BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yp1 chap. 25 p. 178-182
  • Ki jan m ka rive sispann fè mastibasyon?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan m ka rive sispann fè mastibasyon?
  • Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa w ka fè si w santi w koupab
  • Fason pou yon moun venk mastibasyon
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Ki jan m ka sispann panse ak sèks?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Ki jan nou ka pwòp nan je Bondye?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Repons dis kesyon sou sèks
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
yp1 chap. 25 p. 178-182

CHAPIT 25

Ki jan m ka rive sispann fè mastibasyon?

“Mwen te kòmanse mastibe tèt mwen lè m te gen uit an. Annapre lè m te vin aprann sa Bondye panse sou sa, mwen te santi m koupab chak fwa mwen te tonbe nan pratik sa a. Mwen te konn mande tèt mwen: ‘Kòman Bondye ta ka fè renmen yon moun tankou m?’” — Luiz.

LÈ W nan laj kote w pral fòme, dezi seksyèl ou ka vin vrèman fò. Kòm rezilta, ou ka tonbe nan pratike mastibasyona. Gen anpil moun ki ka di se pa yon gwo pwoblèm. Yo ka di w: “Pa gen moun w ap bay pwoblèm.” Men, gen bonjan rezon pou w evite pratik sa a. Men sa apot Pòl te ekri: “Se poutèt sa, fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak [...] dezi seksyèl san kontwòl.” (Kolosyen 3:5). Lè w mastibe tèt ou, sa pap fè dezi seksyèl ou mouri men se eksite l ap eksite yo. Anplis de sa, fè yon ti reflechi sou pwen ki vin apre yo:

● Yon moun k ap mastibe tèt li se yon moun ki wè tèt li sèlman. Pa egzanp, li konsantre sou sansasyon pa l.

● Moun k ap pratike mastibasyon ka vin konsidere lòt moun kòm yon mwayen ki pèmèt li satisfè dezi seksyèl li genyen.

● Kòm lè yon moun ap pratike mastibasyon, sa fè l vin panse ak tèt li sèlman, sa ka fè lè moun sa a vin marye li ka difisil pou li menm ak konjwen l jwenn satisfaksyon nan domèn seksyèl.

Olye w lage kò w nan mastibasyon pou w ka satisfè dezi seksyèl ou genyen, l ap pi bon pou w fè gwo efò pou w metrize tèt ou (1 Tesalonisyen 4:4, 5). Pou ede w rive fè sa, premye bagay pou w fè se evite sitiyasyon ki ka leve dezi seksyèl lakay ou, jan Bib la di sa (Pwovèb 5:8, 9). Bon, e si w santi w esklav mastibasyon? Petèt ou eseye kanpe deja, men sa pa mache. Li te ka fasil pou w panse ou se yon ka pèdi, ou pa kapab viv selon prensip Bondye yo. Se konsa yon tigason ki rele Pedro te santi l. Men sa l di: “Chak fwa m te konn tonbe nan pratik sa a, mwen te santi m kraze. Mwen te panse Bondye pa t ap janm padone m pou sa m te fè a. Li te difisil pou m priye.”

Si se konsa w santi w, pa dekouraje. Ou pa yon ka pèdi. Gen anpil jèn, e gen granmoun tou, ki rive venk mastibasyon. Ou menm tou ou ka rive fè sa!

Sa w ka fè si w santi w koupab

Jan nou te deja wè sa, souvan moun ki tonbe nan pratike mastibasyon santi yo koupab. Sandout, lefètke ou “tris ann akò ak volonte Bondye”, sa ap ba w fòs pou w rive venk abitid sa a (2 Korentyen 7:11). Men, si w santi w koupab depase limit, sa ka anpeche w rive venk abitid sa a. Ou ka vin tèlman dekouraje ou jis anvi bay vag. — Pwovèb 24:10.

Donk, chèche gen ekilib nan fason w wè tèt ou. Mastibasyon se bagay ki ka fè w pa pwòp nan domèn moral. Li ka fè w vin “esklav divès kalite dezi”, e li ka fè w vin gen move pwennvi (Tit 3:3). Men, mastibasyon pa yon fòm imoralite seksyèl grav (Jid 7). Si w konn mastibe tèt ou, pa kouri panse ou fè peche ki pa gen padon an. Li enpòtan pou w reziste ak dezi w genyen e pou w pa janm bay vag!

Li fasil pou w santi w kraze lè w tonbe nan abitid sa a ankò. Lè sa rive, sonje pawòl ki nan Pwovèb 24:16 lan ki di: “Moun ki jis la ka tonbe sèt fwa, men l ap leve ankò. Men, malè ap fè mechan yo kilbite.” Lè w fè yon ti bite, sa pa vle di ou se yon moun ki mechan. Donk, pa dekouraje. Okontrè, gade sa ki te fè w tonbe a, epi eseye evite fè menm bagay la.

Pran tan pou w medite sou lanmou Bondye ak mizèrikòd li. David, youn nan moun ki te ekri Sòm yo e ki t ap goumen ak feblès li gen lakay li, te di: “Tankou yon papa ki fè pitit gason l mizèrikòd, Jewova fè moun ki gen lakrentif pou li yo mizèrikòd. Paske, li byen konnen ki jan nou fèt. Li sonje se pousyè nou ye.” (Sòm 103:13, 14). Vrèmanvre, Jewova konprann enpèfeksyon nou e li “dispoze padone” nou (Sòm 86:5). Yon lòt bò, li vle nou fè efò pou nou amelyore. Donk, ki kèk bagay pratik ou ka fè pou w venk mastibasyon?

Analize kalite divètisman w. Èske w gade fim oswa pwogram sou televizyon oswa ou vizite yon seri sit Entènèt k ap leve dezi seksyèl lakay ou? Men sa youn nan moun ki te ekri Sòm yo te mande Bondye: “Pa kite je m ret ap gade sa k pa vo anyenb.” — Sòm 119:37.

Fè efò pou lespri w konsantre sou lòt bagay. Men konsèy yon kretyen ki rele William bay: “Anvan w al dòmi, li yon bagay ki baze sou Bib la. Li vrèman enpòtan pou dènye bagay ou fè pandan jounen an se yon bagay espirityèl.” — Filipyen 4:8.

Pale ak yon moun sou pwoblèm nan. Wont ka fè li difisil pou w pale sou sijè a ak yon moun. Poutan, si w pale ak yon moun, sa ka fè w rive venk abitid sa a! Se sa yon kretyen ki rele David te fè. Men sa l di: “Mwen te pale an prive ak papa m. M pap janm bliye sa l te di m. Li te souri ban mwen epi li te di m: ‘Ou fè m kontan.’ Li te konprann jan sa te difisil pou m te vin pale avè l. Se egzakteman sa m te bezwen pou ankouraje m e sa te ranfòse detèminasyon m.

“Apre sa, papa m te montre m kèk vèsè ki ede m wè mwen pa yon ka pèdi, e li te montre m kèk lòt vèsè pou l sèten mwen te vrèman konprann sa m t ap fè a te vrèman pa bon. Li te di m ‘eseye pa fè mastibasyon pandan yon peryòd’ epi n a pale pou n wè kòman sa ye. Li te di m pinga m dekouraje si m ta tonbe ankò, e pou m eseye fè plis tan pwochen fwa a san m pa tonbe.” Ki sa David te rive konprann? Men sa l di: “Lefètke gen yon moun ki te konn pwoblèm mwen an e ki t ap ede m, sa te vrèman pwofitab pou mwenc.”

NAN LÒT CHAPIT LA

Kesyon fè sèks jis pou plezi a se pa yon bagay sanzenpòtans. Gade sa k fè sa.

[Nòt anba paj]

a Nou pa dwe konfonn mastibasyon ak dezi seksyèl ki leve lakay nou san se pa nou ki chèche sa. Pa egzanp, yon gason ka leve e li rann li kont li gen yon eksitasyon seksyèl oswa li wè li te ejakile pandan lannuit. Menm jan an tou, gen kèk fi ki konn gen eksitasyon seksyèl san se pa yo menm ki chèche sa, sitou anvan oswa apre yo gen règ. Men, mastibasyon an li menm se lè se ou menm ki chwazi eksite tèt ou.

b Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade Volim 2, chapit 33.

c Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade Volim 2, paj 239-241.

VÈSÈ KLE

“Kouri pou dezi ki natirèl lakay jèn yo, men chèche gen ladwati, lafwa, lanmou, lapè, ansanm avèk moun ki met konfyans yo nan Seyè a avèk yon kè ki pwòp.” — 2 Timote 2:22.

MEN YON IDE

Priye anvan dezi yo vin fò. Mande Jewova pou l ba w “yon pisans ki depase yon pisans nòmal” pou w ka reziste devan tantasyon. — 2 Korentyen 4:7.

ÈSKE W TE KONNEN?

Nenpòt moun ki fèb ka sede devan dezi seksyèl yo genyen. Men, fò yon gason oswa yon fi gen anpil kouraj pou l metrize tèt li menm lè l poukont li.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè pou m kenbe lespri m sou bagay ki pwòp ․․․․․

Men sa m ap fè olye m sede devan dezi m ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Poukisa li enpòtan pou w sonje Jewova “dispoze padone”? — Sòm 86:5.

● Kòm se Bondye ki kreye w ak dezi seksyèl epi li mande w pou w devlope metriz, sa k fè Bondye gen konfyans ou ka rive reyisi?

[Antrefilè nan paj 182]

“Depi lè m rive venk pwoblèm sa a, konsyans mwen klè devan Jewova e mwen pa vle fè anyen ki pou ta chanje sa!” — Sarah.

[Foto nan paj 180]

Lè w nan yon kous e w tonbe, ou pa oblije rekòmanse kous la, menm jan an tou, si w tonbe nan mastibasyon ankò sa pa efase tout pwogrè ou deja fè yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje