BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • fg leson 10 kesyon 1-4
  • Ki jan w ka rekonèt vrè relijyon an?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan w ka rekonèt vrè relijyon an?
  • Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan w ka rekonèt adorasyon ki kòrèk la?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Adorasyon Bondye apwouve
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Kouman pou w jwenn vrè relijyon an ?
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • Yon sèl fason ki bon pou n adore Bondye
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
Gade plis
Bon nouvèl Bondye bay la!
fg leson 10 kesyon 1-4

LESON 10

Ki jan w ka rekonèt vrè relijyon an?

1. Èske se yon sèl vrè relijyon ki genyen?

Jezi k ap anseye.

“Fè atansyon ak fo pwofèt yo.” — MATYE 7:15.

Jezi te anseye disip li yo yon sèl relijyon, vrè relijyon an. Vrè relijyon an tankou yon wout ki mennen nan lavi ki pap janm fini an. Jezi te di: “Se kèk grenn moun ki jwenn” wout sa a (Matye 7:14). Sèl adorasyon Bondye aksepte se adorasyon ki baze sou Pawòl li a, Pawòl verite a. Tout vrè adoratè yo ini nan yon sèl lafwa. — Li Jan 4:23, 24; 14:6; Efezyen 4:4, 5.

Gade videyo Èske Bondye aksepte tout relijyon?

2. Ki sa Jezi te di anrapò ak fo kretyen yo?

Yon chèf relijye k ap pale nan yon legliz. Annapre l ap beni sòlda k ap fè lagè.

“An piblik, yo deklare yo konnen Bondye, men yo nye l nan aksyon yo.” — TIT 1:16.

Jezi te fè konnen gen fo pwofèt ki t ap kòwonp krisyanis la. Pa deyò, yo sanble ak moun k ap adore Bondye toutbon. Legliz moun sa yo ladan yo fè kwè se legliz kretyen yo ye. Men, ou ka wè ki sa moun sa yo ye toutbon. Kòman? Se sèl vrè relijyon an ki bay bonjan kretyen. Moun rive rekonèt kretyen sa yo grasa bèl kalite yo genyen ak fason yo aji. — Li Matye 7:13-23.

3. Ki jan w ka rekonèt vrè adoratè yo?

Ann egzamine senk bagay k ap fè nou rekonèt yo:

  • Vrè adoratè yo respekte Bib la antanke Pawòl Bondye. Yo fè efò pou yo viv selon prensip ki ladan l yo. Donk, vrè relijyon an pa menm ak relijyon ki baze sou ide lèzòm yo (Matye 15:7-9). Vrè adoratè yo pa preche yon bagay epi yo fè yon lòt. — Li Jan 17:17; 2 Timote 3:16, 17.

  • Yon frè k ap bay yon diskou ki baze sou Bib la. Annapre l ap preche sou wayòm Bondye a, li bay kout men nan travay pote sekou epi l ap ede moun ki granmoun.

    Vrè disip Jezi yo onore non Bondye, Jewova. Jezi te onore non Bondye lè l te fè moun konn non sa a. Li te ede moun yo konn Bondye e li te aprann yo priye pou non Bondye vin sen (Matye 6:9). Nan zòn kote w rete a, ki relijyon ou wè ki fè moun konn non Bondye? — Li Jan 17:26; Women 10:13, 14.

  • Vrè kretyen yo preche konsènan Wayòm Bondye a. Bondye te voye Jezi preche bon nouvèl Wayòm nan. Se Wayòm Bondye a ki sèl espwa pou limanite. Jezi te kontinye pale konsènan Wayòm Bondye a rive jis jou l mouri a (Lik 4:43; 8:1; 23:42, 43). Li te di disip li yo t ap gen pou yo preche konsènan Wayòm Bondye a. Si yon moun vin pale avè w konsènan Wayòm Bondye a, nan ki relijyon sandout moun sa a ye? — Li Matye 24:14.

  • Disip Jezi yo pa fè pati monn mechan sa a. Ou ka rekonèt yo paske yo pa patisipe ni nan politik ni nan konfli sosyal ki genyen yo (Jan 17:16; 18:36). Epitou, yo pa imite ni move bagay k ap fèt nan monn nan ni move atitid moun nan monn nan genyen. — Li Jak 4:4.

  • Vrè kretyen yo gen anpil lanmou youn pou lòt. Grasa Pawòl Bondye a, yo aprann respekte moun tout ras. Souvan, fo relijyon yo bay lagè nasyon yo ap fè yo anpil jarèt, men vrè adoratè yo refize fè sa (Miche 4:1-3). Okontrè, vrè kretyen yo itilize tan yo ak sa yo genyen pou yo ede lòt moun e pou yo ankouraje yo, san se pa yon enterè y ap defann. — Li Jan 13:34, 35; 1 Jan 4:20.

4. Èske w ka rekonèt ki relijyon ki vrè relijyon an?

Ki relijyon ki baze tout ansèyman l sou Pawòl Bondye a, ki onore non Bondye e k ap fè konn Wayòm Bondye a kòm sèl espwa pou limanite? Ki gwoup moun ki demontre lanmou e ki pa patisipe nan lagè? Sa w panse? — Li 1 Jan 3:10-12.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 15 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje