Kantik 46
Jewova se Wa nou!
(Sòm 97:1)
1. Rejwi, epi bay Jewova glwa.
Menm syèl la fè konnen bèl kalite’l yo.
Avèk jwa, ann chante melodi pou Bondye.
Kokenn aksyon’l yo touche’n anpil.
(REFREN)
Nou menm syèl mèt rejwi, tè a mèt nan lajwa,
Paske Jewova Dye se Wa nou!
Nou menm syèl mèt rejwi, tè a mèt nan lajwa,
Paske Jewova Dye se Wa nou!
2. Ann fè nasyon yo konnen glwa li.
Chak jou, ann fè konnen li bay delivrans.
Paske Jewova Wa, li merite louwanj.
Annou tout koube devan twòn li.
(REFREN)
Nou menm syèl mèt rejwi, tè a mèt nan lajwa,
Paske Jewova Dye se Wa nou!
Nou menm syèl mèt rejwi, tè a mèt nan lajwa,
Paske Jewova Dye se Wa nou!
3. Bondye met gouvènman’l lan anplas.
Se Jezi Kris li met chita sou twòn nan.
Tout fo dye yo dwe wont, yo dwe koube devan’l,
Paske se Bondye moun dwe louwe.
(REFREN)
Nou menm syèl mèt rejwi, tè a mèt nan lajwa,
Paske Jewova Dye se Wa nou!
Nou menm syèl mèt rejwi, tè a mèt nan lajwa,
Paske Jewova Dye se Wa nou!
(Gade tou 1 Kwo. 16:9; Sòm 68:20; 97:6, 7.)