Kantik 52
Prezève kè nou
Édition imprimée
1. Prezève kè’n, pitit Bondye,
Pinga’n pran wout peche.
Jewova li nan fon kè nou,
Li wè ki moun nou ye.
Pafwa kè nou ka vle devye
Akoz dekourajman.
Se pou nou veye sou kè nou,
Pou’n ret nan chemen an.
2. Lapriyè se yon bon mwayen
Pou’n prezève kè nou.
Pa janm sispann louwe Bondye,
Fè’l konn bezwen’n chak jou.
Tout sa Jewova anseye’n,
Nou fèt pou’n obeyi.
Lite pou nou rete fidèl,
Pou’n toujou fè’l plezi.
3. Pwoteje kè’n kont vye lide.
Panse ak sa ki vrè.
Kite Pawòl la touche kè’n,
N’ap jwenn fòs ak lapè.
Bondye renmen sèvitè’l yo,
Nou ka konte sou li.
Si nou sèvi’l ak tout kè nou,
N’ap zanmi’l pou lavi.