Kantik 14
Tout bagay vin tounèf
1. “Siy tan yo” pwouve Wayòm nan enstale.
Jezi Kris chita sou yon twòn glorye.
Batay nan syèl la li te ranpòte.
Talè tout tè a pral jan Bondye vle.
(REFREN)
Rejwi: tant Bondye avèk lòm.
L’ap avèk yo, e y’ap anfòm.
Pap gen chagren ak dlo nan je ankò,
Ni dèy, ni soufrans, ni rèl, ni lanmò.
Bondye di l’ap refè tout bagay bèl,
E pawòl sa yo fidèl.
2. Nou wè Nouvo Jerizalèm fidèl la,
Madanm Timouton an gen bèl ekla.
L’abiye ak bèl bijou kounye a,
E sèl limyè li se pral Jewova.
(REFREN)
Rejwi: tant Bondye avèk lòm.
L’ap avèk yo, e y’ap anfòm.
Pap gen chagren ak dlo nan je ankò,
Ni dèy, ni soufrans, ni rèl, ni lanmò.
Bondye di l’ap refè tout bagay bèl,
E pawòl sa yo fidèl.
3. Vil sa’ gen jistis, l’ap fè tout moun plezi.
E pou toutan, pòt li ap ret ouvri.
Tout nasyon pral mache nan bèl glwa li.
E, menm jan avè’l, limyè’n dwe jayi.
(REFREN)
Rejwi: tant Bondye avèk lòm.
L’ap avèk yo, e y’ap anfòm.
Pap gen chagren ak dlo nan je ankò,
Ni dèy, ni soufrans, ni rèl, ni lanmò.
Bondye di l’ap refè tout bagay bèl,
E pawòl sa yo fidèl.
(Gade tou Mat. 16:3; Rev. 12:7-9; 21:23-25.)