Kantik 76
Jewova, Bondye lapè a
Édition imprimée
1. Jewova, Dye lapè,
Dye lanmou, ki fè’n favè,
Tanpri, ede’n byen viv ansanm
Pou nou ka sèvi’w anpè.
Ou te bay Kris pou nou.
Nou vle koute konsèy ou.
Fè’n jwenn lapè ou pwomèt la
K’ap pwoteje lespri nou.
2. Monn nan jwenn sa’l simen.
Li chèche lapè anven.
Men, pèp ou a jwenn vrè lapè,
Ou vide’l sou li san fen.
Nou konnen sa ou vle,
Nou vle sèvi’w nètale.
Tanpri, beni efò nou yo.
Ban nou plis lapè souple.
3. Lespri’w ban nou pisans,
Pawòl ou ban’n konesans.
Ou pwoteje’n, ou gide nou
Nan monn sa’ ki san konsyans.
Ban nou lapè, tanpri,
Li kalme kè ak lespri.
Konsa, w’ap byen pwoteje kè’n,
E n’ap ka genyen lavi.
(Gade tou Sòm 4:8; Fil. 4:6, 7; 1 Tes. 5:23.)