Kantik 98
Annou simen semans Wayòm nan
1. Nou tout ki esklav Jewova Dye,
K’ap sèvi’l avèk tout nanm nou,
Ann soti pou’n fè travay Mèt la,
Ann suiv li pazapa chak jou.
Semans verite, nou pa pè simen
Nan kè tout moun ki vle koute.
Travay predikasyon an itil anpil,
Li pote bèl louwanj pou Bondye.
2. Gen grenn k’ap tonbe nan kè ki di,
Kote rasin pa ka antre.
Moun sa yo ka fè yon ti pwogrè,
Men, yo pap rete, y’ap devye.
Pikan anpeche pawòl la grandi
Lakay moun ki renmen monn nan.
Men, gen kèk semans k’ap bay bon rezilta
Nan tè ki bèl, ki bay bon rannman.
3. Pou nou reyisi nan travay sa’,
Pasyans ak lanmou enpòtan.
Si’n enterese nan pwochen nou,
Sa ka louvri kè yo byen gran.
Avèk vijilans, fèmte, jantiyès,
N’ap ka ede yo fè sa’k jis.
Konsa, avèk jwa, n’ap kapab rekòlte
Omwen trant, si se pa san fwa plis.
(Gade tou Mat. 13:19-23; 22:37.)