Apre kèk tan, moun Ikónyòm ki te opoze ak Pòl ak Banabas yo te fè konplo pou yo touye mesye yo ak kout wòch. Lè Pòl ak Banabas vin konn sa, yo deside deplase al nan yon lòt zòn pou yo kontinye preche (Tra. 14:5-7). Jodi a, pwoklamatè Wayòm nan montre yo pridan tou. Lè nou rankontre moun k ap joure nou, nou pale avèk kran (Flp. 1:7; 1 Pyè 3:13-15). Men, lè nou wè moun yo soti pou yo fè vyolans sou nou, nou aji avèk pridans yon fason pou nou pa met lavi nou oswa lavi kwayan parèy nou yo an danje san rezon. — Pwo. 22:3.

“Vin jwenn Bondye vivan an” ​(Travay 14:8-19)

9, 10. Ki kote Lis te ye, e ki sa n konnen konsènan moun ki t ap viv nan vil sa a?

9 Pòl ak Banabas te pran direksyon Lis, yon vil ki te anba dominasyon Women yo e ki te nan sidwès vil Ikónyòm, nan yon distans 30 kilomèt konsa. Moun nan vil Lis yo te gen bon relasyon ak moun ki te nan vil Antyòch ki te nan Pizidi a, men Juif ki te nan vil Lis yo pa t gen gwo enfliyans sou lavi moun ki t ap viv bò kote yo. Byenke moun yo gendwa te pale grèk, lang manman yo se te likawónyen. Pòl ak Banabas te kòmanse preche nan yon zòn piblik, petèt se paske pa t gen sinagòg nan vil la. Nan Jerizalèm, Pyè te geri yon mesye ki te enfim depi lè l te fèt, e lè moun Jerizalèm yo te wè mirak sa a, anpil ladan yo te vin kwè (Tra. 3:1-10). Nan vil Lis, Pòl geri yon mesye ki te enfim nan pye depi lè l te fèt (Tra. 14:8-10). Men, moun yo pa t reyaji menm jan ak moun Jerizalèm yo lè yo te wè mirak sa a.

10 Jan nou te di sa nan kòmansman chapit sa a, lè mesye ki te domaje a te kòmanse vole anlè e l te kòmanse mache, moun nan vil Lis yo ki te konn adore fo dye te mal konprann sa k rive a. Yo te pran Banabas pou Zes, chèf dye yo, e yo te pran Pòl pou Èmès, pitit gason Zes epi pòtpawòl dye yo. (Gade kare ki gen tit “Adorasyon Zes ak Èmès nan vil Lis”.) Men, Banabas ak Pòl te detèmine pou yo fè foul moun yo konprann se pa grasa pouvwa fo dye yo yo te fè mirak sa a, okontrè, se grasa pouvwa Jewova, sèl vrè Dye a. — Tra. 14:11-14.

ADORASYON ZES AK ÈMÈS NAN VIL LIS

Lis se te yon vil ki chita nan yon vale ki izole parapò ak gwo wout yo. Se Seza Ogis ki te fè vil sa a vin anba dominasyon Women yo, li te rele l Joulya Feliks Jemina Loustra. Te gen twoup sòlda nan vil Lis ki te la pou yo defann zòn Galasi a kont tribi ki te nan mòn ozalantou yo. Kidonk, fason yo te dirije vil sa a se te menm jan Women yo te abitye òganize vil yo, e tit fonksyonè Leta yo te an laten. Epoutan, Lis te kenbe anpil aspè ki te rele l chèmèt chèmètrès. Li te plis sanble yon vil likawonyen pase l te sanble yon vil women, e vrèmanvre, moun Lis yo pale de yo nan liv Travay la se lang likawonyen yo te pale.

Pami dekouvèt akeyològ yo fè nan zòn ki toupre kote Lis te ye a, yo jwenn yon seri enfòmasyon ki grave nan wòch ki pale de “prèt Zes yo” e yo jwenn yon estati fo dye yo te rele Èmès la. Yo jwenn tou yon lotèl yo dedye pou Zes ak Èmès.

Ovid (ane 43 anv. e. n. rive ane 17 e. n.), yon powèt women, te ekri sou yon lejann ki te egziste nan epòk sa a. Sa l te ekri yo ede n pi byen konprann sa liv Travay la di a. Selon Ovid, Jipitè ak Mèki (non Women yo te bay dye grèk yo te rele Zes ak Èmès yo) te parèt sou fòm moun e yo t al vizite vil Friji. Yo te pase mande ladesant nan mil kay, men mèt kay yo pa t resevwa yo. Se de ti granmoun ki te rele Filemon ak Bosis, ki te madanm ak misye, ki te akeyi yo nan ti kay yo te genyen an. Poutèt sa, Zes ak Èmès fè kay Filemon ak Bosis la tounen yon bèl tanp ki fèt an mab e annò, e yo fè yo tounen prèt pou yo sèvi nan tanp lan. Apre sa, yo detwi kay moun ki te refize ba yo ladesant yo. Men sa yon liv di: “Si lejann sa a te vin nan tèt moun ki t ap viv Lis yo lè yo te wè Pòl ak Banabas te geri mesye ki te enfim nan pye a, nou ka konprann rezon ki fè yo te dispoze sakrifye bèt pou yo akeyi yo.” — Liv Travay la nan kontèks Grèk ak Women yo (anglè).

Pòl ak Banabas ki pa kite foul moun ki nan Lis la adore yo. Moun yo ap jwe mizik, y ap prepare sakrifis epi y ap bese pou yo adore de mesye yo.

“Vire do bay bagay sa yo ki pa vo anyen, pou nou vin jwenn Bondye vivan an, li menm ki fè syèl la, [ak] tè a.” — Travay 14:15.

11-13. a) Ki sa Pòl ak Banabas te di moun ki t ap viv Lis yo? b) Bay yon leson nou ka aprann nan pawòl Pòl ak Banabas te di yo.

11 Malgre sitiyasyon an te difisil, Pòl ak Banabas te kontinye fè tout sa yo kapab pou yo touche kè moun ki t ap koute yo. Nan istwa sa a, Lik fè nou wè yon bon fason yo te preche moun k ap sèvi fo dye yo bon nouvèl la. Gade byen ki jan Pòl ak Banabas te chèche touche kè moun yo. Yo te di: “Sa n ap fè konsa a, mesye? Nou menm tou, nou se moun ki gen menm feblès ak nou, e nou vin anonse nou bon nouvèl la, pou nou ka vire do bay bagay sa yo ki pa vo anyen, pou nou vin jwenn Bondye vivan an, li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo. Nan jenerasyon ki pase yo, li te pèmèt tout nasyon yo fè sa yo vle, byenke, li pa t sispann bay temwayaj sou tèt li paske li fè byen pou nou: li ban nou lapli ki soti nan syèl la ak sezon kote rekòt yo donnen anpil, li ban nou anpil manje e li ranpli kè nou ak lajwa.” — Tra. 14:15-17.

12 Ki sa n ka aprann nan pawòl sa yo ki fè nou reflechi? Toudabò, nou wè Pòl ak Banabas pa t panse yo siperyè moun ki t ap koute yo. Yo pa t fè tèt yo pase pou sa yo pa ye. Okontrè, avèk imilite, yo te rekonèt yo gen menm feblès ak moun sa yo ki t ap sèvi fo dye. Se vre, Pòl ak Banabas te resevwa lespri sen, yo pa t ap suiv fo ansèyman ankò e Bondye te beni yo lè l te ba yo posiblite pou y al dirije nan syèl la avèk Kris. Men, yo te konnen moun Lis yo te ka resevwa menm privilèj sa yo tou si yo obeyi Kris.

13 Ki jan nou wè moun n ap preche yo? Èske n konsidere yo gen menm valè ak nou? Toutpandan n ap ede moun yo konnen verite ki gen nan Pawòl Bondye a, menm jan ak Pòl ak Banabas, èske nou veye pou nou pa chèche lwanj nan men yo? Charles Taze Russell, yon moun ki te konn byen anseye Pawòl Bondye a e ki te pran latèt nan travay predikasyon an nan fen 19yèm syèk la ak nan kòmansman 20yèm syèk la, ban nou bon egzanp nan sans sa a. Men sa l te di: “Nou pa bezwen okenn omaj, okenn elòj, ni pou tèt nou ni pou sa nou ekri yo; ni nou pa bezwen moun ban nou tit Reveran oswa Anseyan.” Frè Russell te gen imilite, menm jan ak Pòl ak Banabas. Nou menm tou, objektif nou lè n ap preche se pa pou nou fè moun ban nou glwa, men pito se pou nou ede moun yo vin jwenn “Bondye vivan an”.

14-16. Bay de lòt leson nou ka aprann nan sa Pòl ak Banabas te di moun ki t ap viv Lis yo.

14 Men yon dezyèm leson nou ka aprann nan pawòl Pòl ak Banabas yo. Pòl ak Banabas te konn adapte yo ak moun ki t ap koute yo. Kontrèman ak Juif yo ansanm ak moun ki te konvèti nan relijyon juif la ki t ap viv Ikónyòm yo, moun Lis yo te prèske pa konn anyen sou Ekriti yo oswa sou fason Bondye te boule ak nasyon Izrayèl la. Men, moun sa yo ki t ap koute Pòl ak Banabas yo t ap viv nan yon zòn kote yo fè anpil jaden, paske nan vil Lis te gen yon bon tanperati e tè yo te bay bon rannman. Donk, yo te gen anpil prèv devan je yo, tankou sezon kote rekòt yo anpil, ki te montre yo bèl kalite Kreyatè a genyen, e misyonè yo te chita sou pwen sa yo pou yo rezone avèk yo. — Wom. 1:19, 20.

15 Menm jan ak Pòl ak Banabas, èske nou menm tou, nou ka adapte nou ak moun n ap pale yo? Menmsi yon moun k ap fè jaden ka plante menm kalite semans lan nan plizyè kalite tè li genyen, li dwe itilize metòd ki diferan pou l prepare tè yo. Gen kèk tè ki deja byen mou ki pare pou yo resevwa semans lan. Men, gen lòt tè ki bezwen plis preparasyon. Menm jan an tou, se toujou menm semans lan nou plante, sètadi mesaj Wayòm nan ki nan Pawòl Bondye a. Sepandan, si nou imite Pòl ak Banabas, n ap chèche konprann sitiyasyon moun n ap preche yo e n ap chèche wè nan ki relijyon yo ye. Apre sa, n ap sèvi ak sa nou aprann sou yo a pou n fè chanjman ki nesesè nan fason n ap prezante yo mesaj Wayòm nan. — Lik 8:11, 15.

16 Gen yon twazyèm leson nou ka aprann nan istwa konsènan Pòl, Banabas ak moun ki t ap viv Lis yo. Menm lè nou fè tout sa nou kapab pou nou byen plante semans lan, pafwa, Mechan an ka rache sa nou te simen an oswa semans lan ka tonbe kote ki gen wòch (Mat. 13:18-21). Si sa rive, pinga nou dekouraje. Jan Pòl te fè disip ki t ap viv Wòm yo sonje sa, “nou chak [sa gen ladan l chak moun nou anseye Pawòl Bondye a] pral rann Bondye kont pou tèt nou”. — Wom. 14:12.

‘Yo remèt yo bay Jewova’ ​(Travay 14:20-28)

17. Apre Pòl ak Banabas te kite Dèbe, ki kote yo te ale, e pou ki rezon?

17 Apre yo te fin trennen Pòl met pa deyò vil Lis e yo te kite l la paske yo te panse l mouri, disip yo te vin antoure l, li te leve e yo te ba l yon kote nan vil la pou l pase nuit la. Nan demen, Pòl ak Banabas te pran wout pou y al Dèbe. Yo te gen pou yo fè 100 kilomèt wout. Nou ka imajine jan vwayaj sa a ki pa t piti te rèd pou Pòl, piske sa te gen kèk èdtan sèlman depi yo te fin kalonnen l ak kout wòch. Malgre sa, ni li menm ni Banabas te montre yo gen pèseverans, yo pa t bese lebra, e lè yo te rive Dèbe, yo te fè “yon bon kantite disip”. Apre sa, olye yo pran wout ki pi kout la pou yo tounen Antyòch ki te nan Siri a, kote yo te derape vwayaj misyonè yo a, yo te “retounen Lis, Ikónyòm ak Antyòch [ki te nan Pizidi a]”. Poukisa? Pou yo “fòtifye disip yo, [pou] yo ankouraje yo pou yo rete nan lafwa”. (Tra. 14:20-22.) Ala yon bèl egzanp de mesye sa yo kite pou nou! Se pa tèt yo yo te wè anvan, men se te enterè kongregasyon kretyen an. Jodi a, siveyan itineran yo ak misyonè yo imite egzanp mesye sa yo.

18. Ki sa gwoup ansyen yo fè anvan yo rekòmande yon frè pou yo nome l ansyen nan kongregasyon an?

18 Nonsèlman Pòl ak Banabas te fòtifye disip yo ak pawòl yo e ak egzanp yo, men tou yo te “nome ansyen nan chak kongregasyon pou ede disip yo”. Se vre, se “lespri sen [ki te] voye” Pòl ak Banabas fè vwayaj misyonè sa a, men, yo te priye e yo te fè jèn “pou yo remèt ansyen sa yo bay Jewova”. (Tra. 13:1-4; 14:23.) Se menm metòd la òganizasyon Jewova a suiv jodi a. Anvan gwoup ansyen ki nan yon kongregasyon rekòmande yon frè pou yo nome l nan kongregasyon an, yo priye e yo chèche wè si frè sa a ranpli kondisyon Labib mande yo (1 Tim. 3:1-10, 12, 13; Tit 1:5-9; Jak 3:17, 18; 1 Pyè 5:2, 3). Se pa kantite tan li gen nan laverite ki pi enpòtan, men pito, se nan ki pwen pawòl li, konduit li ak repitasyon l genyen montre li kite lespri sen Bondye aji nan lavi l. Si yon frè ranpli kondisyon Labib mande pou yon moun ranpli pou l sèvi kòm siveyan nan kongregasyon an, sa montre li kalifye pou l vin yon bèje pou twoupo a (Gal. 5:22, 23). Se siveyan sikonskripsyon an ki responsab pou nome frè yo rekòmande yo. — Konpare ak 1 Timote 5:22.

19. Ki responsablite ansyen yo konnen yo genyen, e ki jan yo imite Pòl ak Banabas?

19 Ansyen yo konnen yo gen kont pou yo rann Bondye pou fason yo pran swen kongregasyon an (Ebre 13:17). Menm jan ak Pòl ak Banabas, ansyen yo pran latèt nan travay predikasyon an. Yo di bon pawòl pou fòtifye frè ak sè yo. E yo mete enterè kongregasyon an anvan enterè pa yo. — Flp. 2:3, 4.

20. Ki byenfè nou jwenn lè nou li istwa konsènan bon travay frè ak sè nou yo ap fè avèk fidelite nan travay predikasyon an?

20 Lè Pòl ak Banabas te resi retounen Antyòch ki te nan Siri a, kote yo te derape vwayaj misyonè yo a, yo te kòmanse “rakonte tout bagay Bondye te sèvi avèk yo pou l fè, e ki jan li te ouvri pòt pou nasyon yo pou yo ka vin gen lafwa”. (Tra. 14:27.) Lè nou li istwa konsènan bon travay frè ak sè nou yo ap fè avèk fidelite nan travay predikasyon an e lè nou wè jan Jewova beni efò y ap fè, sa ankouraje nou pou nou kontinye “pale avèk kran grasa pouvwa Jewova” ban nou.

a Gade kare ki gen tit “Ikónyòm, vil moun Friji yo”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje