Kantik 47
Annou preche bon nouvèl la
1. Bondye te kache verite sou Wayòm nan.
Kouny’a li fè’n konn verite sou Semans lan.
Bondye renmen jistis, li pran pitye pou nou,
Li pran dispozisyon pou’l delivre’n yon jou.
Li chwazi Jezi Kris, Pitit li a, kòm Wa,
Se li menm k’ap gen pou’l gouvène sou tout tè a.
Bondye prepare yon bon madanm pou Jezi.
Se yon ti gwoup moun ki pral reye avèk li.
2. Bon nouvèl sa’ Bondye prepare’l byen lontan,
Li vle pou’n fè moun tout kote konn Wayòm nan.
Zanj yo kontan patisipe ansanm avè’n,
Pou nou ka rive jwenn tout moun: granmoun kou jèn.
Se yon responsablite, se yon gwo onè
Pou’n sangtifye non Bondye tout kote sou latè.
Wi, nou fyè dèske nou se Temwen Jewova,
Dèske n’ap preche bon nouvèl etènèl la.
(Gade tou Mak 4:11; Tra. 5:31; 1 Kor. 2:1, 7.)