Kantik 95
“Goute e n a wè jan Jewova bon”
Édition imprimée
(Sòm 34:8)
1. Nou kontan sèvi Jewova,
Se yon gwo privilèj pou nou.
Nou ba li tan nou, nou preche anpil,
Ret anpil moun pou’n jwenn toujou.
(REFREN)
Labib envite’n ‘goute pou’n wè...
Pou’n wè jan Jewova bon.’
Atachman pou Li fè’n jwenn byenfè,
Ann sèvi’l san distraksyon.
2. Moun ki nan sèvis aplentan
Resevwa gwo benediksyon.
Yo konnen Bondye ap byen pran swen yo,
Y’aprann kontante yo toutbon.
(REFREN)
Labib envite’n ‘goute pou’n wè...
Pou’n wè jan Jewova bon.’
Atachman pou Li fè’n jwenn byenfè,
Ann sèvi’l san distraksyon.
(Gade tou Mak 14:8; Lik 21:2; 1 Tim. 1:12; 6:6.)