BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • sn kantik 22
  • “Jewova se Bèje mwen”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Jewova se Bèje mwen”
  • Ann chante pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • “ Jewova se Bèje m ”
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • “Jewova se Bèje mwen”
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Jewova se Bèje nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • “ Men mwen ! Voye m ”
    Ann chante louwanj pou Jewova
Gade plis
Ann chante pou Jewova
sn kantik 22

Kantik 22

“Jewova se Bèje mwen”

Édition imprimée

(Sòm 23)

1. Jewova Dye se Bèje mwen,

Pouki pou’m pè, pou’m tranble?

Li toujou byen pran swen tout mouton’l,

Menm youn, li pap janm bliye.

Bò dlo trankil li mennen mwen,

Li rekonfòte nanm mwen.

Akoz gran non’l, li toujou gide’m

Pou’m mache nan bon chemen.

Akoz gran non’l, li toujou gide’m

Pou’m mache nan bon chemen.

2. Si m’ap mache nan wout fènwa

Mwen pap pè okenn malè,

Paske Bèje’m nan toujou byen pre,

Baton’l pwoteje’m aklè.

Tèt mwen, li rafrechi ak luil.

Wi, gode’m li byen ranpli.

Bonte’l mwen toujou benefisye,

Chak jou, m’ap ret lakay li.

Bonte’l mwen toujou benefisye,

Chak jou, m’ap ret lakay li.

3. Bèje’m nan saj, li plen lanmou!

Se li m’ap toujou louwe.

Afeksyon li genyen pou mouton’l,

Avèk jwa, m’ap anonse.

M’ap suiv Pawòl li fidèlman,

M’ap mache nan chemen li.

Sèvi Bondye se yon gwo trezò,

Chak jou, mwen vle ancheri.

Sèvi Bondye se yon gwo trezò,

Chak jou, mwen vle ancheri.

(Gade tou Sòm 28:9; 80:1.)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje