BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ll 8yèm pati p. 18-19
  • Ki sa lanmò Jezi vle di pou ou?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa lanmò Jezi vle di pou ou?
  • Koute Bondye pou w viv pou toutan
  • Sou menm sijè a
  • 8yèm pati
    Koute Bondye
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Konsènan Wayòm Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
Koute Bondye pou w viv pou toutan
ll 8yèm pati p. 18-19

8YÈM PATI

Ki sa lanmò Jezi vle di pou ou?

Jezi te mouri pou nou ka gen lavi. Jan 3:16

Kèk medam k ap gade tonm kote yo te met Jezi a ki vid.

Twa jou apre lanmò Jezi, gen kèk medam ki al nan kavo kote yo te mete l la, yo jwenn li vid. Jewova te leve Jezi sot nan lanmò.

Jezi parèt devan apot li yo, e apre sa li monte nan syèl la.

Annapre, Jezi parèt devan apot li yo.

Wi, Jewova te leve Jezi pou l ba l lavi antanke yon espri ki pisan e ki pa ka mouri. Disip Jezi yo te wè l k ap monte nan syèl la.

  • Ki sa yon moun jwenn pou peche l fè? — Women 6:23.

  • Jezi bay moun posiblite pou yo gen lavi ki pap janm fini an. — Women 5:21.

Bondye te resisite Jezi e li mete l Wa nan Wayòm li an. Dànyèl 7:13, 14

Detan Jezi sou twòn li nan Wayòm nan, l ap dirije lèzòm nan paradi a sou tè a.

Jezi te bay vi l pou peye yon ranson pou limanite (Matye 20:28). Grasa ranson sa a, Bondye fè l vin posib pou nou viv pou toutan.

Jewova mete Jezi Wa pou l dirije tè a. L ap gen 144 000 moun fidèl ansanm avè l, y ap resisite pou y al viv nan syèl la. Jezi ak 144 000 moun sa yo fè pati yon gouvènman nan syèl la k ap aji avèk jistis. Gouvènman sa a se Wayòm Bondye a. — Revelasyon 14:1-3.

Wayòm Bondye a pral fè tè a tounen yon paradi. Pap gen ni lagè, ni krim, ni povrete ankò. Moun yo pral viv ak kè kontan toutbon. — Sòm 145:16.

  • Ki benediksyon Wayòm Bondye a ap pote? — Sòm 72.

  • Nou ta dwe priye pou Wayòm Bondye a vini. — Matye 6:10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje