9YÈM PATI
Ki lè Paradi a ap vini?
Pwoblèm ki gen sou tè a montre Wayòm Bondye a pa lwen pou l aji. Lik 21:10, 11; 2 Timote 3:1-5
Labib te anonse anpil bagay k ap rive jodi a. Li te di moun yo t ap renmen lajan, yo t ap dezobeyi paran yo, yo t ap sovaj, e yo t ap renmen plezi.
T ap gen gwo tranblemanntè, t ap gen lagè, t ap gen rate manje, e maladi t ap gaye. Bagay sa yo ap rive kounye la a.
Epitou, Jezi te di yo t ap gen pou preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan sou tout tè a. — Matye 24:14.
Wayòm nan pral elimine tout mechanste. 2 Pyè 3:13
Talè konsa Jewova ap detwi tout mechan.
Bondye ap pini Satan ak demon yo.
Moun ki te koute Bondye yo ap chape pou yo viv nan yon monn nouvo k ap gen jistis, kote moun pap pè ankò, moun ap fè moun konfyans e youn ap renmen lòt.