BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • fg leson 6 kesyon 1-5
  • Ki espwa ki genyen pou moun ki mouri yo?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki espwa ki genyen pou moun ki mouri yo?
  • Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa defen nou te renmen yo devni ?
    Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
  • Ki sa k rive lè yon moun mouri?
    Koute gran Anseyan an
  • Yon espwa reyèl pou moun pa nou yo ki mouri
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Ki espwa ki genyen pou moun nou yo ki mouri ?
    Ki espwa ki genyen pou moun nou yo ki mouri?
Gade plis
Bon nouvèl Bondye bay la!
fg leson 6 kesyon 1-5

LESON 6

Ki espwa ki genyen pou moun ki mouri yo?

1. Ki bon nouvèl ki genyen konsènan moun ki mouri yo?

Mat ak Mari, sè Laza yo k ap akeyi Laza ki tounen ap viv ankò.

Lè Jezi te rive Betani, toupre Jerizalèm, Laza, zanmi l lan, te gentan gen kat jou depi l mouri. Jezi ansanm ak Mat ak Mari, sè Laza yo, te ale kote yo te antere misye a. Menm kote a, gen yon foul moun ki rasanble. Èske w ka imajine jan Mat ak Mari te kontan lè Jezi te fè Laza retounen vivan ankò? — Li Jan 11:21-24, 38-44.

Mat te deja konn bon nouvèl konsènan moun ki mouri yo. Li te konnen Jewova pral resisite moun ki mouri yo pou yo viv sou tè a ankò. — Li Jòb 14:14, 15.

2. Nan ki kondisyon moun ki mouri yo ye?

Lè Bondye te kreye Adan, lè Adan mouri.

Bondye te di Adan: “Se pousyè w ye, w ap retounen nan pousyè.” — JENÈZ 3:19.

Lòm fèt ak pousyè (Jenèz 2:7; 3:19). Nou pa yon seri espri k ap viv nan kò moun. Nou se moun ki fèt ak chè, donk, pa gen okenn pati nan nou ki ret vivan lè nou mouri. Lè yon moun mouri, sèvo l mouri tou, e panse l peri. Se sa k fè Laza pa t di anyen sou sa k te pase lè l te mouri a, paske lè yon moun mouri li pa konn anyen. — Li Sòm 146:4; Eklezyas 9:5, 6, 10.

Èske Bondye mete moun nan dife apre yo fin mouri pou l toumante yo? Kòm Labib fè konnen moun ki mouri yo pa konn anyen, li klè kesyon dife lanfè a se yon fo ansèyman k ap bay manti sou Bondye. Menm lide pou l ta panse toumante moun nan dife se yon bagay ki detestab pou li. — Li Jeremi 7:31.

Gade videyo Nan ki kondisyon moun ki mouri yo ye?

3. Èske moun ki mouri yo ka pale avèk nou?

Moun ki mouri yo pa ka ni pale ni tande (Sòm 115:17). Men, gen kèk zanj ki mechan. Yo ka pale ak moun pou fè yo konprann se ak moun mouri y ap pale (2 Pyè 2:4). Jewova pa vle nou chèche pale ak mò. — Li Detewonòm 18:10, 11.

4. Kiyès k ap retounen viv ankò?

Imaj yon mesye ki tounen ap viv ankò ki nan Paradi a e k ap aprann konn Bondye. Apre sa, mesye a ap ede lòt moun ki retounen ap viv yo tou.

Gen plizyè milyon moun mouri ki pral retounen viv ankò sou tè a. Pami moun k ap resisite yo, ap menm gen kèk moun ki pa t konn Bondye e ki te konn fè move bagay. — Li Lik 23:43; Travay 24:15.

Moun ki pral resisite yo ap kapab aprann laverite sou Bondye e y ap ka demontre lafwa nan Jezi lè yo obeyi l (Revelasyon 20:11-13). Moun k ap retounen viv ankò yo e ki pral fè bon bagay ap ka gen lavi pou toutan sou tè a. — Li Jan 5:28, 29.

5. Ki sa rezirèksyon an aprann nou sou Jewova?

Gen espwa pou moun ki mouri yo paske Bondye te voye Pitit li a vin mouri pou nou. Kidonk, rezirèksyon an fè nou konnen Jewova gen lanmou e li fè nou yon favè san parèy. Lè mò yo pral retounen viv ankò, kiyès w ap plis anvi wè? — Li Jan 3:16; Women 6:23.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 6, 7 ak 10 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje