BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • fg leson 1 kesyon 1-3
  • Ki sa bon nouvèl la ye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa bon nouvèl la ye?
  • Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa w dwe kite Bondye anseye w?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Ki objektif Bondye gen pou tè a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Ki objektif Bondye gen pou tè a?
    Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Bon nouvèl Bondye bay la!
fg leson 1 kesyon 1-3

LESON 1

Ki sa bon nouvèl la ye?

1. Ki nouvèl Bondye bay la?

Moun k ap jwi lavi a sou tè a.

Bondye vle pou moun viv sou tè a ak kè kontan. Li te kreye tè a ak tout sa ki sou li paske li renmen lèzòm. Talè konsa, li pral aji pou l pèmèt moun nan tout peyi gen yon pi bon avni. Li pral retire tout sa ki lakòz lèzòm soufri. — Li Jeremi 29:11.

Pa gen okenn gouvènman ki janm reyisi elimine vyolans, maladi oswa lanmò. Men, gen yon bon nouvèl. Talè konsa, Bondye pral ranplase tout gouvènman lèzòm yo ak pwòp gouvènman pa l la. Moun ki pral viv anba dominasyon gouvènman sa a ap gen lapè ak lasante. — Li Ezayi 25:8; 33:24; Dànyèl 2:44.

2. Poukisa bon nouvèl la enpòtan anpil jodi a?

Se lè Bondye fin retire tout move moun sou tè a soufrans ap fini (Sofoni 2:3). Ki lè sa ap fèt? Pawòl Bondye a te deja anonse sitiyasyon n ap viv kounye a ki mete lavi lèzòm an danje. Evènman k ap rive jounen jodi a montre moman Bondye pral aji a toupre rive. — Li 2 Timote 3:1-5.

3. Ki sa nou dwe fè?

Nou dwe sèvi ak Pawòl Bondye a, Labib, pou nou aprann konn Bondye. Labib tankou yon lèt yon papa ki renmen pitit li voye ba li. Li di nou ki jan pou nou viv pi byen depi kounye a e ki jan pou nou gen lavi ki pap janm fini an sou tè a alavni. Se vre, kèk moun ka pa kontan lefètke w jwenn èd pou w konprann Bib la. Men, okazyon sa a ou jwenn pou w gen yon pi bon lavi demen twò bèl pou w kite l pase. — Li Pwovèb 29:25; Revelasyon 14:6, 7.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje