Kantik 42
‘Ann ede moun ki fèb yo’
Édition imprimée
1. Nou konnen nou gen defo,
Wi, nou gen mankman.
Poutan Bondye renmen nou,
Sa fè nou kontan.
Li gen anpil bonte,
Li renmen’n toutbonvre.
Se pou nou renmen youn lòt
Jan li renmen’n nan.
2. ‘Lè gen moun ki fèb, mwen fèb’,
Se sa Pòl te di.
Kris te mouri pou yo tou,
Pou yo gen lavi.
Bondye ka fè yo djanm.
Ann ede yo ansanm.
Lè nou chèche konprann yo,
Sa fè yo rejwi.
3. Si’n jije moun ki fèb yo,
Yo ka trebiche.
Men, si’n janti avèk yo,
Y’ap kapab kenbe.
Annou aji atan
Pou’n bay ankourajman.
Plis yo jwenn moun soutni yo,
Plis y’ap pwogrese.
(Gade tou 2 Kor. 11:29; Iza. 35:3, 4; Gal. 6:2.)