BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • sn kantik 107
  • Vini sou mòn Jewova a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Vini sou mòn Jewova a
  • Ann chante pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Vini sou mòn Jewova a
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Rekonesans pou pasyans Bondye
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • Chèche Bondye pou l ka delivre w
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Chèche Bondye pou l ka delivre w
    Ann chante pou Jewova
Gade plis
Ann chante pou Jewova
sn kantik 107

Kantik 107

Vini sou mòn Jewova a

Édition imprimée

(Izayi 2:2-4)

1. Leve je nou gade,

N’a wè mòn ki pi wo a.

Se mòn Jewova Dye a,

Ki byen wo jodi a.

Gen moun ki sot byen lwen,

Toupatou, sou tout tè a.

Youn di lòt: ‘Ann ale!

Ann al sèvi Jewova.’

Wi, kouny’a, se moman

Pou nasyon ki piti a vin gwo.

Akwasman sa’ fè’n wè

Jewova beni sèvitè’l yo.

Anpil moun ap vini

Pou adore Jewova.

Yo vle rete fidèl,

Yo vle soutni souvrènte’l.

2. Men lòd Jezi te bay:

Ale! Preche Pawòl la.

Mesaj Wayòm nan gaye

Toupatou jodi a.

Kouny’a, Kris nan syèl la,

L’ap dirije, l’envite

Tout moun ki tande vwa’l

Vin suiv Pawòl Bondye a.

Gad ki jan nou kontan

Pou’n wè gwo foul la k’ap ogmante!

E nou tout fè efò

Pou nou ede lòt moun konn Bondye.

Annou leve vwa nou,

N’ap rele tout moun, n’ap di:

‘Vini sou mòn Bondye a,

San nou pa fè reta.’

(Gade tou Sòm 43:3; 99:9; Iza. 60:22; Tra. 16:5.)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje