BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jl leson 7
  • Ki sa yo fè nan reyinyon nou yo?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa yo fè nan reyinyon nou yo?
  • Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Sou menm sijè a
  • Reyinyon ki la “pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon”
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Poukisa nou dwe reyini ansanm pou n adore?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Ki jan reyinyon Temwen Jewova yo ka ede nou?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Yon nouvo reyinyon ki rele Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen
    Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
Gade plis
Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
jl leson 7

LESON 7

Ki sa n fè nan reyinyon nou yo?

Yon reyinyon Temwen Jewova yo fè nan peyi Nouvèl Zelann.

Nouvèl Zelann

Yon reyinyon Temwen Jewova yo fè nan peyi Japon.

Japon

Yon jèn Temwen k ap li Labib nan peyi Ouganda.

Ouganda

De Temwen nan peyi Lityani k ap montre ki jan yo pale ak moun sou Bib la.

Lityani

Nan reyinyon kretyen yo te konn òganize nan premye syèk la, yo te konn chante kantik, priye, li Pawòl Bondye a epi pale sou sa yo li a. Yo pa t konn fè okenn seremoni (1 Korentyen 14:26). Se menm bagay la nou fè nan reyinyon nou yo tou.

Nou bay enstriksyon ki soti nan Bib la e ki itil. Nan fen semèn nan, chak kongregasyon reyini pou koute yon Diskou biblik ki dire 30 minit ki pale sou fason Bib la gen rapò ak lavi nou ansanm ak epòk n ap viv la. Yo ankouraje nou tout pou nou li vèsè y ap li yo nan bib nou. Apre diskou a, yo fè Etid “Toudegad” ki dire inèdtan. Yo egzamine yon sijè nan Toudegad ki gen atik etid yo e yo envite moun nan kongregasyon an pou yo fè kòmantè. Etid sa a ede n aplike konsèy Bib la bay yo nan lavi nou. Gen plis pase 110 000 kongregasyon sou tè a ki egzamine menm atik etid la.

Nou jwenn enstriksyon ki fè n vin pi bon anseyan. Nou konn reyini nan yon jou nan semèn nan tou pou n suiv yon pwogram ki gen twa pati ki rele Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen. Li baze sou sa ki nan yon dokiman nou resevwa chak mwa ki se Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè. Premye pati reyinyon sa a se Trezò ki nan Pawòl Bondye a. Nan pati sa a, yo ede n byen konprann pòsyon nan Bib la frè ak sè nan kongregasyon an te gen pou yo li alavans. Ansuit, gen pati Byen prepare w pou travay predikasyon an, ladan l gen demonstrasyon ki montre n fason pou n pale sou Bib la ak lòt moun. Epi gen yon frè ki ban nou kèk konsèy pou ede n amelyore kapasite nou genyen pou n li e pou n pale (1 Timote 4:13). Denyè pati a se Lavi nou antanke kretyen, ladan l yo egzamine fason pou n aplike prensip ki nan Bib la yo nan lavi nou chak jou e yo fè yon etid sou fòm kesyon ak repons ki ede n pi byen konprann Bib la.

Pa gen dout, lè w vin asiste reyinyon nou yo, w ap sezi wè valè bon ansèyman w ap jwenn nan Bib la. — Ezayi 54:13.

  • Ki sa w panse w pral tande nan reyinyon Temwen Jewova yo?

  • Ki pwochen reyinyon w ta renmen asiste?

CHÈCHE KONN PLIS

Egzamine kèk sijè yo pral prezante nan pwochen reyinyon n pral genyen yo. Note kèk bon bagay ou pral aprann nan Bib la k ap itil ou nan lavi w ap mennen toulejou a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje