Kantik 58
Priyè mwen fè pou m bay Bondye lavi m
Édition imprimée
1. Men kè mwen, pran li souple,
Pou’m renmen laverite.
Pran lespri’m pou’m ka sèvi’w.
Tout lavi’m m’ap obeyi’w.
2. Pran pye mwen, e pran men’m tou,
Pou yo ka sèvi’w chak jou.
Pran vwa mwen pou’l ka ba’w glwa,
Pou’l chante pou ou ki Wa.
3. Pran lavi’m, pran mwen tanpri,
Pou’m ka viv ann amoni
Ak sa’w vle, san’m pa devye,
E pou’m fè’w plezi, Bondye.
(Gade tou Sòm 40:8; Jan 8:29; 2 Kor. 10:5.)