Kantik 41
Adore Jewova pandan w jèn
Édition imprimée
1. Ou menm jèn, ou gen valè pou Bondye.
Li gen afeksyon pou ou toutbonvre.
Li ba’w paran ak zanmi pou pran swen’w.
Wi, se yon prèv ki montre jan’l renmen’w.
2. Onore paran’w ki vle’w gen lavi.
Pinga’w lakòz diskisyon ak konfli.
Si’w fè Bondye plezi nan tout domèn,
W’ap gen anpil kè kontan pandan’w jèn.
3. Sonje Jewova pandan’w jèn toujou.
Grandi nan laverite, nan lanmou.
Si’w deside bay Bondye tout lavi’w,
W’ap rejwi kè’l e l’ap kontan beni’w.
(Gade tou Sòm 71:17; Lam. 3:27; Efe. 6:1-3.)