Kantik 10
“Men mwen! Voye m”
1. Lèzòm ap kritike Bondye,
Yo sal non’l ki jis, ki sakre.
Gen moun ki di Bondye twò mou,
Lòt di: ‘Pa gen Bondye ditou.’
Ki moun k’ap louwe Jewova,
K’ap sangtifye non’l, k’ap ba’l glwa?
“Seyè, men mwen! Voye’m, tanpri.
Mwen vle louwe ou pou lavi.
(REFREN)
Se yon onè ki fè mwen rejwi!
Wi, men mwen! Voye’m, tanpri.”
2. Gen moun ki twouve Bondye lan.
Yo pa krenn li, yo awogan.
Gen moun, se zidòl y’adore.
Lòt menm pran Seza pou Bondye.
Kiyès k’ap fè mechan’ konnen
Amagedòn se pou demen?
“Seyè, men mwen! Voye’m, tanpri.
Ak kran, tout moun m’ap avèti.
(REFREN)
Se yon onè ki fè mwen rejwi!
Wi, men mwen! Voye’m, tanpri.”
3. Enb yo ap jemi jodi a
Akoz mechan san fwa, ni lwa.
Ak senserite, y’ap chèche
Verite ki sot nan Bondye.
Kiyès ki pral konsole yo,
Ede yo jwenn yon monn nouvo?
“Seyè, men mwen! Voye’m, tanpri.
M’ap anseye yo ladwati.
(REFREN)
Se yon onè ki fè mwen rejwi!
Wi, men mwen! Voye’m, tanpri.”